< Pwovèb 24 >
1 Pa anvye sò mechan yo. Pa chache fè zanmi ak yo.
Pa fè anvi a moun mechan, ni dezire pou avèk yo;
2 Yon sèl bagay ki nan tèt yo, se fè mechanste. Yon sèl pawòl ki nan bouch yo, se fè moun mal.
paske panse yo fòmante vyolans e lèv yo pale inikite.
3 Bon konprann ap fè kay ou kanpe. Bon konesans ap fè l' kanpe fèm.
Avèk sajès, kay la bati e avèk bon konprann, li vin etabli.
4 Kote ki gen konesans, pyès kay yo plen ak bon bagay ki koute chè.
Pa konesans, chanm yon moun vin ranpli avèk tout bèl kalite richès.
5 Pito ou gen bon konprann pase ou gen fòs. Wi, moun ki gen konesans vo plis pase moun ki gwonèg.
Yon nonm saj byen fò, e yon nonm ak konesans ogmante pouvwa li.
6 Paske, se pou ou ranje plan ou anvan ou antre nan batay. Plis ou gen moun k'ap ba ou konsèy, plis ou gen chans pou ou genyen batay la.
Paske ak konsèy saj ou va fè lagè, e ak konseye an abondans, gen viktwa.
7 Pawòl moun konprann twò wo pou moun san konprann. Yo pa gen anyen pou yo di kote koze serye ap pale.
Sajès twò wo pou moun ensanse a; li pa ouvri bouch li nan pòtay la.
8 Lè yon moun tout tan ap kalkile jan pou l' fè sa ki mal, y'ap rele l' malveyan.
Yon moun ki fè plan pou fè mal, moun va rele li magouyè.
9 Tou sa moun san konprann gen lide fè, se fè sa ki mal. Konsa tou, moun pa vle wè moun k'ap plede pase moun nan betiz.
Fòmante foli se peche, e mokè a abominab a tout moun.
10 Si jou malè ou pa gen kouraj pou kenbe, ou pa t' janm gen fòs vre.
Si ou lach nan jou gran pwoblèm nan, fòs ou pa fò.
11 Delivre moun y'ap trennen pou y' al touye. Sove moun y'ap bourade pou y' al egzekite.
Delivre sila k ap mennen vè lanmò a, ak sila k ap mache tonbe vè labatwa a. O, kenbe yo!
12 Si ou pran pòz ou pa t' konn sa, chonje Bondye. Li menm k'ap jije sa ki nan kè moun, l'ap wè sa. Li menm k'ap veye tou sa w'ap fè, l'ap konn sa. L'ap fè tout moun peye pou sa yo fè.
Si ou di: “Gade, nou pa t konnen sa”; èske Li pa konsidere sa, sila ki peze kè? Epi èske Li pa konnen sa, sila kap kenbe nanm ou an? Èske Li p ap rann a lòm selon zèv li?
13 Pitit mwen, bwè siwo myèl, sa bon pou ou. Menm jan siwo myèl k'ap koule soti nan gato myèl dous nan bouch ou,
Fis mwen, manje siwo myèl, paske li bon; wi, siwo sòti nan nich lan dous pou goute.
14 se konsa konesans ak bon konprann bon pou nanm ou. Si ou genyen yo, w'a fè chemen ou nan lavi. Sa w'ap tann lan, lavalas p'ap pote l' ale.
Konnen ke sajès se konsa pou nanm ou; si ou twouve li, va gen yon avni, e espwa ou p ap anile.
15 Pa janm fè plan tankou mechan yo pou chache fofile kò ou anndan kay moun k'ap mache dwat. Pa chache devalize kote l' rete a.
Pa kouche mete pyèj, o lòm mechan, kont kote ke moun dwat la rete a. Pa detwi kote repo li a;
16 Paske, moun k'ap mache dwat yo te mèt tonbe sèt fwa. Pa pè, y'ap toujou leve ankò. Men, nan mechanste yo, mechan yo ap tonbe, yo p'ap ka leve ankò.
paske yon nonm ladwati tonbe sèt fwa e leve ankò, men se nan lè gwo malè ke mechan an tonbe.
