< Resansman 2 >

1 Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa:
Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
2 -Lè moun pèp Izrayèl yo va rive yon kote pou yo rete, chak moun va moute tant yo toupre làbanyè yo, anba ti drapo branch fanmi zansèt yo. Y'a moute tant yo devan ak sou kote Tant Randevou a, men pa twò pre l'.
Fis Israël yo va fè kan, chak bò kote pwòp drapo pa yo, avèk drapo lakay papa zansèt pa yo. Yo va fè kan antoure tant asanble a, a yon distans.
3 Tout moun k'ap mache anba làbanyè Jida a va moute kan yo sou bò solèy leve, chak divizyon apa. Se Nakchon, pitit gason Aninabad la, ki te chèf fanmi Jida a.
Alò, sila ki fè kan nan kote lès la vè solèy leve yo va sila nan drapo kan an Juda yo, selon lame pa yo. Chèf dirijan a fis Juda yo vaNachschon, fis a Amminadab la,
4 Dapre resansman an, te gen swasannkatòzmil sisan (74.600) gason nan divizyon sa a.
avèk lame pa li. Men mesye ki te konte yo, swasann-katòz-mil-sis-san.
5 Moun Isaka yo va moute kan yo sou menm bò a, adwat moun Jida a yo. Se Netanèl, pitit gason Swa a, ki te chèf fanmi yo a.
Sila ki fè kan bò kote li yo va nan tribi Issacar. Chèf dirijan an va Nethaneel, fis a Tsuar a,
6 Dapre resansman an, te gen senkannkatmil katsan (54.400) gason nan divizyon sa a.
avèk lame pa li. Mesye ki te konte yo te senkant-kat-mil-kat-san.
7 Moun Zabilon yo va moute kan yo sou menm bò a tou, agoch moun Jida yo. Se Eliyab, pitit gason Elon an, ki te chèf fanmi yo a.
Sila a va swiv pa Zabulon, avèk chèf dirijan fis Zabulon yo: Eliab, fis a Hélon an,
8 Dapre resansman an, te gen senkannsètmil katsan (57.400) gason nan divizyon sa a.
avèk lame pa li, men mesye ki te konte yo, senkant-sèt-mil-kat-san.
9 Konsa, anba làbanyè Jida a, te gen twa divizyon. Sa te fè antou sankatrevensimil katsan (186,400) gason. Se toujou yo menm ki pou mache devan lè y'ap deplase.
Total a mesye ki te konte nan kan Juda a te: san-katreven-si-mil-kat-san selon lame pa yo. Yo va sòti avan.
10 Tout moun k'ap mache anba làbanyè Woubenn yo va moute kan yo sou bò sid, chak divizyon apa. Se Elisou, pitit gason Chedeyou a, ki te chèf fanmi Woubenn lan.
Nan kote sid la va gen drapo a kan Ruben an selon lame pa yo. Chèf a fis Ruben yo te: Élitsur fis a Schedéur a,
11 Dapre resansman an, te gen karannsimil senksan (46.500) gason nan divizyon sa a.
avèk lame pa li. Men mesye ki konte yo, karant-si-mil-senk-san.
12 Moun Simeyon yo va moute kan yo sou menm bò a, adwat moun Woubenn yo. Se Cheloumyèl, pitit gason Sourichadayi a, ki te chèf fanmi yo a.
Sila ki fè kan bò kote li yo va nan tribi Siméon. Chèf a fis Siméon yo te: Schelumiel, fis a Tsurischaddaï la,
13 Dapre resansman an, te gen senkannèfmil twasan (59.300) gason nan divizyon sa a.
avèk lame pa li. Mesye ki te konte yo te senkant-nèf-mil-twa-san.
14 Moun Gad yo va rete sou menm bò a, agoch moun Woubenn yo. Se Elyasaf, pitit gason Reouyèl la, ki te chèf fanmi yo a.
Swiv pa tribi Gad la, avèk chèf a fis Gad yo: Éliasapah, fis a Déuel la,
15 Dapre resansman an, te gen karannsenkmil sisan (45.600) gason nan divizyon sa a.
avèk lame pa li. Men mesye ki te konte yo; karann-senk-mil-sis-san-senkant.
16 Konsa, anba làbanyè Woubenn lan te gen twa divizyon. Sa te fè antou sansenkanteyenmil katsansenkant (151.450) gason. Se toujou yo menm ki pou mache an dezyèm pozisyon lè y'ap deplase.
Total a mesye konte nan kan Ruben an te: san-senkanteyen-mil-kat-san-senkant. Se yo k ap sòti nan dezyèm nan.
17 Lè tout moun ap deplase, y'a mache nan menm pozisyon yo mete yo lè y'ap moute kan yo, anba làbanyè yo: de divizyon devan, de divizyon dèyè ak fanmi Levi yo nan mitan ap pote Tant Randevou a.
Konsa, tant asanble a va sòti avèk kan levit yo nan mitan kan yo. Menm jan ke yo fè kan an, konsa yo va sòti, chak moun nan plas li bò kote drapo pa li.
