< Sòm 85 >

1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm pitit Kore yo. Seyè, ou te bon pou peyi ou la! Ou te mennen pitit Jakòb ki te prizonye yo tounen!
For the chief musician. A psalm of the sons of Korah. Yahweh, you have showed favor to your land; you have restored the well-being of Jacob.
2 Ou te padonnen tou sa yo te fè ki mal, ou te efase tout peche yo.
You have forgiven the sin of your people; you have covered all their sin. (Selah)
3 Ou pa t' fache sou yo ankò! Ou te sispann fè kòlè sou yo!
You have withdrawn all your wrath; you have turned back from your hot anger.
4 Mete nou kanpe sou de pye nou ankò! O Bondye, ou menm ki delivrans nou! Ou pa bezwen fache sou nou ankò!
Restore us, God of our salvation, and let go of your displeasure with us.
5 Eske w'ap toujou rete fache sou nou? Eske ou p'ap janm byen ak nou ankò?
Will you be angry with us forever? Will you remain angry throughout future generations?
6 Eske ou p'ap ban nou lavi ankò, pou pèp ou ka fè fèt pou ou?
Will you not revive us again? Then your people will rejoice in you.
7 Seyè, fè nou wè jan ou renmen nou! Delivre nou non!
Show us your covenant faithfulness, Yahweh, grant us your salvation.
8 M'ap koute sa Seyè, Bondye a, ap di: Li pale ak pèp li a, ak moun ki kenbe l' fèm yo, li pwomèt pou l' fè yo viv ak kè poze, depi yo pa janm lage kò yo nan fè betiz ankò.
I will listen to what Yahweh God says, for he will make peace with his people, his faithful followers. Yet they must not turn again to foolish ways.
9 Wi, li pare pou l' delivre moun ki gen krentif pou li, pou l' fè yo santi pouvwa li, pou l' toujou la avèk yo.
Surely his salvation is near to those who fear him; then glory will remain in our land.
10 Lè sa a nan peyi a, moun yo yonn va renmen lòt, pesonn p'ap bay lòt manti ankò. Moun va viv byen yonn ak lòt, pesonn p'ap fè lòt lenjistis ankò!
Covenant faithfulness and trustworthiness have met together; righteousness and peace have kissed each other.
11 Sou latè moun p'ap vire do bay Bondye. Bondye menm, bò pa li, va rete nan syèl la, l'a gade anba san patipri.
Trustworthiness springs up from the ground, and righteousness looks down from the sky.
12 Seyè a va fè nou jwenn tout kalite bon bagay. Jaden nou yo va bay bèl rekòt.
Yes, Yahweh will give his good blessings, and our land will yield its crops.
13 Moun k'ap mache dwat yo va pran devan. Kote yo pase moun ap viv byen yonn ak lòt.
Righteousness will go before him and make a way for his footsteps.

< Sòm 85 >