< Pwovèb 13 >
1 Yon pitit gason ki gen bon konprann ap koute lè papa l' ap rale zòrèy li. Men, moun k'ap pase moun nan betiz p'ap janm koute lè y'ap fè l' obsèvasyon pou korije l'.
Yon fis ki saj aksepte disiplin a papa l, men yon mokè pa koute repwòch.
2 Rekonpans yon moun chita sou sa li di ak bouch li. Men, moun ki ipokrit renmen fè mechanste.
Fwi pawòl la ki soti nan bouch moun se rejwisans de sa ki bon; men volonte moun infidèl se vyolans.
3 Veye pawòl ki soti nan bouch ou, w'a pwoteje lavi ou. Moun k'ap prese louvri bouch yo pale ap detwi pwòp tèt yo.
Sila ki kontwole bouch li, konsève lavi li; sila ki ouvri lèv li byen laj va detwi nèt.
4 Parese p'ap janm jwenn sa yo ta renmen genyen. Men, moun k'ap travay di ap jwenn tou sa yo ta renmen genyen.
Nanm a parese a anvi, e li pa jwenn; men nanm a moun dilijan an vin gra.
5 Moun k'ap mache dwat pa vle wè moun k'ap bay manti. Men, sa mechan yo ap fè a se yon wont, se yon dezonè pou tèt yo.
Yon nonm dwat rayi sa ki fo; men zak mechan yo degoutan e fè gwo wont.
6 Lè ou toujou fè sa ki byen, lajistis ap pwoteje ou. Men, peche lakòz mechan yo disparèt.
Ladwati se yon pwotèj pou sila ki san fot la; men mechanste fè pechè a vin souye nèt.
7 Gen moun ki pa gen anyen men ki pran pòz moun rich yo. Gen moun ki pran pòz moun pòv yo, epi se yo ki gen fòtin.
Genyen moun ki pretann yo rich, men yo pa gen anyen; yon lòt pretann li malere men li gen gwo richès.
8 Yon moun rich sèvi ak lajan l' pou l' sove lavi l'. Moun ki pòv pa vle tande lè w'ap rele dèyè l'.
Ranson pou lavi a yon nonm rich se richès li; men malere a pa tande menas.
9 Moun k'ap mache dwat yo tankou lanp k'ap klere byen klere. Men, mechan yo tankou yon lanp ki prèt pou mouri.
Limyè a moun dwat la se rejwisans; men lanp a mechan an va etenn.
10 Moun awogan yo toujou ap pouse dife. Men, moun ki koute konsèy, se moun ki gen bon konprann.
Ògèy pa pote anyen sof ke konfli; men sajès rete ak sila ki resevwa konsèy yo.
11 Lajan ou fè fasil pa lwen fini. Lajan ou fè nan di ap toujou fè pitit.
Richès ki sòti nan manti koule ale; men sila ki rasanble ak men li, fè l grandi.
12 Lè ou pa jwenn sa ou t'ap tann lan, se bagay ki pou fè ou malad. Men, lè ou jwenn sa ou te anvi a, se lavi pou ou.
Lespwa jennen fè kè a malad; men dezi acheve a se yon pyebwa lavi.
13 Lè ou pa respekte pawòl ki nan lalwa Bondye a, se dèt ou fè. Men, moun ki fè sa lalwa mande yo fè a ap jwenn rekonpans yo.
Sila ki meprize lenstriksyon va peye fwe a; men sila ki respekte lòd yo va resevwa rekonpans li.
14 Sa moun ki gen bon konprann ap moutre a bay lavi. L'ap ede ou pou ou pa tonbe lè lavi ou an danje.
Lenstriksyon a saj yo se yon fontèn dlo lavi pou detounen pèlen lanmò a.
15 Lè ou gen bon konprann, sa fè moun renmen ou. Men, lè moun pa ka fè ou konfyans, ou nan di.
Bon konprann pwodwi favè; men chemen moun ki pa fidèl la di.
16 Tout moun ki gen konprann kalkile byen anvan yo fè yon bagay. Men, moun san konprann yo ap fè ou wè jan yo sòt.
Tout moun ki pridan aji ak konesans; men yon moun san konprann parèt ak foli li.
17 Yon move komisyonè ap mete moun nan ka. Men, yon komisyonè serye ap bay moun kè poze.
Yon mesaje mechan tonbe nan advèsite; men sila ki pote pawòl ak bòn fwa a, pote gerizon
18 Yon moun ki refize aprann ap toujou pòv, l'ap toujou wont. Men, y'ap respekte moun ki koute lè yo rale zòrèy yo.
Mizè ak wont se pou sila ki manke disiplin nan; men sila ki konsidere repwòch la va onore.
19 Ala bon sa bon lè ou jwenn sa ou te anvi a! Moun san konprann derefize kite move chemen yo pran an.
Yon dezi ki realize se dous a nanm nan, men moun bèt pa vle kite mechanste.
20 Fè zanmi ak moun ki gen konesans, ou menm tou w'a vin gen konesans. Fè zanmi ak moun ki san konprann, ou nan pwoblèm.
Sila ki mache ak moun saj va vin saj; men bon zanmi a moun ensanse a va soufri.
21 Malè ap pousib moun k'ap fè sa ki mal. Men, moun ki mache dwat ap jwenn bon rekonpans.
Se malè ki kouri dèyè pechè yo; men moun dwat yo va pwospere.
22 Yon moun ki gen bon kè ap kite byen pou pitit pitit li. Men, richès moun k'ap fè sa ki mal, se moun ki mache dwat yo k'ap jwi li.
Yon bon moun va lese eritaj pou pitit pitit li; men richès a pechè yo konsève pou moun dwat yo.
23 Jaden malere bay kont manje. Men, lenjistis fè l' mouri grangou.
Gen anpil manje nan tè malere a; men li fin bale nèt akoz enjistis.
24 Si ou pè bat pitit gason ou, ou pa renmen l'. Si ou renmen l', se pou ou korije l'.
Sila ki ralanti baton li, rayi fis li; men sila ki renmen l va ba li disiplin ak dilijans.
25 Moun k'ap mache dwat toujou gen ase pou yo manje. Men, vant mechan yo pa janm plen.
Moun dwat la gen kont pou satisfè dezi li; men vant mechan an toujou gen bezwen.