< Sòm 31 >
1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Seyè, m'ap chache pwoteksyon anba zèl ou! Pa janm kite m' pran wont ankò. Ou se yon Bondye ki pa nan patipri. Tanpri, delivre mwen.
Yon Sòm David Nan Ou menm, SENYÈ, mwen kache. Pa janm kite mwen vin wont. Nan ladwati Ou, delivre mwen.
2 Panche zòrèy ou bò kote m', prese vin delivre mwen. Se ou menm ki twou wòch kote m' ka jwenn pwoteksyon. Se ou menm ki pou sèvi m' ranpa. Se ou menm ki pou delivre m'.
Panche zòrèy W bò kote mwen. Delivre mwen byen vit. Devni pou mwen wòch ki ban m fòs, yon sitadèl ki pou sove m.
3 Se ou ki tout pwoteksyon mwen, tout defans mwen. Tanpri, dirije m', kondi m' poutèt non ou pote a.
Paske Ou se wòch mwen ak sitadèl mwen, konsa, pou koz a non Ou, Ou va gide mwen.
4 Pa kite m' tonbe nan pèlen yo tann pou mwen an. Se ou menm k'ap pwoteje m'.
Ou va rale m sòti nan filè ke yo te prepare an sekrè pou mwen an, paske se Ou ki fòs mwen.
5 Mwen renmèt lespri mwen nan men ou. W'a delivre m', Seyè, paske ou se yon Bondye ki kenbe pawòl li.
Nan men Ou, mwen mete lespri mwen. Ou te rachte m, O SENYÈ, Bondye verite a.
6 Ou rayi moun k'ap adore zidòl. Pou mwen menm, tout konfyans mwen se nan ou li ye.
Mwen rayi (sila) ki fè rega a fo zidòl yo, men nan Bondye, mwen mete konfyans mwen.
7 M'ap kontan, m'ap fè fèt, paske ou renmen m'. Ou wè jan m'ap soufri, ou konnen nan ki pwoblèm mwen ye.
Mwen va rejwi e fè kè kontan nan lanmou dous Ou, akoz Ou te wè soufrans mwen. Ou te wè soufrans a nanm mwen.
8 Ou pa kite lènmi m' yo mete men sou mwen, ou mete m' yon kote pou anyen pa rive m'.
Ou pa t lage mwen nan men a lènmi an. Ou te mete pye mwen nan yon kote byen laj.
9 Gen pitye pou mwen, Seyè, paske mwen anba tray. Figi m' fin rale, mwen kagou. Kò m' ap fin deperi afòs mwen gen lapenn.
Fè m gras, O SENYÈ, paske mwen nan gwo twoub. Zye m ak kò m ak nanm mwen; tout fin gate nèt akoz doulè m.
10 Mwen pase tout lavi m' ap soufri, se tout tan m'ap plenn. Mwen santi m'ap febli paske mwen fè twòp move bagay. Tout zo nan kò m' ap fè m' mal.
Paske lavi m fin pase nèt ak gwo doulè m, ane mwen yo avèk soupi. Fòs mwen fin ale akoz inikite m. Kò mwen fin epwize.
11 Tout lènmi m' yo ap pase m' nan rizib. Vwazen m' yo ap pase m' nan betiz. Tout moun ki konnen m' yo pè m'. Lè yo wè m' nan lari, yo kouri pou mwen.
Akoz tout advèsè mwen yo, mwen te devni yon objè abominab, sitou a vwazen mwen yo, e yon objè laperèz a (sila) ki rekonèt mwen yo. (Sila) ki wè m nan lari yo sove ale devan m.
12 Tout moun gen tan bliye m', tankou si m' te mouri deja. Mwen tankou yon vye bagay yo voye jete.
Mwen fin bliye tankou yon moun mouri, disparèt nan panse moun. Mwen tankou yon veso ki fin kraze.
