< Sòm 93 >
1 Seyè a ap gouvènen. Gade jan li gen pouvwa! Gade jan li gen fòs! Latè kanpe fèm nan plas li, anyen pa ka brannen l'.
SENYÈ a renye! Li abiye an majeste! SENYÈ a te abiye Li ak fòs. Anverite, mond lan etabli byen solid. Li pa ebranle menm.
2 Seyè, gouvènman ou lan chita fèm depi nan tan lontan. Ou menm, ou la depi tout tan.
Twòn Ou etabli depi tan ansyen an. Ou la depi nan etènite.
3 Larivyè yo desann, Seyè, larivyè yo ap fè bri. Larivyè yo desann, y'ap fè gwo bri.
Flèv yo te leve, O SENYÈ, Flèv yo te leve vwa yo, flèv yo te leve gwo vag frapan yo.
4 Men, Seyè a se sèl chèf nan syèl la. Li gen plis pouvwa pase lanmè a ki fin debòde, li pi fò pase lanm lanmè yo k'ap fè bri.
Plis pase bri a anpil dlo, pase gwo vag lanmè debòde, SENYÈ anwo a pwisan.
5 Seyè, kòmandman ou yo la pou tout tan. Kay ou se yon kay ki apa pou ou pou tout tan tout tan.
Regleman Ou yo kanpe nèt; Sentete byen bèl lakay Ou a O SENYÈ, jis pou tout tan.