< Sòm 4 >

1 Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Se yon sòm David. Lè m' rele ou, reponn mwen non, Bondye, ou menm k'ap fè m' jistis! Lè m' te nan tèt chaje, ou te vin ede m'. Gen pitye pou mwen. Koute lapriyè mwen.
For the leader, with stringed instruments. A psalm of David. Answer my cry, God, my defender. Often from straits you have brought me to spacious places. So now show me your favour and hear my prayer.
2 Nou menm menm lèzòm, kilè n'a sispann trennen non m' nan labou! Kilè n'a sispann renmen bagay ki pa vo anyen! Kilè n'a sispann kouri dèyè bagay ki pa vre!
How long, you proud people, will my honour be stained by the slanders you love, and the lies that you follow? (Selah)
3 Pa bliye, se Seyè a ki chwazi m' pou moun pa li. Seyè a tande m' lè mwen rele l'.
See! The Lord has shown me his wonderful kindness: the Lord hears, when I call to him.
4 Se pou nou tranble tèlman nou pè, se pou n' sispann fè sa ki mal. Lè nou pou kont nou nan chanm nou, kalkile sou sa. Epi pe bouch nou.
Sin not in your anger: but speak in your heart on your bed, and be still. (Selah)
5 Ofri bèt Seyè a mande pou yo touye pou li. Mete konfyans nou nan li!
Offer true sacrifice, trust in the Lord.
6 Gen anpil moun k'ap di: -Jan nou ta renmen Bondye beni nou! Tanpri, Seyè, fè nou santi ou la avèk nou!
Many are longing for fortune to smile. Lift upon us the light of your face.
7 Kontantman ou mete nan kè m' pi gwo pase kontantman ki nan kè lèzòm lè yo gen anpil manje ak anpil bwason.
You have put in my heart, Lord, a deeper joy than was theirs who had corn and wine in abundance.
8 Mwen moute kabann mwen ak kè poze. Kou m' kouche, dòmi pran m'. Seyè, se ou menm sèl ki p'ap janm kite anyen rive m'.
So in peace I will lie down and sleep; for you, Lord, keep me safe.

< Sòm 4 >