< Sòm 72 >

1 Se yon sòm Salomon. Bondye, moutre wa a jan pou l' dirije tankou ou! Bay pitit wa a pouvwa pou l' gouvènen jan ou vle l' la!
Yon Sòm a Salomon Bay a wa a sajès lajistis Ou, O Bondye, ak ladwati Ou a fis a wa a.
2 Konsa, l'a gouvènen pèp ou a san patipri, l'a gouvènen malere ou yo jan sa dwe fèt.
Li va jije pèp Ou a avèk ladwati, e aflije Ou yo, avèk jistis.
3 Nan tout mòn peyi a, moun va viv byen yonn ak lòt. p'ap gen lenjistis nan okenn ti mòn peyi a.
Mòn yo va pote lapè a pèp la, e kolin yo, fwi ladwati a.
4 Wa a va defann kòz malere ki nan peyi a. L'a wete pitit pòv malere yo nan mizè yo ye a. L'a kraze moun k'ap peze pèp la.
Li va jije malere a pèp la. Li va fè sekou pou pitit a malere yo, e kraze opresè a an mòso.
5 Se pou l' viv lontan, tout tan va gen solèy ak lalin pou bay limyè. Wi, se pou li viv tout tan tout tan.
Yo va krent Ou pou tout tan ke solèy la klere ak tout tan ke genyen lalin, pandan tout jenerasyon yo.
6 Se pou wa a tankou lapli k'ap tonbe nan jaden, tankou gwo lapli k'ap wouze tè a.
Li va desann tankou lapli sou chan zèb fenk koupe yo, tankou farinaj ki wouze tè a.
7 Sou reny li, ap gen jistis toupatou. Tout moun va viv byen yonn ak lòt tout tan va gen lalin pou bay limyè.
Nan jou li yo, moun ladwati yo va fleri, avèk lapè an abondans jiskaske lalin nan pa wè ankò.
8 L'ap gouvènen depi yon lanmè jouk nan lòt lanmè a, depi larivyè Lefrat jouk nan dènye bout latè a.
Anplis, l ap renye jiskaske yon lanmè rive nan yon lòt lanmè a, e soti nan Rivyè a jis rive nan dènye pwent tè a.
9 Moun ki rete nan dezè a pral soumèt devan li, lènmi l' yo pral manje pousyè.
Pèp ki abite nan dezè a va bese devan l, e lènmi li yo va niche pousyè a.
10 Wa peyi Tasis ak wa zile yo va vin ofri l' kado. Wa peyi Saba ak wa peyi Seba va pote kado ba li.
Wa a Tarsis yo avèk lil yo va pote kado. Wa a Séba avèk Saba yo ap ofri kado.
11 Wa tout lòt peyi yo va soumèt devan li. Tout lòt peyi yo va sèvi l'.
Konsa, tout wa yo va bese ba devan l, pou tout nasyon yo sèvi li.
12 L'a delivre pòv yo lè yo rele nan pye li. L'a delivre tout malere ki san sekou.
Paske li va delivre malere a lè l kriye sekou; aflije a tou, lè l san soutyen an.
13 L'a gen pitye pou pòv malere yo. L'a sove lavi tout moun ki nan bezwen.
Li va gen mizerikòd sou malere a avèk endijan an. Konsa, lavi a pòv yo, li va sove.
14 L'a delivre yo anba men moun k'ap peze yo, anba men moun k'ap fè yo mechanste. Lavi moun sa yo gen anpil valè pou li!
Li va rachte lavi yo soti nan opresyon avèk vyolans, e san yo va chè nan zye Li.
15 Se pou wa a viv lontan! Y'a ba li lò ki soti nan peyi Saba. Y'a toujou lapriyè pou li. Y'a mande pou Bondye beni li chak jou.
Konsa, li va viv, e lò a Séba va bay a li menm. Moun va priye pou li san rete. Yo va beni li tout lajounen.
16 Se pou jaden kouvri tout peyi a, jouk sou tèt mòn yo. Se pou yo donnen tankou jaden peyi Liban. Se pou lavil yo plen moun tankou zèb k'ap pouse nan jaden.
Va genyen anpil sereyal sou tout kolin peye a, fwi li yo k ap vannen nan van tankou pye sèd a Liban yo. Sa ki nan vil yo va fleri tankou vèdi latè.
17 Se pou yo pa janm bliye non li. Toutotan va gen solèy pou klere tè a, se pou y'ap nonmen non li. Se pou tout nasyon fè lwanj li. Se pou tout moun mande Bondye pou l' beni yo menm jan li beni wa a.
Non li va dire jis pou tout tan. Non li va la toutotan solèy la ap briye a. Tout lezòm va beni pa li. Tout nasyon yo va rele li beni.
18 Fè lwanj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Se li menm sèl ki ka fè bèl mèvèy sa yo.
Beni se SENYÈ Bondye a, Bondye Israël la! Li sèl ki fè mèvèy!
19 Fè lwanj li pou gwo pouvwa li. Se pou toupatou sou latè yo rekonèt gwo pouvwa li. Wi, se vre! Amèn!
Beni se non laglwa Li jis pou tout tan! Ke tout tè a kapab ranpli ak glwa Li! Amen e amen.
20 Avèk sòm sa a, nou fini ak lapriyè David, pitit Izayi a, te fè.
Priyè yo a David, fis la a Jesse fini.

< Sòm 72 >