< Sòm 20 >

1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Se pou Seyè a reponn ou lè ou anba tray. Se pou Bondye Jakòb la pwoteje ou.
Au maître de chant. Psaume de David. Que Yahweh t’exauce au jour de la détresse, que le nom du Dieu de Jacob te protège!
2 Se pou l' rete lakay li pou l' voye ede ou. Se pou l' rete sou mòn Siyon an pou l' soutni ou.
Que du sanctuaire il t’envoie du secours, que de Sion il te soutienne!
3 Se pou l' chonje tou sa ou ofri ba li, pou l' kontan tou bèt ou fè touye pou li.
Qu’il se souvienne de toutes tes oblations, et qu’il ait pour agréable tes holocaustes! — Séla.
4 Se pou l' ba ou tou sa ou ta renmen. Se pou l' fè tou sa ou gen lide fè rive vre.
Qu’il te donne ce que ton cœur désire, et qu’il accomplisse tous tes desseins!
5 Lè sa a, n'ap rele, n'ap kontan dèske ou genyen batay la. N'ap fè fèt paske ou genyen batay la, n'ap fè lwanj Bondye nou an. Se pou Seyè a ba ou tou sa ou mande l'.
Puissions-nous de nos cris joyeux saluer ta victoire, lever l’étendard au nom de notre Dieu! Que Yahweh accomplisse tous tes vœux!
6 Koulye a, mwen konnen Seyè a ap fè moun li chwazi a genyen batay la. Li rete nan syèl la, nan kay ki pou li a, li reponn li. Li fè l' genyen batay la avèk gwo pouvwa li.
Déjà je sais que Yahweh a sauvé son Oint; il l’exaucera des cieux, sa sainte demeure, par le secours puissant de sa droite.
7 Gen moun ki mete konfyans yo nan machin pou fè lagè. Gen lòt moun, se nan chwal yo yo mete konfyans yo. Men nou menm, se nan pouvwa Seyè a, Bondye nou an, nou mete konfyans nou.
Ceux-ci comptent sur leurs chars, ceux-là sur leurs chevaux; nous, nous invoquons le nom de Yahweh, notre Dieu.
8 Yo menm, yo gen pou yo bite, pou yo tonbe. Men nou menm, nou kanpe, n'ap kenbe fèm.
Eux, ils plient et ils tombent; nous, nous nous relevons et tenons ferme.
9 Seyè, fè wa a genyen batay la non! Reponn nou non, lè n'ap rele ou!
Yahweh, sauve le roi! — Qu’il nous exauce au jour où nous l’invoquons.

< Sòm 20 >