18 Tout moun k'ap mache anba làbanyè Efrayim lan va moute kan yo sou solèy kouche, chak divizyon apa. Se Elichama, pitit gason Amiyoud la, ki te chèf fanmi Efrayin lan.
Nan kote lwès la, va gen drapo kan Ephraïm lan selon lame pa yo e chèf a fis Ephraïm yo va Élischama fis a Ammihud la.
19 Dapre resansman an, te gen karantmil senksan (40.500) gason nan divizyon sa a.
Nan lame pa li, men sa ki konte yo; karann-mil-senk-san.
20 Moun Manase yo va moute kan yo sou menm bò a, adwat moun Efrayim yo. Se Gamliyèl, pitit gason Pedachou a, ki te chèf fanmi yo a.
Akote li va gen tribi Manassé a, e chèf a fis Manassé yo te: Gamaliel, fis a Pedahstsur a,
21 Dapre resansman an, te gen tranndemil desan (32.200) gason nan divizyon sa a.
avèk lame pa li. Men mesye sila ki te konte yo, trant-de-mil-de-san.
22 Moun Benjamen yo va moute kan yo sou menm bò a tou, agoch moun Efrayim yo. Se Abidan, pitit gason Gideyoni a, ki te chèf fanmi yo a.
Apre se tribi a Benjamin an, e chèf a tribi Benjamin an te: Abidan, fis a Gideoni a,
23 Dapre resansman an, te gen trannsenkmil katsan (35.400) gason nan divizyon sa a.
avèk lame pa li. Men mesye sila ki te konte yo; trann-senk-mil-kat-san.
24 Konsa, anba làbanyè Efrayim lan, te gen twa divizyon. Sa te fè antou san witmil san (108.100) gason. Se toujou yo menm ki pou mache an twazyèm pozisyon lè y'ap deplase.
Total a mesye konte nan kan Ephraïm yo te: san-ui-mil-san pa lame pa yo. Yo va sòti nan twazyèm nan.
25 Tout moun k'ap mache anla làbanyè Dann lan va moute kan yo sou bò nò, chak divizyon apa. Se Ayezè, pitit gason Amichadayi a, ki te chèf fanmi Dann lan.
Nan kote nò va gen drapo pou kan Dan an, selon lame pa yo, e chèf a fis Dan yo te: Ahiézer, fis a Ammischaddaï a,
26 Dapre resansman an, te gen swasanndemil sètsan (62.700) gason nan divizyon sa a.
avèk lame pa li. Men mesye ki te konte yo; swasann-de-mil-sèt-san.
27 Moun Asè yo va moute kan yo sou menm bò a, adwat moun Dann yo. Se Pagiyèl, pitit gason Okran an, ki te chèf fanmi yo a.
Sila ki fè kan bò kote li yo va nan tribi Aser, e chèf a fis a Aser yo te: Paguiel, fis a Ocran an,
28 Dapre resansman an, te gen karanteyenmil senksan (41.500) gason nan divizyon sa a.
avèk lame pa li. Men mesye sila ki te konte yo; karanteyen-mil-senk-san.
29 Moun Neftali yo va moute kan yo sou menm bò a tou, agoch moun Efrayim yo. Se Ayira, pitit gason Enan an, ki te chèf fanmi yo a.
Apre se te tribi a Nephtali a, e chèf a fis a Nephtali yo te: Ahira, fis a Énan an,
30 Dapre resansman an, te gen senkanntwamil katsan (53.400) gason nan divizyon sa a.
avèk lame pa li. Men mesye sila ki te konte yo; senkant-twa-mil-kat-san.
31 Konsa, anba làbanyè Dann lan, te gen twa divizyon. Sa te fè antou sansenkannsètmil sisan (157.600) gason. Se toujou yo menm ki pou mache dèyè nèt, chak divizyon anba drapo pa yo.
Total a mesye nan kan Dan yo te san-senkant-sèt-mil-sis-san. Yo va sòti dènye avèk drapo pa yo.
32 Men kantite gason yo te jwenn nan pèp Izrayèl la dapre branch fanmi zansèt yo. Dapre resansman yo te fè a, divizyon pa divizyon, te gen sisantwamil senksansenkant (603.550) gason antou.
Sa yo se mesye ki te konte a fis Israël yo selon lakay papa zansèt pa yo; total a mesye a tout kan yo ki te konte pa lame yo te sis-san-twa-mil-senk-san-senkant
33 Men yo pa t' konte moun branch fanmi Levi yo ansanm ak rès moun pèp Izrayèl yo, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz la.
Malgre sa, Levit yo pa t konte pami fis Israël yo, jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
34 Moun pèp Izrayèl yo te fè tou sa Seyè a te bay Moyiz lòd fè a. Se konsa yo moute kan yo, chak divizyon apa, anba làbanyè pa yo. Lè y'ap deplase, yo mache pa divizyon, chak moun ansanm ak branch fanmi zansèt yo.
Konsa fis a Israël te fè. Selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo, yo te fè kan bò kote drapo pa yo, e konsa yo te sòti, yo chak avèk pwòp fanmi pa yo selon lakay zansèt papa yo.

< Resansman 2 >