< Jij 17 >

1 Te gen yon nonm yo te rele Mika ki te rete nan mòn peyi Efrayim yo.
And there was a man of mount Ephraim, whose name was Micah.
2 Li di manman l' konsa: -Lè yo te vòlò milsan (1.100) pyès lajan ou yo, ou te bay vòlò a madichon. Nou te tande ou ak pwòp zòrèy nou. Gade, men lajan an nan men m'. Se mwen menm ki te pran yo. Manman an di l': -Se pou Seyè a beni ou, pitit mwen, pou sa!
And he said to his mother, The eleven hundred silver-pieces that were taken from thee, and about which thou didst curse and speak of in mine ears, behold, the silver is with me; I took it. And his mother said, Blessed be my son of Jehovah!
3 Mika renmèt milsan pyès lajan yo bay manman l'. Manman an di l' konsa: -Mwen te mete lajan an apa pou Seyè a pou anyen pa rive ou, pitit gason mwen. W'a sèvi avè l' pou fè yon zidòl, yon estati fonn nan moul. Se poutèt sa m'ap renmèt ou lajan an ankò.
And he restored the eleven hundred silver-pieces to his mother; and his mother said, I had dedicated the silver to Jehovah from my hand for my son, to make a graven image and a molten image; and now I will restore it to thee.
4 Men, pitit la renmèt lajan an bay manman l'. Madanm lan pran desan (200) pyès an ajan, li bay yon bòs ki fè yon zidòl an bwa epi li kouvri li nèt ak ajan. Li mete li lakay Mika.
Now he restored the silver to his mother; and his mother took two hundred silver-pieces and gave them to the founder, and he made of them a graven image and a molten image; and they were in the house of Micah.
5 Nonm Mika a te mete yon kote apa pou li menm l' al fè sèvis pou Seyè a. Li fè yon estati ansanm ak lòt ti zidòl wogatwa epi li chwazi yonn nan pitit gason li yo, li ba l' pouvwa pou l' sèvi l' prèt.
And the man Micah had a house of gods, and made an ephod and teraphim, and consecrated one of his sons, who became his priest.
6 Nan tan sa a, pa t' gen wa nan peyi Izrayèl la. Chak moun t'ap fè sa yo pito.
In those days there was no king in Israel; every man did what was right in his own eyes.
7 Te gen yon jenn gason ki te rete lavil Betleyèm nan peyi Jida. Se te yon moun nan fanmi Levi yo.
And there was a young man out of Bethlehem-Judah of the family of Judah, who was a Levite, and he sojourned there.
8 Li kite lavil Betleyèm nan peyi Jida a, li pati, l' al chache yon lòt kote pou l' fè ladesant. Antan l'ap vwayaje konsa, li rive lakay Mika, nan mòn peyi Efrayim yo.
And the man departed from the city, from Bethlehem-Judah, to sojourn where he might find [a place]. And as he journeyed, he came to mount Ephraim, to the house of Micah.
9 Mika mande l': -Kote ou soti? Nèg la reponn: -Mwen se moun fanmi Levi, m' soti lavil Betleyèm nan peyi Jida. M'ap chache yon lòt kote pou m' fè ladesant.
And Micah said to him, Whence comest thou? And he said to him, I am a Levite of Bethlehem-Judah, and I go to sojourn where I may find [a place].
10 Mika di l' konsa: -Vin rete lakay mwen non. W'a tou sèvi m' konseye ak prèt. M'a ba ou dis pyès lò chak lanne, san konte rad ak manje.
And Micah said to him, Dwell with me, and be to me a father and a priest, and I will give thee yearly ten silver-pieces, and a suit of garments, and thy victuals. And the Levite went in.
11 Moun Levi a te dakò pou l' rete lakay Mika ki te sèvi avè l' tankou pwòp pitit gason l'.
And the Levite was content to dwell with the man; and the young man was to him as one of his sons.
12 Mika menm bay moun Levi a pouvwa pou l' sèvi l' prèt. Se konsa, li rete nèt lakay Mika.
And Micah consecrated the Levite; and the young man became his priest, and was in the house of Micah.
13 Lè sa a, Mika di konsa: -Koulye a, mwen konnen Seyè a pral fè tout zafè m' mache byen paske mwen gen yon moun Levi k'ap sèvi m' prèt.
Then said Micah, Now I know that Jehovah will do me good, because I have the Levite for priest.

< Jij 17 >