< Sòm 38 >

1 Se yon sòm David. Pou Bondye pa bliye nou. Seyè, pa pini m' lè ou fache! Pa kale m' lè ou an kòlè!
Drottinn, ekki refsa mér, þótt þú sért reiður.
2 Ou bat mwen jouk ou blese m'. Ou kale m' byen kale.
Örvar þínar standa í mér og hönd þín liggur þungt á mér.
3 Ou te fache anpil, se sa ki fè pa gen yon pati nan kò m' ki pa malad. Mwen te peche, se sa ki fè tout zo nan kò m' ap fè m' mal.
Vegna reiði þinnar er ég sjúkur maður, heilsa mín er farin vegna synda minna.
4 Peche m' yo fè pil, yo kouvri tèt mwen. Y'ap kraze m' tankou yon chay ki twò lou pou mwen.
Syndir mínar líkjast flóði sem færir mig í kaf, eins og byrði sem ég kikna undan.
5 Malenng mwen yo santi, y'ap koule paske mwen te viv tankou moun fou.
Ólykt leggur af sárum mínum – það er drep í þeim.
6 Mwen kagou, ren m' kase nèt. Tout lajounen m'ap mache tèt bese, dlo nan je.
Ég er ráðþrota vegna synda minna. Ég ráfa um í angist liðlangan daginn.
7 Mwen gen yon lafyèb cho sou mwen. Mwen santi mwen malad nan tout kò m'
Lendar mínar brenna af sviða og líkami minn er helsjúkur.
8 Mwen san fòs, tout zo nan kò m' kraze. Kè m' sere, m'ap plenn sitèlman m'ap soufri.
Máttur minn er þrotinn og ég er örvæntingu nær.
9 Seyè, ou konnen tou sa mwen ta renmen. Ou wè jan m'ap soufri.
Drottinn, ég þrái bót á meini mínu! Þú heyrir kvein mín og andvörp.
10 Kè m' ap bat anpil, mwen pa kapab sipòte ankò! Ata je m', mwen pa ka louvri yo!
Hjartað hamast í brjósti mér, kraftar mínir búnir og sjónin dvín.
11 Tout zanmi m', tout vwazinaj kanpe lwen mwen, tout fanmi m' rete lwen mwen poutèt malenng mwen an.
Ástvinir mínir og góðir grannar forðast sjúkdóm minn og böl og frændur mínir eru á bak og burt.
12 Moun ki ta renmen wè m' mouri yo tann pèlen pou mwen. Moun ki ta renmen wè malè rive m' yo ap plede di yon bann move pawòl sou mwen. Tout lajounen, y'ap fè konplo sou mwen.
Óvinir mínir sæta færis að drepa mig. Liðlangan daginn sitja þeir á svikráðum, brugga mér banaráð.
13 Mwen menm, mwen tankou yon moun ki soudè, mwen pa tande. Mwen tankou yon moun ki bèbè, mwen pa pale.
En illráð þeirra verka ekki á mig!
14 Wi, mwen pa louvri bouch mwen reponn yo paske mwen tankou yon moun ki pa tande sa y'ap di a.
Ég virði þá ekki viðlits. Áform þeirra rætast ekki,
15 Seyè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen, se ou menm ki va reponn pou mwen, o Seyè, Bondye mwen.
því að ég vona á þig, Drottinn, Guð minn. Kom þú og vernda mig.
16 Paske, mwen di nan kè m': -Pa kite yo fè fèt sou tèt mwen, pa kite yo moute sou mwen si pye m' chape.
Þaggaðu niður í þeim sem hlæja að óförum mínum.
17 Mwen prèt pou m' tonbe. Doulè a pi rèd sou mwen.
Ég er að falli kominn og angist mín er enn hin sama.
18 Mwen rekonèt mechanste mwen fè. Kè m' sere lè m' wè sa m' fè.
Ég játa syndir mínar og iðrast þess sem ég hef gert.
19 Lènmi m' yo gwonèg, yo anpil. Se yon bann moun ki rete konsa yo pa vle wè m'.
En ofsóknum óvina minna linnir ekki og heift þeirra minnkar ekki. Þeir hata mig án ástæðu.
20 Moun sa yo rann mwen mal pou byen, yo leve kont mwen, paske m'ap chache fè byen.
Þeir launa mér gott með illu, hata mig fyrir góðverk mín.
21 Pa lage m' Seyè! Bondye mwen, pa rale kò ou dèyè!
Yfirgefðu mig ekki, Drottinn. Vík ekki frá mér!
22 Prese vin pote m' sekou, Seyè, ou menm ki delivrans mwen.
Komdu skjótt og hjálpaðu mér, þú frelsari minn!

< Sòm 38 >