< Sòm 46 >

1 Pou chèf sanba yo. Se yon chante pitit Kore yo pou yo chante tou dousman. Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray.
“To the chief musician: by the sons of Korach, upon 'Alamoth, a song.” God is our protection and strength, a help in distresses, very readily found.
2 Se poutèt sa, nou te mèt wè tè a ap tranble, nou te mèt wè mòn yo ap chavire tonbe nan mitan lanmè, nou pa bezwen pè anyen.
Therefore will we not fear, even when the earth is transformed, and when mountains are moved into the heart of the seas;
3 Nou te mèt wè lanm lanmè yo move, y'ap kimen, jouk mòn yo rive tranble lè lanmè a ap frape sou rivay la, nou pa bezwen pè.
[When] the waters thereof roar and foam, when mountains quake before his majesty. (Selah)
4 Gen yon gwo dlo larivyè k'ap koule pou fè kè moun kontan nan lavil Bondye a, sèl kote ki apa nèt pou Bondye ki anwo nan syèl la.
[There] is a river, its rivulets cause to rejoice the city of God, the sanctuary of the dwellings of the Most High.
5 Bondye nan mitan lavil la, lavil la p'ap janm brannen. Depi granmaten, Bondye ap pote l' sekou.
God is in her midst; she shall not be moved: God will ever help her, at the dawning of [her] morning.
6 Moun lòt peyi yo ap bat kò yo, chèf gouvènman yo pran lezam. Bondye fè tande vwa li, latè pran tranble.
Nations rage, kingdoms are moved: he letteth his voice be heard, the earth melteth away.
7 Seyè ki gen tout pouvwa a la avèk nou. Se bò kote Bondye Jakòb la nou jwenn kote pou n' kache.
The Lord of hosts is with us; a defense unto us is the God of Jacob. (Selah)
8 Vini wè travay Seyè a! Gade ravaj l'ap fè sou latè!
Come, look at the deeds of the Lord, who hath made desolations on the earth.
9 Se li menm ki fè yo sispann fè lagè toupatou sou latè. Li kase banza yo, li kase frenn yo de bout, li boule tout cha yo nèt.
He causeth wars to cease unto the end of the earth; he breaketh the bow, and cutteth the spear in pieces; he burneth wagons in the fire.
10 Li di: -Rete la! Sispann goumen! Konnen se mwen menm ki Bondye. Se mwen k'ap dominen sou tout nasyon yo. Se mwen k'ap dominen sou tout latè.
Leave off, and know that I am God: I will be exalted among the nations, I will be exalted on the earth.
11 Seyè ki gen tout pouvwa a la avèk nou. Se bò kote Bondye Jakòb la nou jwenn kote pou n' kache!
The Lord of hosts is with us; a defence unto us is the God of Jacob. (Selah)

< Sòm 46 >