< Sòm 3 >
1 David t'ap kouri pou Absalon, pitit li, lè li ekri sòm sa a. Seyè, ala anpil lènmi m' yo anpil! Ala anpil moun k'ap leve dèyè m' yo anpil!
Yon Sòm a David lè l te sove ale devan Absalom, fis li a O SENYÈ, gade kijan lènmi mwen yo ap miltipliye; Anpil moun leve kont mwen.
2 Ala anpil moun k'ap pale sou mwen yo anpil! Y'ap di: Aa! Bondye p'ap delivre l'!
Anpil moun pale de nanm mwen, “Nanpwen delivrans pou li nan Bondye.” Tan
3 Men ou menm, Seyè, w'ap toujou pran defans mwen. W'ap fè m' genyen batay la. Ou p'ap kite m' wont devan lènmi m' yo.
Men Ou menm, O SENYÈ, se yon pwotèj ki antoure mwen, glwa mwen, ak (Sila) ki fè tèt mwen leve a.
4 Mwen rele Seyè a ak tout fòs mwen. Li rete sou mòn ki apa pou li a, li reponn mwen.
Mwen t ap kriye a SENYÈ a ak vwa mwen; Li te reponn mwen soti nan mòn sen Li an Tan
5 Mwen kouche, mwen dòmi, mwen leve anbyen, paske Seyè a ap soutni mwen.
Mwen te kouche e dòmi; mwen te leve, paske se SENYÈ a ki ban m fòs.
6 Mwen pa pè tout kantite moun sa yo ki sènen m' toupatou.
Mwen p ap pè menm dè milye de moun ki ta pran pozisyon kont mwen de tout kote.
7 Leve non, Seyè! Sove m' non, Bondye mwen! Ou bay tout lènmi m' yo yon souflèt. Ou kase dan mechan yo.
Leve, O SENYÈ! Sove mwen, O Bondye mwen! Paske Ou te souflete tout lènmi mwen yo. Ou te kraze dan a mechan yo.
8 Se ou menm sèl, Seyè, ki ka sove nou. Beni tout pèp ou a.
Delivrans se nan SENYÈ a. Ke benediksyon Ou toujou poze sou pèp Ou a.