< Sòm 24 >

1 Se yon sòm David. Se pou Seyè a tè a ye ansanm ak tou sa ki sou li. Se pou Seyè a lemonn antye ansanm ak tou sa k'ap viv ladan l'.
A Psalm of David. The earth is the LORD’s, and the fullness thereof, the world and all who dwell therein.
2 Li mete fondasyon tè a nan fon lanmè, li fè l' chita sou gwo larivyè yo.
For He has founded it upon the seas and established it upon the waters.
3 Ki moun ki gen dwa moute sou mòn ki pou Seyè a? Ki moun li kite antre nan kay ki apa pou li a?
Who may ascend the hill of the LORD? Who may stand in His holy place?
4 Se moun ki pa fè anyen ki mal, moun ki pa gen move lide nan tèt yo. Se moun ki pa nan bay manti, moun ki pa nan fè sèman pou twonpe moun.
He who has clean hands and a pure heart, who does not lift up his soul to an idol or swear deceitfully.
5 Seyè a va beni moun konsa. Bondye k'ap delivre l' la va fè l' gras.
He will receive blessing from the LORD and vindication from the God of his salvation.
6 Se moun konsa ki pou chache Seyè a, ki pou chache parèt devan Bondye Jakòb la.
Such is the generation of those who seek Him, who seek Your face, O God of Jacob.
7 Wete lento pòt yo! Louvri batan pòt yo gran louvri pou wa ki gen pouvwa a ka antre!
Lift up your heads, O gates! Be lifted up, O ancient doors, that the King of Glory may enter!
8 Kilès ki wa ki gen pouvwa sa a? Se Seyè ki gen fòs ak kouraj la, li vanyan nan batay.
Who is this King of Glory? The LORD strong and mighty, the LORD mighty in battle.
9 Wete lento pòt yo! Louvri batan pòt yo gran louvri pou wa ki gen pouvwa a ka antre!
Lift up your heads, O gates! Be lifted up, O ancient doors, that the King of Glory may enter!
10 Kilès ki wa ki gen pouvwa sa a? Se Seyè ki chèf lame zanj yo, se li menm ki wa ki gen pouvwa a.
Who is He, this King of Glory? The LORD of Hosts— He is the King of Glory.

< Sòm 24 >