< 1 Istwa 11 >
1 Epi tout Israël te reyini kote David nan Hébron. Yo te di: “Gade byen, nou se zo ou ak chè ou.
Entonces todo Israel se reunió con David en Hebrón, diciendo: “He aquí que somos tu hueso y tu carne.
2 Nan tan pase yo, menm lè Saül te wa, se te ou menm ki te mennen Israël sòti ak antre. Epi konsa, SENYÈ a, Bondye ou a, te di ou: ‘Ou va bèje pèp Israël Mwen an, e ou va Prens sou pèp Mwen an, Israël.’”
En tiempos pasados, cuando Saúl era rey, fuiste tú quien sacó y trajo a Israel. El Señor, tu Dios, te dijo: ‘Tú serás el pastor de mi pueblo Israel, y tú serás el príncipe de mi pueblo Israel’”.
3 Pou sa, tout ansyen nan Israël yo te vin kote wa a Hébron e David te fè yon akò avèk yo Hébron devan SENYÈ a. Epi yo te onksyone David Wa sou Israël, selon pawòl SENYÈ a te pwononse pa Samuel la.
Así que todos los ancianos de Israel vinieron a ver al rey a Hebrón, y David hizo un pacto con ellos en Hebrón ante Yahvé. Ungieron a David como rey de Israel, según la palabra de Yahvé por medio de Samuel.
4 Konsa, David, avèk tout Israël te ale Jérusalem (sa vle di, Jébus). Jebizyen ki te abite nan peyi yo te la.
David y todo Israel se dirigieron a Jerusalén (también llamada Jebús), y los jebuseos, habitantes de la tierra, estaban allí.
5 Pèp Jébus la te di a David: “Ou p ap antre isit la.” Malgre sa, David te kaptire fò a Sion an (sa vle di, vil David la).
Los habitantes de Jebús dijeron a David: “¡No entrarás aquí!” Sin embargo, David tomó la fortaleza de Sión. La misma es la ciudad de David.
6 Alò, David te pale avan: “Nenpòt moun ki touye yon Jebizyen avan, se li k ap chèf e kòmandan.” Se te Joab, fis a Tseruja a ki te monte avan; konsa li te devni chèf.
David había dicho: “El que ataque primero a los jebuseos será jefe y capitán”. Joab, hijo de Sarvia, subió primero y fue nombrado jefe.
7 Answit, David te rete nan fò a; pou sa, li te vin rele lavil David la.
David vivía en la fortaleza; por eso la llamaban la ciudad de David.
8 Li te bati vil toutotou li, soti nan Millo menm pou rive nan tout zòn ki te antoure li yo; epi Joab te repare tout rès vil la.
Él edificó la ciudad por todas partes, desde Millo hasta los alrededores; y Joab reparó el resto de la ciudad.
9 David te vin pi gran e pi gran, paske SENYÈ a dèzame yo te avèk li.
David crecía cada vez más, porque el Señor de los Ejércitos estaba con él.
10 Alò, sila yo se chèf an tèt yo, mesye gran pwisans ke David te genyen yo, ki te bay li soutyen fò nan wayòm li a, pou fè l vin wa, selon pawòl a SENYÈ a pa Israël.
Estos son los principales de los valientes que tenía David, que se mostraron fuertes con él en su reino, junto con todo Israel, para hacerlo rey, según la palabra de Yahvé sobre Israel.
11 Sila yo se chif a mesye gran pwisans ke David te genyen yo: Jaschobeam, fis a yon Akmoni, chèf a trant lan. Li te parèt ak yon sèl lans devan twa-san òm e te touye tout yon sèl kou.
Este es el número de los valientes que tenía David Jashobeam, hijo de un hakmonita, jefe de los treinta; alzó su lanza contra trescientos y los mató a la vez.
12 Apre li, se te Éléazar, fis a Dodo a, Achochit la, youn nan twa prensipal mesye pwisan yo.
Después de él estaba Eleazar, hijo de Dodo, ahohita, que era uno de los tres valientes.
13 Li te avèk David nan Pas-Damimim lè Filisten yo te rasanble ansanm la pou batay e te gen yon mòso tè plen avèk lòj; epi pèp la te sove ale devan Filisten yo.
