< Sòm 83 >

1 Chante sa a se yon sòm Asaf li ye. O Bondye, pa rete ak bouch ou fèmen! Pa rete san ou pa di anyen, Bondye! Pa rete konsa san ou pa fè anyen!
שיר מזמור לאסף אלהים אל דמי לך אל תחרש ואל תשקט אל׃
2 Men li! Lènmi ou yo ap revòlte. Moun ki pa vle wè ou yo ap leve dèyè ou!
כי הנה אויביך יהמיון ומשנאיך נשאו ראש׃
3 Y'ap fè konplo an kachèt sou do pèp ou a, y'ap mete tèt yo ansanm sou do moun w'ap pwoteje yo.
על עמך יערימו סוד ויתיעצו על צפוניך׃
4 Yo di: -Vini non! Ann efase non yo pami nasyon yo, pou pesonn pa janm chonje peyi Izrayèl la ankò!
אמרו לכו ונכחידם מגוי ולא יזכר שם ישראל עוד׃
5 Yo mete tèt yo ansanm, yo fè yon sèl lide: yo dakò pou yo fè bann sou do ou.
כי נועצו לב יחדו עליך ברית יכרתו׃
6 Moun peyi Edon ansanm ak pitit pitit Izmayèl yo, moun peyi Moab ansanm ak pitit pitit Aga yo,
אהלי אדום וישמעאלים מואב והגרים׃
7 moun peyi Gebal, moun peyi Amon ansanm ak moun peyi Amalèk yo, moun peyi Filisti ansanm ak moun lavil Tir, yo tout yo dakò.
גבל ועמון ועמלק פלשת עם ישבי צור׃
8 Moun peyi Lasiri yo tou fè bann ak yo, yo mete fòs yo ansanm ak pitit pitit Lòt yo.
גם אשור נלוה עמם היו זרוע לבני לוט סלה׃
9 Sa ou te fè moun peyi Madyan yo, sa ou te fè Sisera ansanm ak Jaben nan ravin Kichon an, se sa pou ou fè yo tou.
עשה להם כמדין כסיסרא כיבין בנחל קישון׃
10 Ou te kraze yo nan Andò, ou fè kadav yo tounen fimye pou tè a.
נשמדו בעין דאר היו דמן לאדמה׃
11 Sa ou te fè Orèb ak Zeèb, se sa pou ou fè chèf lame yo tou! Menm jan ou te kraze Zebak ak Salmouna, se konsa pou ou kraze chèf yo tou,
שיתמו נדיבמו כערב וכזאב וכזבח וכצלמנע כל נסיכמו׃
12 paske yo te di: -Ann pran peyi Bondye a pou nou.
אשר אמרו נירשה לנו את נאות אלהים׃
13 Bondye mwen, gaye yo tankou pousyè nan toubouyon, tankou pay van ap pote ale.
אלהי שיתמו כגלגל כקש לפני רוח׃
14 Tankou dife k'ap boule nan rakbwa, tankou flanm dife k'ap mache boule mòn yo,
כאש תבער יער וכלהבה תלהט הרים׃
15 se konsa pou ou kouri dèyè yo ak gwo van tanpèt ou a. Fè yo pè ak gwo van siklòn ou yo!
כן תרדפם בסערך ובסופתך תבהלם׃
16 Fè yo wont, fè yo blije kache figi yo, Seyè, pou yo ka chache konnen ou.
מלא פניהם קלון ויבקשו שמך יהוה׃
17 Se pou yo wont nèt jouk yo pa konn sa pou yo fè. Se pou yo kouri kache, se pou yo mouri.
יבשו ויבהלו עדי עד ויחפרו ויאבדו׃
18 Fè yo konnen se ou menm sèl ki Seyè, se ou menm ki sèl chèf sou tout latè.
וידעו כי אתה שמך יהוה לבדך עליון על כל הארץ׃

< Sòm 83 >