< Sòm 19 >

1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Syèl la fè parèt aklè pouvwa Bondye a. Li fè wè tou sa Bondye te fè ak men l'.
Pou direktè koral la; yon sòm David Syèl yo ap pale glwa Bondye a. Jan yo tèlman gran deklare zèv men Li yo.
2 Jounen jòdi a rakonte koze sa a bay jounen denmen k'ap vini an. Lannwit sa a repete l' bay lannwit ki vin apre a.
Jou apre jou, l ap pale san rete; Nwit apre nwit, li revele konesans.
3 Yo pa pale, yo pa di yon mo. Ou pa tande yon ti bwi.
Nanpwen langaj, ni pa gen pawòl kote nou pa tande vwa yo.
4 Men, sa yo di a mache ale toupatou sou latè. Mesaj y'ap bay la rive jouk nan dènye bout latè. Bondye moute yon kay nan syèl la pou solèy la.
Sepandan, eko yo retanti sou tout latè, ak sa yo pale jis nan ekstremite latè a. Nan mitan yo, Li te plase yon tant pou solèy la,
5 Solèy la menm soti tankou yon nonm ki fèk marye k'ap soti anndan chanm li. Li kontan, l'ap kouri tankou yon gwonèg ki konnen li deja genyen kous la.
ki tankou yon jennonm ki fenk marye k ap sòti nan chanm li. Li rejwi kon yon nonm fò k ap fè kous.
6 Solèy la leve nan yon bout syèl la, li kouche nan lòt bout la. Chalè li bat sou tout bagay.
Li leve soti nan yon pwent syèl, pou fè wonn li rive jis nan lòt pwent lan. Anyen pa chape devan chalè li.
7 Lalwa Seyè a bon sou tout pwen. Li moutre nou jan pou nou viv. Nou mèt gen konfyans nan kòmandman Seyè a. Tout moun ki pa gen konprann, l'ap ba yo konprann.
Lalwa SENYÈ a pafè Li rekonfòte nanm. Temwayaj SENYÈ a vrè, k ap fè saj yo senp.
8 Regleman Seyè a se bagay ki dwat. Moun ki swiv yo ap gen kè kontan. Kòmandman li yo klè. Yo louvri je moun.
Prensip a SENYÈ yo dwat, ki fè kè rejwi. Kòmandman SENYÈ a san tach. Li fè zye yo limen.
9 Se pou nou gen krentif pou Seyè a yon jan ki san repwòch. Epi se tout tan pou nou gen krentif sa a. Jijman Seyè a se verite, yo pa janm nan patipri.
Lakrent SENYÈ a pi; Li dire jis pou tout tan. Jijman yo SENYÈ a vrè; Yo jis san manke.
10 Moun ap kouri dèyè yo pi rèd pase dèyè lò, menm pase lò ki pi bon an. Yo pi dous pase siwo myèl, menm pase siwo k'ap degoute nan gato myèl.
Yo pi chè pase lò, wi, pase anpil lò fen. Yo pi dous pase myèl, pase siwo a ki tonbe nan gato myèl la.
11 Mwen menm k'ap sèvi ou la, yo ban m' anpil konesans. Gen gwo rekonpans pou moun k'ap obeyi yo.
Anplis, se pa yo menm ke sèvitè Ou a resevwa avètisman pou fè atansyon. Pou (sila) ki kenbe yo, gen gran rekonpans.
12 Ki moun ki konnen tou sa li fè ki mal? Tanpri, Seyè, delivre m' anba sa mwen fè ki mal san m' pa konnen!
Se kilès ki kab rekonèt fot li? Padone mwen pou fot ke m pa konnen yo.
13 Mwen menm k'ap sèvi ou la, pwoteje m' tou anba peche mwen fè ak tout konesans mwen. Pa kite yo pran pye sou mwen. Se lè sa a m'a san repwòch. Se lè sa a m'a delivre anba gwo peche a.
Anplis, pwoteje sèvitè ou a kont peche ògèy yo. Pa kite yo vin domine m. Konsa, mwen kab rete san fot, epi va inosan a gran peche.
14 Seyè, se ou ki twou wòch kote m' kache a, se ou ki delivrans mwen, mwen mande ou pou pawòl ki soti nan bouch mwen, ak lide k'ap travay nan tèt mwen fè ou plezi.
Kite pawòl bouch mwen a avèk refleksyon kè m vin akseptab devan zye Ou, O SENYÈ, wòch mwen, ak sovè mwen an.

< Sòm 19 >