< Sòm 87 >

1 Se yon sòm pitit Kore yo. Se yon chante li ye. Bondye bati lavil li a sou mòn ki apa pou li a!
Шта је сам основао на горама светим,
2 Li renmen lavil Jerizalèm pi plis pase tout lòt kote nan peyi Jakòb la.
Врата сионска љуби Господ више свих станова Јаковљевих,
3 Ou menm, lavil Bondye a, tande bèl bagay y'ap di sou ou:
Славно казују за Тебе, граде Божји!
4 Lè m'ap nonmen non moun k'ap sèvi m' yo, m'ap mete moun peyi Lejip, moun peyi Babilòn sou lis la. Moun peyi Filisti, moun peyi Tir ak moun peyi Etiopi, se Jerizalèm yo fèt.
"Међу оне, који ме знају, бројаћу Мисир и Вавилон. Гле и Филистеји и Тир с етиопском онде су се родили."
5 Lè moun ap pale sou mòn Siyon an yo di: -Yo rele l' manman, paske se la yo tout fèt. Se Bondye anwo nan syèl la ki mete l' kanpe.
О Сиону ће се говорити: Тај се и тај родио у њему; сам Вишњи утврђује га.
6 Seyè a fè lis tout pèp yo, li fè yo tout pase pou moun lavil Jerizalèm.
Господ ће у препису народа завикати: Овај се родио у њему.
7 Moun k'ap chante yo ansanm ak moun k'ap danse yo ap repete byen fò: -Se ou menm ki manman nou tout.
И који певају и веселе се, сви су извори моји у Теби.

< Sòm 87 >