17 Pa prese fè kè ou kontan lè malè rive lènmi ou. Pa kouri fè fèt lè li bite.
Pa rejwi lè lènmi ou tonbe. Ni pa kite kè ou kontan lè l tonbe;
18 Seyè a ap wè sa. Sa p'ap fè l' plezi. Li ka rive pa pini l' poutèt sa.
Oswa, SENYÈ a va wè l, vin pa kontan e detounen kòlè Li de li.
19 Pa kite moun k'ap fè sa ki mal fè ou pèdi tèt ou. Pa anvye sò mechan yo.
Pa twouble tèt ou pou malveyan yo, ni fè lanvi pou mechan yo,
20 Paske mechan yo pa pral lwen. Lavi yo tankou yon lanp k'ap mouri.
paske pou yon nonm mechan, pa gen avni. Lanp a mechan an va etenn nèt.
21 Pitit mwen, gen krentif pou Seyè a. Respekte wa a. Ou pa gen anyen pou ou wè ak moun k'ap kenbe tèt ak yo.
Fis mwen an, gen lakrent SENYÈ a ak wa a; pa asosye ak sila ki pa stab yo,
22 Moun sa yo ap rete konsa, malè ap tonbe sou yo. Ou pa janm konnen ki kalite malè Seyè a osinon wa a ka fè rive sou ou.
paske, malè yo va leve vit. Kilès ki konnen destriksyon an k ap sòti nan yo de a.
23 Men lòt pawòl moun ki gen bon konprann yo te di ankò. Sa pa bon pou yon jij gade sou figi moun lè l'ap rann jijman.
Sila yo, anplis, se pawòl a sajès: Fè patipri nan jijman pa bon.
24 Lè yon jij di yon moun ki fè sa ki mal: Se ou ki gen rezon, jij sa a, tout moun gen pou madichonnen l'. Y'ap rayi l' toupatou sou latè.
Sila ki di a mechan an: “Ou dwat”, pèp yo va modi li e nasyon yo va rayi li;
25 Men, jij ki pini moun ki antò a va gen kè kontan. Bondye va beni l'. Tout zafè l' va mache byen.
men pou sila ki repwoche mechan yo, lap wale byen ak yo. Bon benediksyon va tonbe sou yo.
26 Lè ou bay yon bon repons, ou aji tankou yon bon zanmi.
Yon repons onèt tankou yon bo sou lèv yo.
27 Regle tout zafè ou. Mete jaden ou anfòm. Apre sa, ou mèt tabli.
Prepare tout travay ou a deyò; byen prepare chan ou. Apre, alò, bati kay ou.
28 Pa leve pale sou do frè parèy ou san rezon. Pa bay manti sou li.
Pa vin yon temwen kont vwazen ou san koz, e pa bay manti ak lèv ou.
29 Pa janm di li fè m', m'ap fè l' tou. M'ap fè l' peye sa li fè a.
Pa di: “Se konsa mwen va fè l paske li te fè m konsa; mwen va rann a nonm nan selon zèv li yo.”
30 Mwen pase bò jaden yon nonm parese, bò jaden rezen yon moun ki san konprann.
Mwen te pase nan chan parese a; akote chan rezen a nonm ki manke bon konprann nan.
31 Pikan te fin pran jaden an nèt. Move zèb t'ap pouse toupatou. Lantouraj jaden yo te fin tonbe.
Epi gade byen, li te plen ak raje pikan, e kouvri ak move zèb, Miray an wòch la te fin kraze nèt.
32 Lè mwen wè sa, mwen kalkile. Mwen gade, sa ban m' yon leson.
Lè m te wè, mwen te reflechi sou sa; mwen te gade e m te resevwa enstriksyon.
33 Dòmi, kabicha, kouche sou do, kwaze men ou dèyè tèt ou... Se bon!
“Yon ti dòmi, yon ti somèy, yon ti pliye men pou repoze,”
34 W'ap rete konsa, w'ap wè ou pòv. Mizè ap tonbe sou ou tankou yon ansasen san ou pa atann.
Konsa mizè ou va vin parèt sou ou tankou yon vòlè; ak bezwen tankou yon bandi kon zam.