Estaba con David en Pasdammim, y allí se reunieron los filisteos para combatir, donde había un terreno lleno de cebada; y el pueblo huyó de delante de los filisteos.
14 Yo te kanpe pran plas yo nan mitan mòso tè a pou te defann li e li te touye Filisten yo; epi SENYÈ a te delivre yo avèk yon gran viktwa.
Se pusieron en medio de la parcela, la defendieron y mataron a los filisteos; y el Señor los salvó con una gran victoria.
15 Alò, twa nan trant mesye chèf yo te desann vè wòch kav Adullam nan, pandan lame Filisten yo t ap fè kan nan vale Rephaïm nan.
Tres de los treinta jefes bajaron a la roca a David, a la cueva de Adulam; y el ejército de los filisteos estaba acampado en el valle de Refaim.
16 Konsa, David te anndan fò a pandan lame Filisten an te Bethléem.
David estaba entonces en la fortaleza, y la guarnición de los filisteos estaba en Belén en ese momento.
17 David te gen yon lanvi, epi te di: “O ke yon moun ban m dlo pou bwè soti nan pwi Bethléem ki akote pòtay la!”
David anhelaba y decía: “¡Oh, si alguien me diera de beber agua del pozo de Belén, que está junto a la puerta!”
18 Konsa, twa mesye sa yo te antre nan kan Filisten yo, te rale dlo soti nan pwi Bethléem ki te akote pòtay la e te pran li pou te pote l bay David. Sepandan, David te refize bwè l, men te vide li bay SENYÈ a.
Los tres atravesaron el ejército de los filisteos y sacaron agua del pozo de Belén que estaba junto a la puerta, la tomaron y se la llevaron a David; pero éste no quiso beberla, sino que la derramó a Yahvé,
19 Konsa, li te di: “Lwen de mwen devan Bondye mwen an pou m ta fè sa. Èske mwen ta bwè san a mesye sila yo ki te riske lavi yo? Paske se avèk gwo danjè lavi yo menm ke yo te pote li.” Pou sa, li te refize bwè l. Se bagay sila yo ke twa mesye pwisan yo te fè.
y dijo: “¡Mi Dios me prohíbe que haga esto! ¿He de beber la sangre de estos hombres que han puesto su vida en peligro?” Pues arriesgaron sus vidas para traerla. Por eso no quiso beberla. Los tres hombres poderosos hicieron estas cosas.
20 Epi Abischaï, frè a Joab la te chèf a trant yo ke li te ye e li te voye lans li kont twa san moun e te touye yo. Li te rekonèt menm jan kon trant yo.
Abisai, hermano de Joab, era el jefe de los tres, pues levantó su lanza contra trescientos y los mató, y tenía un nombre entre los tres.
21 Nan trant yo se te li ki te pi rekonèt e te devni kòmandan pa yo; men li pa t rive nan nivo a twa sila yo.
De los tres, él era más honorable que los dos, y fue nombrado su capitán; sin embargo, no fue incluido entre los tres.
22 Benaja, fis a Jehojada a, fis a yon mesye gwo kouraj nan Kabtseel, pwisan nan zèv li yo, te frape touye de fis a Ariël yo, Moabit la. Anplis, li te desann touye yon lyon anndan yon fòs nan yon jou ke lanèj t ap tonbe.
Benaía, hijo de Joiada, hijo de un valiente de Kabzeel, que había hecho obras poderosas, mató a los dos hijos de Ariel de Moab. También bajó y mató a un león en medio de un pozo en un día de nieve.
23 Li te touye yon Ejipsyen, yon nonm gran wotè a senk koude. Alò, nan men Ejipsyen an, te gen yon lans tankou shaf a aparèy tise a; men li te desann kote li avèk yon baton, te sezi lans lan soti nan men Ejipsyen an e te touye li avèk pwòp lans pa li a.
Mató a un egipcio, un hombre de gran estatura, de cinco codos de altura. En la mano del egipcio había una lanza como la de un telar; y él bajó hacia él con un bastón, arrancó la lanza de la mano del egipcio y lo mató con su propia lanza.
