< Sòm 108 >

1 Se yon chante David. Mwen pare, Bondye. Mwen pral chante, mwen pral fè lwanj ou ak tout kè mwen.
大卫的诗歌。 神啊,我心坚定; 我口要唱诗歌颂!
2 M'ap pran gita mwen, m'ap pran bandjo mwen, mwen pral fè solèy leve!
琴瑟啊,你们当醒起! 我自己要极早醒起!
3 Seyè, m'a fè lwanj ou nan mitan pèp yo! M'a chante pou ou nan mitan tout nasyon yo!
耶和华啊,我要在万民中称谢你, 在列邦中歌颂你!
4 Ou renmen nou anpil anpil, ou toujou kenbe pawòl ou.
因为,你的慈爱大过诸天; 你的诚实达到穹苍。
5 Bondye, fè wè nan syèl la jan ou gen pouvwa! Fè yo wè pouvwa ou sou tout latè!
神啊,愿你崇高过于诸天! 愿你的荣耀高过全地!
6 Delivre nou ak pouvwa ou! Reponn nou lè nou lapriyè nan pye ou, pou moun ou renmen anpil yo ka jwenn delivrans.
求你应允我们,用右手拯救我们, 好叫你所亲爱的人得救。
7 Bondye rete kote ki apa pou li a, li di: -Mwen kontan anpil. Mwen pral separe lavil Sichèm. Mwen pral fè apantaj Fon Soukòt.
神已经指着他的圣洁说: 我要欢乐;我要分开示剑, 丈量疏割谷。
8 Peyi Galarad, se pou mwen li ye. Peyi Manase tou. M'ap fè peyi Efrayim tounen yon kas pou pwoteje tèt mwen. Peyi Jida, se baton kòmandman m' li ye.
基列是我的; 玛拿西是我的; 以法莲是护卫我头的; 犹大是我的杖;
9 Men, m'ap fè peyi Moab sèvi m' kivèt pou m' fè twalèt mwen. M'ap poze men m' sou peyi Edon. Peyi Filisti a menm, m'ap mache pran l' ak kè kontan.
摩押是我的沐浴盆; 我要向以东抛鞋; 我必因胜非利士呼喊。
10 Ki moun ki pou mennen m' nan lavil ki byen gade a? Ki moun ki pou mennen m' lavil Edon?
谁能领我进坚固城? 谁能引我到以东地?
11 Eske se pa ou menm, Bondye, ki pou fè sa pou mwen, ou menm ki te vire do ban nou, ou menm ki pa soti ansanm ak lame nou yo ankò?
神啊,你不是丢弃了我们吗? 神啊,你不和我们的军兵同去吗?
12 Tanpri, ede nou goumen kont lènmi nou yo, paske sekou lèzòm se pawòl nan bouch.
求你帮助我们攻击敌人, 因为人的帮助是枉然的。
13 Avèk Bondye bò kote nou, n'a fè bèl bagay nan lagè. Se li menm k'ap kraze lènmi nou yo anba pye l'.
我们倚靠 神才得施展大能, 因为践踏我们敌人的就是他。

< Sòm 108 >