< Sòm 49 >
1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm pitit Kore yo. Nou tout, koute sa byen. Louvri zòrèy nou, nou menm k'ap viv toupatou sou latè,
可拉后裔的诗,交与伶长。 万民哪,你们都当听这话! 世上一切的居民,
2 gran kou piti, rich kou pòv.
无论上流下流,富足贫穷, 都当留心听!
3 Mwen pral ban nou bon konsèy. Sa ki nan kè m' se bagay ki gen sans.
我口要说智慧的言语; 我心要想通达的道理。
4 M'ap louvri zòrèy mwen pou m' tande parabòl la. Mwen pral esplike l' ban nou antan m'ap jwe mizik.
我要侧耳听比喻, 用琴解谜语。
5 Poukisa pou m' ta pè, lè jou malè a rive, lè moun ki pa vle wè m' yo sènen m' toupatou ak move lide nan tèt yo?
在患难的日子,奸恶随我脚跟,四面环绕我, 我何必惧怕?
6 Moun ki mete konfyans yo nan byen latè, moun k'ap fè grandizè pou richès yo genyen,
那些倚仗财货自夸钱财多的人,
7 pa gen yonn ladan yo ki ka bay senk kòb pou delivre frè yo, ni ki ka peye Bondye pou l' delivre yo.
一个也无法赎自己的弟兄, 也不能替他将赎价给 神,
8 Yo ta mèt pare pou yo bay anpil lajan pou sove lavi pa yo, sa p'ap janm rive fèt.
叫他长远活着,不见朽坏; 因为赎他生命的价值极贵, 只可永远罢休。
9 Atò, se pou yo ta viv tout tan san yo pa janm al anba tè?
10 Men, nou wè moun ki gen bon konprann yo mouri, yo disparèt menm jan ak moun sòt ansanm ak moun egare yo. Yo kite tout richès yo pou lòt moun.
他必见智慧人死, 又见愚顽人和畜类人一同灭亡, 将他们的财货留给别人。
11 Se nan simityè yo pral bout, se nan tonm yo pral rete, menm si yo gen gwo bitasyon ki pote non yo.
他们心里思想: 他们的家室必永存, 住宅必留到万代; 他们以自己的名称自己的地。
12 Yon moun te mèt grannèg kou l' grannèg li gen pou l' mouri. Li tankou zannimo y'ap mennen labatwa.
但人居尊贵中不能长久, 如同死亡的畜类一样。
13 Se konsa y'ap fini, moun ki mete konfyans yo nan pwòp tèt yo. Se sa ki gen pou rive moun k'ap koute pawòl yo tou.
他们行的这道本为自己的愚昧; 但他们以后的人还佩服他们的话语。 (细拉)
14 Tankou yo mete mouton nan pak, se konsa y'ap mete yo kote mò yo ye a. Yo pral tou dwat nan simityè, se lanmò ki pral pran swen yo. Bèl kou yo bèl, y'ap tounen pousyè. Se kote mò yo ye a y'ap rete. (Sheol )
他们如同羊群派定下阴间; 死亡必作他们的牧者。 到了早晨,正直人必管辖他们; 他们的美容必被阴间所灭,以致无处可存。 (Sheol )
15 Men, Bondye ap delivre mwen, l'ap wete m' anba pouvwa lanmò. (Sheol )
只是 神必救赎我的灵魂脱离阴间的权柄, 因他必收纳我。 (细拉) (Sheol )
16 Ou pa bezwen pè lè ou wè yon moun ap vin pi rich, lè ou wè l'ap mete richès pil sou pil lakay li.
见人发财、家室增荣的时候, 你不要惧怕;
17 Lè l' mouri, li p'ap pote anyen ale avèk li, l'ap kite tout richès li yo dèyè.
因为,他死的时候什么也不能带去; 他的荣耀不能随他下去。
18 Li te mèt kontan jan l' t'ap viv la, yo te mèt ap fè lwanj li pou jan afè l' ap mache byen,
他活着的时候,虽然自夸为有福 (你若利己,人必夸奖你);
19 yon lè, li gen pou l' mouri tankou zansèt li yo ki p'ap janm wè limyè ankò.
他仍必归到他历代的祖宗那里, 永不见光。
20 Yon moun te mèt grannèg kou l' grannèg, si li pa gen konprann, li tankou zannimo y'ap mennen labatwa.
人在尊贵中而不醒悟, 就如死亡的畜类一样。