< Revelasyon 20 >
1 Apre sa, mwen wè yon zanj desann soti nan sièl la. Li te kenbe kle gwo twou san fon an nan men l' ansanm ak yon gwo chenn. (Abyssos )
And I saw an angel coming down from heaven, having the key of the bottomless pit, and a great chain in his hand. (Abyssos )
2 Li pran dragon an, sèpan ki la depi lontan an, sa yo rele diab la, osinon Satan, li mete l' nan chenn pou mil (1.000) an.
And he laid hold on the dragon the old serpent, which is the devil and Satan, and bound him for a thousand years.
3 Zanj lan voye l' jete nan gwo twou san fon an, li fèmen twou a akle, epi li poze sele sou li. Konsa, dragon an p'ap kapab pran tèt nasyon yo toutotan mil (1.000) lanne pa fin pase. Apre sa, yo gen pou yo lage l' ankò pou yon ti tan. (Abyssos )
And he cast him into the bottomless pit, and shut him up, and set a seal upon him, that he should no more seduce the nations, till the thousand years be finished. And after that, he must be loosed a little time. (Abyssos )
4 Lè sa a, mwen wè yon bann fòtèy. Moun ki te chita sou fòtèy yo te resevwa pouvwa rann jijman. Anmenmtan an tou, mwen wè nanm moun yo te koupe tèt yo paske yo t'ap bay verite Jezi te fè nou konnen an ansanm ak pawòl Bondye a. Moun sa yo te refize adore ni bèt la, ni estati l' la. Yo pa t' resevwa mak bèt la sou fwon yo ni sou men yo. Yo leve soti vivan nan lanmò. Y'ap gouvènen avèk Kris la pandan mil (1.000) an.
And I saw seats; and they sat upon them; and judgment was given unto them; and the souls of them that were beheaded for the testimony of Jesus, and for the word of God, and who had not adored the beast nor his image, nor received his character on their foreheads, or in their hands; and they lived and reigned with Christ a thousand years.
5 (Lòt mò yo pa t' leve soti vivan nan lanmò toutotan mil (1.000) an pa pase.) Se sa yo rele premie leve vivan soti nan lanmò a.
The rest of the dead lived not, till the thousand years were finished. This is the first resurrection.
6 Benediksyon pou moun k'ap patisipe nan premie leve vivan soti nan lanmò sa a! Yo se moun Bondye vre. Dezyèm lanmò a p'ap gen pouvwa sou yo. Yo pral sèvi Bondye ak Kris la tankou prèt. Yo pral gouvènen avè l' pandan mil (1.000) lanne.
Blessed and holy is he that hath part in the first resurrection. In these the second death hath no power; but they shall be priests of God and of Christ; and shall reign with him a thousand years.
7 Lè mil (1.000) lanne yo va fin pase, y'a lage Satan soti nan prizon an.
And when the thousand years shall be finished, Satan shall be loosed out of his prison,
8 Lè sa a, la mache twonpe tout nasyon toupatou sou latè, Gòg ak Magòg. La sanble yo pou l' ka mennen yo goumen. Y'ap anpil anpil, tankou grenn sab bò lanmè.
and shall go forth, and seduce the nations, which are over the four quarters of the earth, Gog, and Magog, and shall gather them together to battle, the number of whom is as the sand of the sea.
9 Yo mache sou tout latè, yo sènen kote pèp Bondye a te ye a, lavil Bondye renmen an. Men, dife desann soti nan sièl la, li disparèt yo.
And they came upon the breadth of the earth, and encompassed the camp of the saints, and the beloved city. And there came down fire from God out of heaven, and devoured them;
10 Lè sa a, yo pran Satan ki te alatèt yo, yo jete l' nan lètan dife ak souf la, menm kote yo te deja jete bèt la ak fo pwofèt la. Yo pral soufri anpil, lajounen kou lannwit pou tout tan. (aiōn , Limnē Pyr )
and the devil, who seduced them, was cast into the pool of fire and brimstone, where both the beast and the false prophet shall be tormented day and night for ever and ever. (aiōn , Limnē Pyr )
11 Apre sa, mwen wè yon gwo fòtèy blan ak moun ki te chita sou li a. Sièl la ak tè a pran kouri devan l', yo disparèt nèt ale.
And I saw a great white throne, and one sitting upon it, from whose face the earth and heaven fled away, and there was no place found for them.
12 Apre sa, mwen wè tout moun ki te mouri yo, gran kou piti, kanpe devan fòtèy la. Yo louvri yon bann liv. Apre sa, yo louvri liv ki gen non moun ki gen lavi yo. Yo jije tout moun mouri yo dapre sa yo te fè, dapre sa ki te ekri nan liv yo.
And I saw the dead, great and small, standing in the presence of the throne, and the books were opened; and another book was opened, which is the book of life; and the dead were judged by those things which were written in the books, according to their works.
13 Lanmè a renmèt tout moun mouri ki te nan fon li. Lanmò ak kote mò yo ye a renmèt tout mò ki te nan men yo. Yo jije tout mò sa yo dapre sa yo te fè. (Hadēs )
And the sea gave up the dead that were in it, and death and hell gave up their dead that were in them; and they were judged every one according to their works. (Hadēs )
14 Apre sa, yo jete lanmò ansanm ak kote mò yo ye a nan letan dife a. (Letan dife sa a, se li menm ki dezyèm lanmò a). (Hadēs , Limnē Pyr )
And hell and death were cast into the pool of fire. This is the second death. (Hadēs , Limnē Pyr )
15 Tout moun ki pa t' gen non yo ekri nan liv ki gen non moun ki gen lavi a, yo jete yo nan letan dife a tou. (Limnē Pyr )
And whosoever was not found written in the book of life, was cast into the pool of fire. (Limnē Pyr )