< Sòm 102 >

1 Lapriyè yon moun ki anba tray. Li pa kapab sipòte ankò. L'ap rakonte Bondye ka li. Seyè, koute m' non lè m'ap lapriyè, se pou rèl mwen rive nan zòrèy ou.
“A prayer of the afflicted, when in deep distress he poureth out his complaint before the Lord.” Hear my prayer, O LORD! And let my cry come unto thee!
2 Pa vire do ban mwen lè mwen nan traka. Panche zòrèy ou bò kote m'. Prese vin reponn mwen lè m'ap rele ou.
Hide not thy face from me in the day of my trouble; Incline thine ear to me when I call! Answer me speedily!
3 Lavi m' ap disparèt tankou lafimen. Mwen gen yon lafyèb nan zo.
For my life is consumed like smoke, And my bones burn like a brand.
4 Mwen anba gwo kou. Mwen tankou zèb koupe k'ap cheche. Mwen sitèlman boulvèse, mwen pa menm chonje manje.
My heart is smitten and withered like grass; Yea, I forget to eat my bread.
5 Mwen tounen zo ak po tèlman m'ap plenn.
By reason of my sighing, my bones cleave to my skin;
6 Mwen sanble yon tako savann, mwen tankou frize ki rete nan vye kay kraze.
I am like the pelican of the wilderness; I am like an owl amid ruins.
7 Mwen pa ka dòmi, mwen tankou yon zwezo ki pou kont li sou yon do kay.
I am sleepless; I am like a solitary bird upon the house-top.
8 Tout lajounen lènmi m' yo ap joure m'. Moun k'ap pase m' nan rizib yo pran non m' sèvi jouman.
All the day long my enemies reproach me; They who rage against me curse by me.
9 Se sann dife ki tout manje m'. Dlo nan je m' fè yon sèl ak dlo m'ap bwè.
For I eat ashes like bread, And mingle my drink with tears.
10 Ou sitèlman ankòlè, ou sitèlman fache, ou pran m', ou voye m' jete byen lwen.
On account of thine indignation and thy wrath; For thou hast lifted me up and cast me down!
11 Kò m' ap tchoule tankou solèy k'ap kouche. M'ap cheche tankou zèb.
My life is like a declining shadow, And I wither like grass.
12 Men ou menm, Seyè, w'ap gouvènen pou tout tan. Pitit an pitit y'ap chonje non ou!
But thou, O LORD! endurest for ever, And thy name from generation to generation!
13 W'a leve, w'a gen pitye pou lavil Siyon an, paske li lè pou ou gen pitye pou li. Jou a rive.
Thou wilt arise and have pity upon Zion, For the time to favor her, yea, the set time, is come.
14 Moun k'ap sèvi ou yo renmen lavil Siyon an. Kè yo fè yo mal pou yo wè jan l'ap fini.
For thy servants take pleasure in her stones; Yea, they have a regard for her dust.
15 Lè sa a, moun lòt nasyon yo va gen krentif pou Seyè a, tout wa ki sou latè va pè bèl pouvwa li.
Then shall the nations fear the name of Jehovah, And all the kings of the earth thy glory.
16 Seyè a va rebati lavil Siyon, l'a fè wè jan li gen pouvwa.
For Jehovah will build up Zion; He will appear in his glory.
17 L'a pran ka moun ki san sekou yo lè y'a lapriyè, wi, li p'ap meprize lapriyè yo.
He will regard the prayer of the destitute, And not despise their supplication.
18 Se pou yo ekri sa pou timoun k'ap vini yo ka konnen l', pou timoun ki poko fèt yo ka fè lwanj li.
This shall be written for the generation to come, That the people to be born may praise Jehovah.
19 Seyè a rete anwo nan kay ki apa pou li a, li gade anba, li rete anwo nan syèl la, l'ap gade sou latè,
For he looketh down from his holy height, From heaven doth he cast his eye upon the earth,
20 pou l' tande jan prizonye yo ap plenn, pou l' delivre moun yo kondannen amò yo.
To listen to the sighs of the prisoner. To release those that are doomed to death;
21 Konsa, moun va nonmen non Seyè a nan tout lavil Siyon an. Y'a fè lwanj li nan lavil Jerizalèm,
That they may declare the name of Jehovah in Zion, And his praise in Jerusalem,
22 lè tout nasyon yo ak tout gouvènman ki sou latè yo va sanble pou sèvi Seyè a.
When the nations are assembled together, And the kingdoms to serve Jehovah.
23 Mwen te jenn gason toujou lè Seyè a kraze kouraj mwen: li koupe sou lavi m'.
He hath weakened my strength on the way, He hath shortened my days.
24 Mwen di: Bondye mwen, ou menm k'ap viv pou tout tan, pa pran m' koulye a. Mwen jenn gason toujou.
I say, O my God! take me not away in the midst of my days! Thy years endure through all generations.
25 Se ou menm, Seyè, ki te kreye latè nan tan lontan. Se avèk men ou ou te fè syèl la.
Of old hast thou laid the foundations of the earth, And the heavens are the work of thy hands;
26 Yo gen pou yo disparèt, men ou menm w'ap toujou la. Yo gen pou yo vin vye tankou rad. W'ap chanje yo tankou yo chanje rad, w'a mete yo sou kote.
They shall perish, but thou shalt endure; Yea, all of them shall wax old like a garment; As a vesture shalt thou change them, And they shall be changed;
27 Men ou menm, ou p'ap janm chanje, ou p'ap janm mouri.
But thou art the same, And thy years have no end.
28 Pitit sèvitè ou yo va rete nan peyi a san danje. Pitit pitit yo va toujou viv devan je ou.
The children of thy servants shall dwell securely, And their posterity shall be established before thee.

< Sòm 102 >