13 Mwen tande jan anpil moun ap pale m' mal. Kote m' pase mwen pè. Yo mete tèt yo ansanm sou do m', y'ap fè konplo pou yo touye m'.
Paske mwen konn tande kout lang anpil moun, laperèz toupatou. Yo pran konsèy ansanm kont mwen. Yo te fè konplo pou rache lavi m.
14 Men, Seyè, se nan ou mwen mete tou konfyans mwen. Se ou ki Bondye mwen.
Men pou mwen, mwen mete konfyans nan Ou, O SENYÈ. Mwen di: “Se Ou menm ki Bondye mwen”.
15 Lavi m' nan men ou. Delivre m' anba lènmi m' yo, anba moun k'ap pèsekite m' yo.
Moman mwen yo nan men Ou. Delivre mwen nan men a lènmi mwen yo, avèk (sila) ki pèsekite mwen yo.
16 Se sèvi m'ap sèvi ou, tanpri, fè m' santi ou la avèk mwen. Delivre m', paske ou renmen m'.
Fè limyè figi Ou vin parèt sou sèvitè Ou a. Sove mwen nan lanmou dous Ou a.
17 M'ap rele ou, Seyè. Pa kite m' pran wont. Se mechan yo ki pou wont. Se pou yo mouri san di krik. (Sheol )
Pa kite mwen fè wont, O SENYÈ, paske se Ou ke m rele. (Sheol )
18 Se pou yo rete san pale, moun sa yo k'ap bay manti, tout moun sa yo k'ap fè grandizè yo, k'ap fè awogans, k'ap pale mal sou moun k'ap mache dwat devan Bondye yo.
Kite lèv ki manti yo sispann, (sila) yo ka p pale ak awogans kont moun dwat yo, k ap fè ògèy pou desann moun.
19 Ala bon yo bon, bagay ou kenbe an rezèv pou moun ki gen krentif pou ou! Ala bèl yo bèl, bagay ou fè devan tout moun, lè w'ap pwoteje moun k'ap chache pwoteksyon anba zèl ou!
Men a la gran, bonte ke Ou te konsève pou (sila) ki krent Ou yo, ke Ou te fòje pou (sila) ki kache nan Ou yo, devan fis a lòm yo!
20 Ou kenbe yo la devan je ou, pou ou ka pwoteje yo anba moun k'ap pèsekite yo. Ou kache yo lakay ou pou yo pa fini ak yo anba kout lang.
Ou kache yo nan kote sekrè a prezans Ou, kont tout manèv a lòm. Ou konsève yo an sekrè nan yon pwotèj kont konplo a tout lang lèzòm.
21 Lwanj pou Seyè a! Ala bèl bagay li fè pou l' moutre jan l' renmen mwen, lè m' te anba tray, lè yo te sènen m' toupatou a!
Beni se SENYÈ a, paske li te fè mèvèy a lanmou dous Li a anvè mwen nan yon vil byen fò.
22 Mwen te pè, mwen t'ap di nan kè m': -Gen lè ou voye m' jete byen lwen ou. Men, ou te tande rèl mwen, lè m' t'ap mande ou sekou.
Pou mwen, mwen te di ak kè sote mwen: “Mwen koupe retire nèt devan zye Ou”. Sepandan, Ou te tande vwa a siplikasyon mwen yo lè m te kriye a Ou menm.
23 Nou tout k'ap sèvi Seyè a, se pou nou renmen l'. Wi, Seyè a pwoteje tout moun ki kenbe fèm nan li. Men, se pa ti pini l'ap pini moun k'ap vante tèt yo.
O renmen SENYÈ a, nou tout, moun fidèl yo! SENYÈ a toujou prezève moun fidèl yo, e bay pwòp rekonpans a (sila) ki plen ògèy yo.
24 Nou tout ki met espwa nou nan Seyè a, pran kouraj, kenbe fèm.
Kenbe fèm e kite kè ou pran kouraj, nou tout ki mete espwa nan SENYÈ a.