< Sòm 97 >

1 Se Seyè a ki wa! Se pou tout moun ki sou latè fè kè yo kontan! Se pou moun ki nan tout zile yo fè fèt!
SENYÈ a renye, kite latè rejwi! Kite tout lil yo fè kè kontan!
2 Li nan mitan yon gwo nwaj tou nwa. L'ap gouvènen tout bagay avèk jistis, san patipri.
Nwaj ak fènwa pwofon ap antoure Li. Ladwati avèk jistis se fondasyon twòn Li an.
3 Yon dife ap mache devan li. L'ap boule lènmi l' yo tout kote l' pase.
Se dife ki ale devan L pou brile tout advèsè Li yo toupatou.
4 Kout zèklè li yo klere toupatou. Moun ki sou latè wè sa, yo pran tranble.
Loray Li yo klere tout mond lan. Latè wè e li tranble.
5 Ti mòn yo fonn tankou lasi devan Seyè a, wi, yo fonn devan chèf tout latè a.
Mòn yo fonn tankou lasi devan prezans SENYÈ a, devan prezans SENYÈ tout latè a.
6 Syèl la fè konnen jan Bondye pa nan patipri, tout pèp yo wè pouvwa li.
Syèl yo deklare ladwati Li e tout pèp yo te wè glwa Li.
7 Tout moun k'ap sèvi zidòl yo, yo tout k'ap fè grandizè pou bagay ki pa vo anyen, yo tout gen pou yo wont. Tout bondye yo bese tèt devan li.
Kite tout (sila) ki sèvi limaj taye yo vin wont, ki vin ògeye sou zafè zidòl yo. Adore Li, tout dye yo.
8 Pèp peyi Siyon an tande sa, li kontan. Tout lavil peyi Jida yo fè fèt pou jan ou jije moun, Seyè!
Sion te tande sa e te rejwi. Fi a Sion yo te rejwi akoz jijman Ou, O SENYÈ.
9 Seyè ki gen tout pouvwa, se ou menm ki sèl chèf sou tout latè, W'ap dominen sou tout bondye yo.
Paske Ou menm se SENYÈ Pi Wo a sou tout latè. Ou leve pi wo anpil pase tout dye yo.
10 Seyè a renmen moun ki rayi sa ki mal. Li pwoteje lavi pèp li a, li delivre yo anba men mechan yo.
Nou menm ki renmen SENYÈ a, rayi mal la! Li pwoteje nanm a fidèl Li yo. Li delivre yo nan men a mechan yo.
11 Limyè Bondye klere moun ki mache dwat devan li. Moun ki fe sa ki byen, l'ap fè kè yo kontan.
Se limyè ki simen kon semans pou moun ladwati yo, ak kè kontan pou (sila) ak kè ki dwat yo.
12 Nou tout ki mache dwat devan Bondye, fè kè nou kontan pou sa Seyè a fè pou nou. Di l' mèsi! Li pa tankou tout moun.
Fè kè kontan nan SENYÈ a, nou menm ki moun dwat yo e bay remèsiman a non sen Li an.

< Sòm 97 >