24 Bagay sa yo Benaja, fis a Jehojada a te fè e te byen koni menm jan ak twa mesye pwisan yo.
Benaía, hijo de Joiada, hizo estas cosas y tuvo un nombre entre los tres valientes.
25 Gade byen, li te byen onore pami trant yo, men li pa t rive nan nivo a twa sila yo. Konsa, David te apwente l sou gad pa li.
Era más honorable que los treinta, pero no llegó a los tres; y David lo puso al frente de su guardia.
26 Alò, mesye pwisan lame yo te Asaël, frè Joab, Elchanan, fis a Dodo nan Bethléem,
Entre los valientes de los ejércitos se encuentran también Asahel hermano de Joab, Elhanán hijo de Dodo de Belén,
27 Schammoth, Aworit la, Hélets, Palonit la,
Sammot harorita, Helez pelonita,
28 Ira, fis a Ikkesch la, Tekoatyen an, Abiézer, Anatotit la.
Ira hijo de Ikkesh tekoita, Abiezer anatotita,
29 Sibbecaï, Oushatit la, Ilaï, Achoachit la,
Sibecai husatita, Ilai ahohita,
30 Maharaï, Netofayit la, Héled, fis a Baana a, Netofayit la,
Maharai netofatita, Heled hijo de Baana netofatita,
31 Ithaï, fis a Ribaï a, Gibityen ki sòti nan fis a Benjamin yo, Benaja ak Pirathon.
Itai hijo de Ribai de Gabaa de los hijos de Benjamín, Benaía el Piratonita,
32 Huraï a ti dlo a Gaash yo, Abie ak Araba.
Hurai de los arroyos de Gaas, Abiel el Arbateo,
33 Azmaveth, Bacharumit la, Éliachba, Shaalbonit lan,
Azmaveth el Baharumita, Eliahba el Shaalbonita,
34 Bené-Hasdchem, Gizonit lan, Jonathan, fis a Schagué a, Ararit la.
los hijos de Hashem el Gizonita, Jonatán hijo de Shagee el Hararita,
35 Achiam, fis a Sacar a, Ararit la, Éliphal, fis a Ur a,
Ahiam hijo de Sacar el Hararita, Elifal hijo de Ur,
36 Hépher, a Mekeratit la, Achija, Palonit lan,
Hepher el Mequeratita, Ahijah el Pelonita,
37 Hetsro, Kamelit la, Naaraï, fis a Ebzaï a.
Hezro el carmelita, Naarai el hijo de Ezbai,
38 Joël, frè a Nathan an, Mibchar, fis a Hagri a,
Joel el hermano de Natán, Mibhar el hijo de Hagri,
39 Tsélek, Amonit lan, Nachraï, Bewotit ki te pote zam pou Joab yo, fis a Tseruja a.
Zelek el amonita, Naharai el berotita (el portador de la armadura de Joab el hijo de Zeruiah),
40 Ira, Jeterit la, Gareb, Jeterit la,
Ira el itrita, Gareb el itrita,
41 Urie, Etyen an, Zabad, fis a Achlaï a.
Urías el hitita, Zabad el hijo de Ahlai,
42 Adina, fis a Schiza a, Ribenit lan, chèf a Ribenit yo ak trant ki te avè l yo.
Adina el hijo de Shiza el rubenita (un jefe de los rubenitas), y treinta con él,
43 Hanan, fis a Maaca a, Josaphat, Mitnit lan,
Hanan hijo de Maacah, Josafat mitnita,
44 Ozias, Ashtawotit la, Schama avèk Jehiel, fis a Hotham yo, Awoerit la,
Uzia asterita, Shama y Jeiel hijos de Hotham aroerita,
45 Jediaël, fis a Schimri a, Jocha, frè li, Titsit la,
Jediael hijo de Shimri, y Joha su hermano tizita,
46 Éliel, Machavimit lan, Jeribaï avèk Joschavia, fis a Elnaam yo, Jithma, Moabit la,
Eliel mahavita, Jeribai y Josavita, hijos de Elnaam, e Ithmah moabita,
47 Éliel, Obed ak Jaasiel-Metsobaja.
Eliel, Obed y Jaasiel mezobaita.