< Sòm 74 >

1 Se yon chante Asaf. Bondye, poukisa ou lage nou nèt konsa? Poukisa ou an kolè konsa sou moun pa ou yo, sou mouton ki nan savann ou yo?
Yon Sòm Asaph O Bondye, poukisa Ou te rejte nou pou tout tan? Poukisa kòlè Ou fè lafimen kont mouton patiraj Ou an?
2 Pa bliye pèp ou te chwazi depi nan tan lontan an, pèp ou te achte pou ou te fè yo tounen moun pa ou! Pa bliye mòn Siyon kote ou te chwazi pou rete a!
Sonje asanble Ou a, ke Ou te achte depi tan ansyen yo, sa yo ke Ou te rachte pou fè tribi eritaj pa Ou: Mòn Sion (sila) a, kote Ou te abite.
3 vin wè sa ki rete apre ravaj la! Lènmi nou yo fin kraze dènye bagay nan kay ki apa pou ou a.
Vire pa Ou yo pou rive kote mazi ki kraze nèt yo, kote lènmi a fin fè tout mechanste li anndan sanktiyè a.
4 Moun ki pa vle wè ou yo, yo kanpe nan mitan kote pèp ou konn reyini an, y'ap rele byen fò. Yo wete tou sa ki nan tanp lan, yo mete drapo pa yo.
Advèsè Ou yo te vin anraje nan mitan kote asanble Ou a. Yo fin monte pwòp drapo yo kon avètisman an.
5 Yo tankou moun k'ap voye kout rach pou koupe pyebwa nan yon gwo rak.
Yo aji kòn yon moun k ap leve rach li nan mitan yon forè bwa.
6 Yo kraze bout bèl panno bwa byen travay ki te nan tanp lan, anba kout rach ak kout mato.
Epi koulye a, tout travay skilpti li yo, yo kraze ak rach avèk mato.
7 Yo mete dife nan kay ki apa pou ou a, yo derespekte kote yo fè sèvis pou ou a, yo kraze l' vide atè.
Yo fin brile sanktiyè Ou a jis rive atè. Yo te souye abitasyon ki fèt nan non Ou an.
8 Nan kè yo yo te di: Ann kraze yo tout yon sèl kou! Yo boule tout kote ki te apa pou Bondye nan peyi a!
Yo te pale nan kè yo: “Annou kraze yo nèt.” Yo te brile tout kote asanble Bondye nan tout peyi a.
9 Tout bèl bagay ki te nan tanp lan disparèt. Pa gen pwofèt ankò. Pesonn pa konnen kilè sa va chanje.
Nou paz ankò wè mèvèy yo. Nanpwen pwofèt ankò. Ni pa genyen pami nou ki konnen konbyen de tan sa va dire.
10 Bondye, kilè moun k'ap pile nou anba pye yo va sispann joure? Gen lè lènmi yo p'ap janm gen respè pou non ou?
Konbyen de tan, O Bondye, advèsè a va moke nou ak mo brile? Èske se pou tout tan lènmi an va giyonnen non Ou konsa?
11 Poukisa ou derefize ede nou? Poukisa ou rete kanpe ap gade, de bra ou kwaze?
Poukisa Ou retire men Ou? Sitou men dwat Ou? Fè l parèt sòti anndan lestonmak Ou pou detwi yo!
12 Men, Bondye, se ou ki wa nou depi nan tan lontan. Ou fè nou genyen anpil batay sou latè.
Men Bondye se Wa mwen depi nan tan ansyen yo. Li te fè zèv delivrans nan mitan latè.
13 Se avèk pouvwa ou ou te fann lanmè a. Se avè l' ou te kraze tèt gwo bèt lanmè yo.
Ou te divize lanmè a ak fòs kouraj Ou. Ou te kraze tèt gwo bèt lanmè yo.
14 Se ou ki kraze tèt levyatan an, lèfini, ou fè bèt k'ap viv nan dezè a manje l'.
Ou te kraze tèt Levyatan an. Ou te bay li kon manje pou bèt sovaj.
15 Ou te fè sous dlo pete, ou fè larivyè koule. Ou fe gwo larivyè rete konsa yo chèch.
Ou te fè pete sous ki koule dlo fre. Ou te seche gwo rivyè pwisan yo.
16 Ou fè lajounen, ou fè lannwit. Se ou ki mete lalin lan ak solèy la nan plas yo.
Jou yo se pou Ou, anplis, nwit yo se pou Ou. Ou te prepare limyè a avèk solèy la.
17 Se ou ki fikse limit tè a. Se ou ki fè sezon chalè ak sezon fredi.
Ou te etabli tout lizyè latè yo. Ou te fè sezon ete ak sezon livè.
18 Seyè, pa bliye jan lènmi ou yo ap pase ou nan rizib. Se yon bann moun san konprann ki pa gen respè pou non ou!
Sonje bagay sa a, O SENYÈ, ke lènmi yo te meprize Ou, e yon pèp ki plen ak foli te refize non Ou.
19 Pa lage pèp ou nan men lènmi l' yo tankou toutrèl devan malfini. Pa bliye moun pa ou yo ki nan mizè nèt.
Pa livre nanm a toutrèl Ou a bèt sovaj yo. Pa bliye lavi aflije Ou yo pou tout tan.
20 Chonje kontra ou te siyen avèk yo a! Paske, nan tout ti kwen peyi a, nan tout mòn yo se ansasen.
Konsidere akò Ou, paske kote fènwa yo nan tout latè a, plen ak abitasyon vyolans yo.
21 Pa kite moun y'ap peze yo wont! Fè pou pòv malere yo ka fè lwanj ou.
Pa kite oprime yo retounen nan gwo wont. Kite aflije yo ak malere yo louwe Non Ou.
22 Leve non, Bondye! Defann kòz ou! Pa bliye jan moun fou sa yo ap joure ou tout lajounen!
Leve, O Bondye! Plede koz Ou! Sonje jan lòm plen foli meprize Ou tout lajounen.
23 Pa bliye jan lènmi ou yo ap rele byen fò! Pa bliye jan moun ki pa vle wè ou yo ap fè eskandal san rete.
Pa bliye vwa advèsè Ou yo. Gwo zen a (sila) ki leve kont Ou yo monte tout tan, san rete.

< Sòm 74 >