< Sòm 114 >
1 Lè pèp Izrayèl la te soti nan peyi Lejip, lè pitit pitit Jakòb yo te kite peyi etranje yo,
Lè Israël te sòti an Égypte, lakay Jacob soti de yon pèp lang etranje,
2 Bondye chwazi branch fanmi Jida a pou pèp li, moun Izrayèl yo pou byen pa l'.
Juda te vin sanktiyè Li a, Israël, wayòm Li.
3 Lè Lanmè Wouj la wè l', li pran kouri san gad dèyè. Larivyè Jouden sispann koule desann.
Lanmè a te gade e te sove ale. Jourdain an te vire fè bak.
4 Mòn yo sote ponpe tankou bouk kabrit, ti mòn yo sote ponpe tankou ti mouton.
Mòn yo te sote tankou belye, kolin yo tankou ti mouton.
5 Kisak pase ou, lanmè, kifè ou pran kouri konsa? Ou menm larivyè Jouden, kisak rive ou kifè ou sispann koule?
Sa k pase ou menm, O lanmè, ke ou te sove ale konsa? O Jourdain an, ke Ou te vire fè bak konsa?
6 Nou menm mòn yo, sa nou genyen pou n'ap sote ponpe konsa tankou bouk kabrit? Nou menm ti mòn yo, poukisa n'ap sote ponpe tankou ti mouton?
O mòn yo, ke ou sote tankou belye konsa? O kolin yo, tankou ti mouton konsa?
7 Ou menm latè, tranble devan Seyè a, devan Bondye Jakòb la.
Pran tranble, O latè, devan SENYÈ a, Devan Bondye a Jacob la,
8 Se li menm ki fè gwo wòch la tounen yon basen dlo, li fè wòch la tounen yon sous dlo.
Ki te fè wòch la devni yon ma dlo, wòch silèks la yon sous k ap koule.