< Sòm 12 >

1 Pou chèf sanba yo. Sou wityèm lan. Se yon sòm David. vin sove nou non, Seyè! Pa gen moun ki renmen ou ankò! Pa gen moun sou latè k'ap sèvi ou ak tout kè yo ankò!
大衛的詩,交與伶長。調用第八。 耶和華啊,求你幫助,因虔誠人斷絕了; 世人中間的忠信人沒有了。
2 Yonn ap bay lòt manti. Yonn ap flate lòt, yonn ap twonpe lòt.
人人向鄰舍說謊; 他們說話,是嘴唇油滑,心口不一。
3 Seyè, fèmen bouch bann flatè sa yo, bann moun sa yo k'ap vante tèt yo.
凡油滑的嘴唇和誇大的舌頭, 耶和華必要剪除。
4 Y'ap plede di: -Nou pale jan nou vle. Bouch nou rele n' pa nou. Ki moun ki pou pase nou lòd?
他們曾說:我們必能以舌頭得勝; 我們的嘴唇是我們自己的, 誰能作我們的主呢?
5 Y'ap peze malere yo. Pòv yo ap soufri, y'ap plenyen. Men, Seyè a di: M'ap vini koulye a. M'ap ba yo sekou y'ap tann lan.
耶和華說:因為困苦人的冤屈 和貧窮人的歎息, 我現在要起來, 把他安置在他所切慕的穩妥之地。
6 Pawòl Seyè a se bon pawòl. Li tankou lajan yo pase sèt fwa nan dife pou wè si li bon.
耶和華的言語是純淨的言語, 如同銀子在泥爐中煉過七次。
7 Ou menm, Seyè, w'a toujou defann nou! Pa kite moun sa yo fè nou anyen!
耶和華啊,你必保護他們; 你必保佑他們永遠脫離這世代的人。
8 Mechan yo ap pwonmennen sou moun toupatou: se tout moun k'ap fè lwanj move bagay y'ap fè yo.
下流人在世人中升高, 就有惡人到處遊行。

< Sòm 12 >