< 1 Istwa 14 >

1 Alò Hiram, wa Tyr a, te voye mesaje yo kote David avèk bwa sèd yo, mason ak chapant pou bati yon kay pou li.
И послал Хирам, царь Тирский, к Давиду послов, и кедровые деревья, и каменщиков, и плотников, чтобы построить ему дом.
2 Epi David te vin rekonèt ke SENYÈ a te etabli li kon wa sou Israël, epi ke wayòm li te a egzalte byen wo pou koz pèp li a, Israël.
Когда узнал Давид, что утвердил его Господь царем над Израилем, что вознесено высоко царство его, ради народа его Израиля,
3 David te pran plis madanm Jérusalem, e David te vin papa a plis fis ak fi.
тогда взял Давид еще жен в Иерусалиме, и родил Давид еще сыновей и дочерей.
4 Sila yo se non a pitit ki ne a li menm Jérusalem yo: Schammau, Schobab, Nathan, Salomon,
И вот имена родившихся у него в Иерусалиме: Самус, Совав, Нафан, Соломон,
5 Jibhar, Élischua, Elphéleth,
Евеар, Елисуа, Елфалет,
6 Noga, Népheg, Japhia,
Ногах, Нафек, Иафиа,
7 Élischama, Beéliada ak Éliphéleth.
и Елисама, Веелиада и Елифалеф.
8 Lè Filisten yo te tande ke David te onksyone wa sou tout Israël, tout Filisten yo te monte pou rankontre David. Lè David te tande sa li te sòti kont yo.
И услышали Филистимляне, что помазан Давид в царя над всем Израилем, и поднялись все Филистимляне искать Давида. И услышал Давид об этом и пошел против них.
9 Alò, Filisten yo te vini e te fè yon atak nan vale Rephaïm nan.
И Филистимляне пришли и расположились в долине Рефаимов.
10 David te mande Bondye, epi te di: “Èske mwen dwe monte kont Filisten yo? Èske Ou va livre yo nan men m?” SENYÈ a te di li: “Monte, paske Mwen va livre yo nan men ou.”
И вопросил Давид Бога, говоря: идти ли мне против Филистимлян, и предашь ли их в руки мои? И сказал ему Господь: иди, и Я предам их в руки твои.
11 Konsa, yo te rive monte Baal-Peratsim, e David te bat yo la. David te di: “Bondye te kraze lènmi mwen yo pa men mwen kon dlo k ap pete.” Pou sa, yo te rele plas sa a Baal-Peratsim.
И пошли они в Ваал-Перацим, и поразил их там Давид; и сказал Давид: сломил Бог врагов моих рукою моею, как прорыв воды. Посему и дали имя месту тому: Ваал-Перацим.
12 Yo te abandone dye pa yo la. David te bay lòd pou yo te brile yo avèk dife.
И оставили там Филистимляне богов своих, и повелел Давид, и сожжены они огнем.
13 Filisten yo te fè yon lòt atak nan vale a.
И пришли опять Филистимляне и расположились по долине.
14 David te mande a Bondye ankò e Bondye te di li: “Ou pa pou monte kont yo. Ansèkle yo pa dèyè e vini sou yo devan pye balzam yo.
И еще вопросил Давид Бога, и сказал ему Бог: не ходи прямо на них, уклонись от них и иди к ним со стороны тутовых дерев;
15 Li va vin rive ke lè ou tande son mache a nan tèt pye balzam yo, alò, ou va sòti nan batay la; paske Bondye va gen tan sòti devan ou pou frape lame Filisten yo.”
и когда услышишь шум как бы шагов на вершинах тутовых дерев, тогда вступи в битву, ибо вышел Бог пред тобою, чтобы поразить стан Филистимлян.
16 David te fè menm sa ke Bondye te kòmande li. Yo te frape desann lame Filisten yo soti Gabaon jis rive menm nan Guézer.
И сделал Давид, как повелел ему Бог; и поразили стан Филистимский, от Гаваона до Газера.
17 Rekonesans a David te sòti rive nan tout peyi yo, epi SENYÈ a te mennen lakrent li sou tout nasyon yo.
И пронеслось имя Давидово по всем землям, и Господь сделал его страшным для всех народов.

< 1 Istwa 14 >