< Sòm 67 >

1 Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Sòm sa a se yon chante. Tanpri, Bondye, gen pitye pou nou! Voye benediksyon ou sou nou! Fè nou santi ou la avèk nou,
一篇诗歌,交与伶长。用丝弦的乐器。 愿 神怜悯我们,赐福与我们, 用脸光照我们, (细拉)
2 pou tout moun sou latè ka konnen sa ou vle, pou tout lòt nasyon yo ka konnen se ou ki delivre lèzòm.
好叫世界得知你的道路, 万国得知你的救恩。
3 Se pou tout pèp sou latè fè lwanj ou, Bondye. Wi, se pou tout pèp sou latè fè lwanj ou.
神啊,愿列邦称赞你! 愿万民都称赞你!
4 Se pou tout nasyon yo fè kè yo kontan. Se pou yo chante tèlman yo kontan, paske ou jije pèp yo san patipri, ou dirije tout nasyon ki sou latè.
愿万国都快乐欢呼; 因为你必按公正审判万民, 引导世上的万国。 (细拉)
5 Se pou tout pèp sou latè fè lwanj ou, Bondye. Wi, se pou tout pèp sou latè fè lwanj ou.
神啊,愿列邦称赞你! 愿万民都称赞你!
6 Latè bay rekòt. Bondye ki Bondye nou an te voye benediksyon li sou nou.
地已经出了土产; 神—就是我们的 神要赐福与我们。
7 Wi, Bondye te voye benediksyon li sou nou. Se pou tout moun toupatou sou latè gen krentif pou li.
神要赐福与我们; 地的四极都要敬畏他!

< Sòm 67 >