< Sòm 48 >

1 Chante sa a, se yon sòm pitit Kore yo. Seyè a gen gwo pouvwa! Li merite pou yo fè lwanj li nan lavil Bondye nou an, sou mòn ki apa pou li a.
Yon Chan; yon Sòm fis a Koré yo. Gran se Bondye e gran se lwanj Li merite a, nan Jérusalem, vil Bondye nou an, mòn sen pa Li a.
2 Ala yon bèl mòn! Li fè kè tout moun sou latè kontan. Sou mòn Siyon an, ki sou bò nò, se la yo bati lavil gwo wa a.
Bèl nan wotè li, jwa tout latè a, se Mòn Sion nan pati nò a, Vil gran Wa a.
3 Seyè a rete lakay li, li fè konnen se bò kote l' yo jwenn kote pou yo kache.
Bondye te parèt nan sitadèl li yo. La, Li te fè tèt Li rekonèt kon yon refij.
4 Men sa ki te pase: Wa yo te mete tèt yo ansanm, yo vin atake an menm tan.
Men gade, wa yo te rasanble yo. Yo pase akote vil la ansanm.
5 Lè yo wè l', yo sezi. Yo pè, yo kouri san gad dèyè.
Yo te wè li, e yo te etone. Yo te sezi nèt, yo te kouri nan laperèz.
6 Yon sèl tranbleman pran yo. Kè yo sere tankou yon fanm ki gen tranche,
La, yo pèdi ekilib yo nèt. Doulè ak sezisman te pran yo tankou fanm k ap akouche.
7 tankou lè van nòde ap kraze batiman Tasis yo sou lanmè.
Avèk van lès la, Ou te kraze bato Tarsis yo.
8 Sa nou te konn tande moun di a, koulye a nou wè l' ak je nou nan lavil Bondye nou an, nan lavil Seyè ki gen tout pouvwa a. Bondye ap toujou pwoteje lavil la.
Jan nou konn tande a, se konsa nou vin wè, nan vil SENYÈ dèzame yo, nan vil Bondye pa nou an. Bondye va etabli li nèt, jis pou tout tan.
9 Nou rete nan tanp ou a, n'ap kalkile jan ou renmen nou, Bondye.
Nou te reflechi sou lanmou dous Ou a, O Bondye, nan mitan tanp Ou a.
10 Se tout moun k'ap nonmen non ou, menm jan an tou, toupatou sou latè y'ap fè lwanj ou. Ou gen anpil pouvwa, men ou pa fè lenjistis.
Jan non Ou ye a, O Bondye, Se konsa Lwanj Ou ye, jis rive nan dènye pwent tè a; Men dwat Ou plen ladwati.
11 Moun ki rete sou mòn Siyon yo kontan. Moun ki rete nan peyi Jide yo pral fè fèt, paske ou konn fè moun jistis.
Kite Mòn Sion fè kè kontan! Kite fi a Juda yo rejwi akoz jijman Ou yo.
12 Mache, fè tout tou lavil la. Konte konbe fò li genyen.
Mache toupatou nan Sion e antoure li. Konte fò wo li yo.
13 Egzaminen miray lavil la byen egzaminen. Vizite tout pòs faksyonnè yo, pou nou kapab fè pitit pitit nou yo konnen
Konsidere ranpa li yo. Antre nan palè li yo, pou ou kab pale jenerasyon k ap vini an.
14 se Bondye sa a ki Bondye nou pou tout tan tout tan. Se li menm k'ap kondi nou jouk sa kaba.
Paske Bondye se Bondye pa nou an jis pou tout tan. Li va gide nou jiska lanmò.

< Sòm 48 >