< Sòm 56 >

1 Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou lè chante ki di: Pijon ki sou pye terebent byen lwen yo. Se yon chante David te ekri lè moun Filisti yo te mete men sou li nan lavil Gat. Bondye papa mwen! Gen pitye pou mwen, paske mwen gen anpil moun k'ap pousib mwen. Tout lajounen y'ap fè m' lagè, y'ap toumante mwen.
למנצח על-יונת אלם רחקים-- לדוד מכתם באחז אותו פלשתים בגת ב חנני אלהים כי-שאפני אנוש כל-היום לחם ילחצני
2 Tout lajounen lènmi m' yo ap pousib mwen. Se pa ti anpil yo anpil, moun k'ap fè m' lagè yo.
שאפו שוררי כל-היום כי-רבים לחמים לי מרום
3 Bondye ki anwo nan syèl la, lè mwen pè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.
יום אירא-- אני אליך אבטח
4 Mwen gen konfyans nan Bondye. M'ap fè lwanj pawòl li. Mwen pa pè anyen. Kisa lèzòm ka fè m'?
באלהים אהלל דברו באלהים בטחתי לא אירא מה-יעשה בשר לי
5 Tout lajounen y'ap manke m' dega. Se yon sèl lide yo gen nan tèt yo: se fè mwen mal!
כל-היום דברי יעצבו עלי כל-מחשבתם לרע
6 Yo mete tèt yo ansanm, yo kache kò yo, y'ap veye tout vire tounen mwen. Y'ap tann okazyon konsa pou yo touye m'.
יגורו יצפינו (יצפונו)--המה עקבי ישמרו כאשר קוו נפשי
7 Pa gen sove pou yo, paske yo fè twòp. Lè ou an kòlè, Bondye, fè pèp yo vin ba devan ou.
על-און פלט-למו באף עמים הורד אלהים
8 Ou konnen tout kouri kache mwen yo. Ou konnen jan dlo koule nan je m'. Eske tout sa pa ekri nan liv ou a?
נדי ספרתה-אתה שימה דמעתי בנאדך הלא בספרתך
9 Se poutèt sa lènmi m' yo gen pou kouri ale lè m' rele ou. Mwen konnen Bondye pou mwen.
אז ישובו אויבי אחור ביום אקרא זה-ידעתי כי-אלהים לי
10 M'ap fè lwanj pawòl Bondye. Wi, m'ap fè lwanj pawòl Seyè a.
באלהים אהלל דבר ביהוה אהלל דבר
11 Mwen gen konfyans nan Bondye, mwen pa pè anyen. Kisa lèzòm ka fè mwen?
באלהים בטחתי לא אירא מה-יעשה אדם לי
12 O Bondye, m'ap ofri ou sa mwen te pwomèt ou yo, m'ap ofri bèt pou yo touye pou ou pou m' di ou mèsi.
עלי אלהים נדריך אשלם תודת לך
13 Paske ou pa kite m' mouri, ou pa kite m' bite, pou m' kapab mache devan ou nan mitan bèl limyè k'ap klere moun k'ap viv pou ou yo.
כי הצלת נפשי ממות-- הלא רגלי מדחי להתהלך לפני אלהים-- באור החיים

< Sòm 56 >