< Sòm 41 >
1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Ala bon sa bon pou moun ki pran ka pòv yo! Seyè a va delivre l' lè la nan tray.
“For the leader of the music. A psalm of David.” Happy is he who hath regard to the poor! The LORD will deliver him in time of trouble.
2 Seyè a va pwoteje l', li p'ap kite l' mouri. L'ap fè l' viv ak kè kontan sou latè, li p'ap lage l' nan men lènmi l' yo pou yo fè sa yo vle avè l'.
The LORD will preserve him, and keep him alive; He shall be happy on the earth; Thou wilt not give him up to the will of his enemies!
3 Seyè a va ba l' fòs lè maladi fè l' pran kabann. Seyè a va ba l' gerizon lè li malad kouche.
The LORD will strengthen him upon the bed of disease; All his bed thou wilt change in his sickness.
4 Mwen menm, mwen te di: Seyè, gen pitye pou mwen. Geri mwen, paske mwen te peche kont ou.
I said, O LORD! be merciful to me! Heal me, for I have sinned against thee!
5 Lènmi m' yo ap pale m' mal. Y'ap di: Kilè l'a mouri? Kilè y'a bliye l'?
My enemies speak evil of me: “When will he die, and his name perish?”
6 Moun ki vin wè m' yo, se yon bann ipokrit. Se ranmase yo vin ranmase tout kalite move nouvèl. Soti yo soti, yo pwonmennen rakonte yo toupatou.
If one come to see me, he speaketh falsehood; His heart gathereth malice; When he goeth abroad, he uttereth it.
7 Tout moun ki pa vle wè m' yo mete tèt yo ansanm pou pale nan zòrèy sou mwen. Yo kwè m' fini, nanpwen renmèd pou mwen. Y'ap fè yon pakèt vye lide sou mwen.
All that hate me whisper together against me; Against me do they devise mischief:
8 Y'ap di: Msye kondannen. Kote l' kouche a, nanpwen leve pou li ankò.
“A deadly disease cleaveth fast unto him; He lieth down, and he shall never arise!”
9 Ata pi bon zanmi m' lan, moun mwen te fè konfyans anpil la, moun ki te konn manje nan menm plat avè m' lan, ata li menm, li trayi m'.
Yea, my familiar friend in whom I trusted, who did eat of my bread, —He hath lifted up his heel against me.
10 Men ou menm, Seyè, gen pitye pou mwen. Mete m' sou de pye m' ankò, pou m' ka ba yo sa yo merite.
But do thou, O LORD! have pity upon me; Raise me up, that I may requite them!
11 M'a konnen ou kontan avè m' vre si m' wè lènmi m' yo pa banboche sou do m'.
By this I know that thou favorest me, Because my enemy doth not triumph over me.
12 Wi, w'ap soutni m', paske mwen pa fè anyen ki mal. W'ap fè m' kanpe la devan ou pou tout tan.
As for me, thou wilt uphold me in my integrity; Thou wilt set me before thy face for ever!
13 Ann fè lwanj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Ann fè lwanj li pou tout tan. Amèn! Se vre!
[Praised be Jehovah, the God of Israel, From everlasting to everlasting. Amen! Amen!]