< Sòm 9 >

1 Pou chèf sanba yo. Sou menm lè ak chante ki di: Lanmò pitit gason an. Se yon sòm David. M'a fè lwanj ou ak tout kè m', Seyè. M'a rakonte tout bèl mèvèy ou yo.
למנצח עלמות לבן מזמור לדוד אודה יהוה בכל לבי אספרה כל נפלאותיך׃
2 Se ou menm k'ap fè m' chante, se ou menm k'ap fè kè m' kontan. Bondye ki anwo nan syèl la, m'a chante lwanj ou.
אשמחה ואעלצה בך אזמרה שמך עליון׃
3 Parèt ou parèt, lènmi m' yo fè bak. Yo pran tranble, yo tonbe, yo mouri.
בשוב אויבי אחור יכשלו ויאבדו מפניך׃
4 Tankou yon jij ki san patipri, ou chita sou fotèy ou. ou fè m' jistis, ou defann kòz mwen.
כי עשית משפטי ודיני ישבת לכסא שופט צדק׃
5 Ou regle moun lòt nasyon yo, ou detwi mechan yo. Ou efase non yo nèt pou tout tan.
גערת גוים אבדת רשע שמם מחית לעולם ועד׃
6 Pa gen lènmi ankò, yo fini nèt. Ata lavil yo ou vide atè. Pa gen anyen pou fè moun chonje yo ankò.
האויב תמו חרבות לנצח וערים נתשת אבד זכרם המה׃
7 Men Seyè a, se wa li ye pou tout tan. Li mete fotèy li la pou l' fè jistis.
ויהוה לעולם ישב כונן למשפט כסאו׃
8 Li gouvènen tout bagay avèk jistis. Li jije tout moun san patipri.
והוא ישפט תבל בצדק ידין לאמים במישרים׃
9 Moun y'ap peze yo, se bò kote Seyè a yo jwenn pwoteksyon. Se la yo jwenn yon kote pou yo kache, lè yo nan tray.
ויהי יהוה משגב לדך משגב לעתות בצרה׃
10 Moun ki konnen ou, Seyè, y'ap mete konfyans yo nan ou. Paske, ou pa lage moun k'ap chache ou.
ויבטחו בך יודעי שמך כי לא עזבת דרשיך יהוה׃
11 Ann fè lwanj Seyè a k'ap gouvènen sou mòn Siyon an. Ann fè tout nasyon yo konnen sa li te fè.
זמרו ליהוה ישב ציון הגידו בעמים עלילותיו׃
12 Bondye chonje moun k'ap soufri yo, li pa bliye rèl malere yo, li pini moun ki fè yo mal.
כי דרש דמים אותם זכר לא שכח צעקת עניים׃
13 Gen pitye pou mwen, Seyè! Gade nan ki mizè moun ki rayi m' yo mete m'. vin sove m'! Pa kite m' mouri, Seyè,
חננני יהוה ראה עניי משנאי מרוממי משערי מות׃
14 pou m' ka kanpe devan moun lavil Jerizalèm yo, pou m' di yo poukisa m'ap fè lwanj ou. M'ap kontan nèt, paske ou te delivre m'.
למען אספרה כל תהלתיך בשערי בת ציון אגילה בישועתך׃
15 Moun lòt nasyon yo fouye yon gwo twou: se yo menm ki tonbe ladan li. Yo tann yon pèlen: se pye yo ki pran ladan li.
טבעו גוים בשחת עשו ברשת זו טמנו נלכדה רגלם׃
16 Seyè a fè yo konnen ki moun li ye, li jije yo san patipri. Sa mechan yo fè a tounen kont yo.
נודע יהוה משפט עשה בפעל כפיו נוקש רשע הגיון סלה׃
17 Tout mechan yo gen pou mouri. Tout moun ki bliye gen Bondye gen pou mouri tou. (Sheol h7585)
ישובו רשעים לשאולה כל גוים שכחי אלהים׃ (Sheol h7585)
18 Se pa tout tan yo ka bliye moun ki nan mizè. Se pa tout tan yo ka wete espwa moun ki nan lafliksyon.
כי לא לנצח ישכח אביון תקות ענוים תאבד לעד׃
19 Leve non, Seyè! Pa kite lèzòm genyen batay la! Mennen moun lòt nasyon yo vin jije devan ou.
קומה יהוה אל יעז אנוש ישפטו גוים על פניך׃
20 Fè kè yo kase, Seyè! Fè yo konnen se moun ase yo ye.
שיתה יהוה מורה להם ידעו גוים אנוש המה סלה׃

< Sòm 9 >