< Chante Salomon 4 >

1 Ala bèl ou bèl, anmòrèz mwen! Ala bèl ou bèl dèyè vwal ki sou tèt ou a! Je ou yo ou ta di de ti pijon. Cheve ou yo ap danse tankou yon bann kabrit k'ap kouri desann sou mòn Galarad.
A la ou bèl, cheri mwen an, a la ou bèl! Zye ou tankou toutrèl dèyè vwal ou; cheve ou tankou yon bann kabrit ki fin desann sòti Mòn Galaad.
2 Dan ou yo blan tankou mouton yo fèk sot benyen apre yo fin koupe lenn sou do yo. Ou pa manke yonn ladan yo. Tout dan anwo yo mache ak dan anba yo.
Dan ou tankou yon bann mouton ak lenn fenk taye ki sot benyen. Yo tout fè pòtre jimo yo, ni youn nan yo pa pèdi pitit li.
3 Po bouch ou, ou ta di yon bèl ti riban wouj. Se bèl plezi pou tande w'ap pale! De bò figi ou yo ou ta di de bò grenad anba vwal ou a.
Lèv ou tankou fisèl wouj e bouch ou tèlman bèl. De bò figi ou tankou yon tranch grenad dèyè vwal ou.
4 Kou ou kanpe tankou bèl fò won David la, kote yo kenbe depo zam yo. Se la vanyan sòlda yo vin pandye mil plak fè pwotèj.
Kou ou tankou fò David la, bati ak wòch byen ranje sou sila yo mete mil boukliye yo, tout boukliye won a mesye pwisan yo.
5 Tete ou yo doubout tankou de ti gazèl, tankou de ti gazèl menm fòs, menm pòte k'ap manje nan jaden flè.
De tete ou tankou de jèn ti antilòp; jimo manman k ap chache manje pami flè lis yo.
6 M'ap rete sou mòn mant lan, sou ti bit lansan an jouk bajou kase, jouk solèy leve.
Jiskaske jou a bese pou l vin fre e lonbraj yo vin disparèt, mwen va trase chemen mwen rive nan mòn fèy bazilik la, ak nan kolin lansan an.
7 Ou pa manke bèl, anmòrèz mwen! Depi nan pwent zòtèy ou jouk nan pwent cheve ou, ou san defo!
Ou fin bèl nèt, cheri mwen an, e nanpwen defo nan ou.
8 Ann al avè m' non! Ann desann mòn Liban an, fiyanse mwen! Ann desann mòn Liban an! N'ap rete sou tèt mòn Amana, sou mòn Seyi ak sou mòn Emon kote lyon ak leyopa rete, n'ap gade plenn lan anba.
Vin avè m soti Liban, fi maryaj mwen an; m bezwen ou vini avè m sòti Liban. Vwayaje desann soti nan wo pwent Amana, soti nan wo pwent Mòn Senir ak Hermon; soti nan kav lyon yo, nan mòn a leyopa yo.
9 Sò mwen, bèl nègès mwen, ou annik gade m' yon fwa, ou fè m' pèdi lòlòj mwen. M' annik wè yonn nan bèl ti chenn nan kou ou yo, m' pèdi tèt mwen.
Ou fè kè m bat pi vit sè mwen, fi maryaj mwen an; ou te fè kè m bat pi vit ak yon sèl ti kout zye tou kout, ak yon sèl bout fisèl nan kolye ou.
10 Ala dous karès ou yo dous, sò mwen, bèl nègès mwen! Karès ou yo pi dous pase siwo myèl. Sant kò ou pi bon pase tout kalite fèy santi bon.
A la bèl lanmou ou bèl, sè mwen an, fi a maryaj mwen an! A la pi bon lanmou ou pi bon pase diven e bon odè a lwil ou depase tout kalite epis!
11 Bouch ou gen gou siwo myèl, bèl nègès mwen! Anba lang ou menm, se lèt ak siwo myèl. Rad sou ou gen menm sant ak rakbwa mòn Liban an.
Lèv ou, fi a maryaj mwen an, gen gou siwo myèl; siwo myèl ak lèt anba lang ou. Bon odè vètman ou tankou bon odè Liban an.
12 Sò mwen, bèl nègès mwen, ou tankou yon jaden kache, yon sous dlo yo fèmen dèyè miray, yon fontenn yo sele.
Yon jaden fèmen ak kle se sè mwen, fi a maryaj mwen; yon jaden wòch ki fèmen, yon fontèn dlo ki ansèkle.
13 Ou tankou yon jaden fre kote pye grenad ap grandi. Y'ap bay bèl grenad byen dous. Ou tankou yon jaden kote yo jwenn jasmen ak ti bonm,
Boujon ou se yon chan kiltive ak pye grenad, ak fwi chwazi, pye jasmen ak ti bonm;
14 tibonm ak safran, sitwonèl ak kannèl ak tout kalite pyebwa ki bay lansan, lami ak lalwa, ansanm ak tout kalite plant ki gen bon sant.
ti bonm ak safran, sitwonèl ak kannèl, ak tout bwa lansan yo, lami ak lalwa, ansanm ak tout meyè kalite epis yo.
15 Fontenn jaden mwen an, se yon sous dlo k'ap koule desann byen fre soti nan mòn Liban an.
Ou menm se yon sous jaden, yon pwi dlo fre ak ti ravin dlo k ap kouri soti Liban.
16 Van nòde, leve non! Van swèt, kouri vini soufle sou jaden mwen an! Plen lè a ak bon sant. Vini non, mennaj mwen! Antre nan jaden ki pou ou a! Manje nan pi bon fwi yo!
Leve, o van nan nò a, e vini van nan sid! Fè jaden mwen respire ak souf bon odè; kite epis li yo vante gaye toupatou. Ke cheri mwen an vin nan jaden li an pou manje tout fwi chwa li yo.

< Chante Salomon 4 >