< Sòm 54 >

1 Pou chèf sanba yo. Se yon chante David te ekri lè moun peyi Zif yo te al di Sayil men David kache lakay yo. Bondye, delivre m' non avèk pouvwa ou! Fè m' jistis avèk fòs kouraj ou!
למנצח בנגינת משכיל לדוד ב בבא הזיפים ויאמרו לשאול הלא דוד מסתתר עמנו ג אלהים בשמך הושיעני ובגבורתך תדינני
2 Bondye, koute m' non lè m'ap lapriyè! Panche zòrèy ou pou tande pawòl k'ap soti nan bouch mwen!
אלהים שמע תפלתי האזינה לאמרי-פי
3 Paske gen yon seri moun awogan ki leve dèyè m', yon bann mechan ki soti pou touye m'! Yo pa menm chonje si gen Bondye!
כי זרים קמו עלי-- ועריצים בקשו נפשי לא שמו אלהים לנגדם סלה
4 Men, Bondye ap vin ede m'. Seyè a ap pran defans mwen.
הנה אלהים עזר לי אדני בסמכי נפשי
5 L'ap fè mechanste moun ki pa vle wè m' yo tonbe sou tèt yo; l'ap fini nèt ak yo paske l'ap toujou kenbe pawòl li.
ישוב (ישיב) הרע לשררי באמתך הצמיתם
6 Seyè, m'a ofri bèt pou yo touye pou ou ak kè kontan, m'a fè lwanj ou, paske ou bon pou mwen.
בנדבה אזבחה-לך אודה שמך יהוה כי-טוב
7 Ou delivre m' anba tray mwen te ye a; ou fè m' wè lènmi m' yo pèdi batay la.
כי מכל-צרה הצילני ובאיבי ראתה עיני

< Sòm 54 >