< Sòm 29 >
1 Se yon sòm David. Nou tout pitit Bondye yo, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj Seyè a pou pouvwa ak fòs li genyen!
Yon sòm David Bay a SENYÈ a, O Fis a moun pwisan yo, bay a SENYÈ a, glwa avèk gwo fòs.
2 Fè lwanj non Seyè ki gen pouvwa a! Adore Seyè a nan bèl kay ki apa pou li a!
Bay a SENYÈ a, glwa ke non Li merite a. Adore SENYÈ a avèk tout sa ki sen.
3 Seyè a fè tande vwa li sou lanmè. Bondye ki gen pouvwa a fè loraj yo gwonde. Seyè a ap mache sou tout lanmè a.
Vwa SENYÈ a sou dlo yo. Bondye glwa la fè tonnè gwonde, eklate. SENYÈ a sou anpil dlo.
4 Vwa Seyè a se yon vwa ki gen pouvwa! Se yon vwa ki mande pou moun respekte l'!
Vwa SENYÈ a gen gwo fòs. Vwa SENYÈ a ranpli ak majeste.
5 Vwa Seyè a kase pye sèd yo, li kase pye sèd peyi Liban yo.
Vwa SENYÈ a fann bwa sèd yo. Wi, SENYÈ a fann an mòso bwa sèd Liban yo.
6 Li fè mòn nan peyi Liban yo sote ponpe tankou ti gazèl bèf. Li fè mòn Siryon yo sote ponpe tankou jenn ti towo bèf.
Li fè Liban sote. Li ponpe tankou yon ti bèf, e Sirion tankou yon jèn bèf mawon.
Vwa SENYÈ a koupe fè flanm dife.
8 Vwa Seyè a fè dezè a tranble. Wi, li fè dezè Kadès la tranble.
Vwa SENYÈ a souke savann nan. Vwa SENYÈ a souke savann Kadès la.
9 Vwa Seyè a tòde pye chenn yo. Li fè tout fèy nan rakbwa tonbe. Nan tanp li, tout moun ap fè lwanj pou li.
Vwa SENYÈ a fè bich la fè pitit. Li fè forè a vin toutouni. Nan tanp Li a, tout moun ki la yo rele: “Glwa”!
10 Seyè a te chita sou fotèy li lè te gen gwo inondasyon an. L'ap gouvènen tankou wa pou tout tan.
SENYÈ a te chita kon Wa nan gran inondasyon an. Wi, SENYÈ a chita kon Wa jis pou tout tan.
11 Seyè a va bay pèp li a fòs, l'a beni yo, l'a ba yo kè poze.
SENYÈ a va bay fòs a pèp Li a. SENYÈ a va beni pèp li a avèk lapè.