< Sòm 33 >

1 Nou tout k'ap viv jan Bondye vle l' la, fè kè nou kontan pou sa Seyè a fè. Nou tout k'ap mache dwat devan li, li bon pou n' fè lwanj li.
Rejwi ak lajwa nan SENYÈ a, O moun ladwati yo! Lwanj bèl lè l sòti nan moun ki dwat.
2 Jwe enstriman mizik pou di Seyè a mèsi! Jwe gita dis kòd la, fè fèt pou li.
Bay remèsiman a SENYÈ avèk gita. Chante lwanj a Li menm avèk ap dis kòd.
3 Chante yon chante tou nèf pou li. Wi, jwe bèl mizik, chante byen fò.
Chante a Li menm yon chan tounèf. Jwe ak kapasite e fò avèk yon gwo kri lajwa.
4 Paske, pawòl Seyè a se verite. Li fè tout bagay jan l' te di l' la.
Paske pawòl SENYÈ a dwat. Tout zèv Li yo fèt avèk fidelite.
5 Seyè a renmen sa ki dwat, li renmen sa ki san patipri. Toupatou sou latè nou wè jan li gen bon kè.
Li renmen ladwati avèk jistis. Latè ranpli avèk lanmou dous SENYÈ a.
6 Seyè a pale, epi syèl la fèt. Li soufle ak bouch li, tou sa ki nan syèl la fèt.
Avèk pawòl SENYÈ a syèl yo te fèt: pa souf a bouch Li, tout lame syèl yo.
7 Li ranmase tout dlo lanmè a yon sèl kote. Li mete tout dlo ki nan fon lanmè a nan rezèvwa.
Li ranmase tout dlo lanmè yo ansanm pou fè yon gwo pil. Li fè tout pwofondè yo kouche fè kay depo.
8 Se pou tout moun sou latè gen krentif pou Seyè a. Se pou tout moun sou latè tranble devan li.
Kite tout latè krent SENYÈ a. Kite tout (sila) ki rete nan mond lan kanpe etone nèt pa Li menm.
9 Paske, li pale, bagay la rive. Li bay lòd, tout bagay fèt.
Paske Li te pale e mond lan te fèt. Li te kòmande e li te kanpe fèm.
10 Seyè a detounen plan travay peyi yo, li anpeche pèp yo reyalize sa yo te gen lide fè.
SENYÈ a ranvèse konsèy a nasyon yo. Li anile pwojè a pèp yo.
11 Men, plan travay Seyè a la pou tout tan. Sa l' gen lide fè a ap toujou fèt.
Konsèy SENYÈ a kanpe jis pou tout tan, e pwojè a kè Li yo de jenerasyon an jenerasyon.
12 Ala bon sa bon lè yon peyi gen Seyè a pou Bondye li! Ala bon sa bon pou pèp li chwazi pou rele l' pa l' la!
Beni se nasyon ki gen Bondye kon SENYÈ yo,
13 Seyè a rete nan syèl la, li gade anba, li wè tout moun.
pèp ke Li te chwazi pou pwòp eritaj Li a. SENYÈ a gade depi nan syèl la. Li wè tout fis a lòm yo.
14 Kote li ye lakay li a, li gade anba, li wè sa tout moun ap fè sou tè a.
Soti nan abitasyon Li an, Li veye sou tout (sila) ki rete sou latè yo.
15 Se li menm ki penmèt yo gen lide nan tèt yo, l'ap veye tou sa y'ap fè.
Li menm ki fòme kè a yo tout, Li menm ki konprann tout zèv yo.
16 Se pa yon gwo lame k'ap fè yon wa genyen batay la. Se pa gwo kouray k'ap fè yon sòlda kraze lènmi l' yo.
Wa a pa sove pa yon lame pwisan. Yon gèrye pa delivre pa gran fòs Li.
17 Pa mete nan tèt ou yon chwal ka fè ou genyen batay la. Bon kou l' bon, li pa ka sove pesonn.
Yon cheval se yon fo espwa pou viktwa a, ni li p ap delivre pèsòn ak pwisans li.
18 Seyè a ap veye sou moun ki gen krentif pou li. L'ap veye sou moun ki met espwa yo nan li paske yo konnen li renmen yo.
Veye byen, zye SENYÈ a sou (sila) ki krent Li yo, sou (sila) ki mete espwa yo nan lanmou dous Li a,
19 L'ap rache yo anba lanmò. L'ap kenbe yo vivan lè grangou tonbe sou peyi a.
pou delivre nanm pa yo devan lanmò, e kenbe yo vivan nan gwo grangou.
20 Nou mete tout espwa nou nan Seyè a. Se li menm ki tout sekou nou. Se li menm ki tout pwoteksyon nou.
Nanm nou ap tann SENYÈ a. Se Li menm ki sekou nou ak boukliye nou.
21 Se li ki fè kè nou kontan. Nou mete konfyans nou nan li ki yon Bondye apa.
Paske kè nou rejwi nan Li, akoz nou mete konfyans nou nan sen non Li.
22 Tanpri, Seyè, toujou fè nou favè, menm jan nou menm nou mete tout espwa nou nan ou.
Kite lanmou dous Ou, O SENYÈ, vin poze sou nou, selon esperans ke nou te mete nan Ou a.

< Sòm 33 >