< Jid 1 >
1 Mwen menm Jid, sèvitè Jezikri, frè Jak la, m'ap ekri nou lèt sa a, nou tout Bondye rele, nou menm k'ap viv ansanm nan renmen Bondye Papa a ak anba proteksyon Jezikri.
Jūda, Jēzus Kristus kalps un Jēkaba brālis, tiem aicinātiem, kas iekš Dieva Tā Tēva svētīti un iekš Jēzus Kristus pasargāti.
2 Mwen mande pou li gen pitye pou nou, pou li ban nou kè poze ak renmen an kantite.
Žēlastība lai ir jums un miers un mīlestība papilnam.
3 Zanmi m' yo, mwen pa t' manke anvi ekri nou pou m' te pale nou sou jan Bondye delivre nou tout ansanm lan. Men, m' blije ekri nou koulye a pou mwen kapab ankouraje nou, pou nou pran defans lafwa Bondye te bay yon sèl fwa pou tout tan an, pou tout moun pa l' yo.
Mīļie, no visas sirds rūpējoties jums rakstīt par to pestīšanu, kas mums visiem ir kopā, man vajadzēja jums rakstīt un lūgt, lai jūs cīnāties par to ticību, kas vienreiz tiem svētiem ir dota.
4 Paske, gen kèk mechan ki gen tan fofile kò yo nan mitan nou. Se moun ki san respè pou Bondye. Yo pran renmen Bondye renmen nou an sèvi yon kouvèti pou fè dezòd. Yo vire do bay Jezikri ki sèl Mèt ak sèl Segnè nou an. Depi lontan yo te ekri nan Liv la ki kalite kondannasyon k'ap tann moun sa yo.
Jo kādi cilvēki ielavījušies, kas rakstos sen papriekš nozīmēti uz šo sodību, bezdievīgi, kas mūsu Dieva žēlastību pārvērš bezkaunībā un aizliedz to vienīgo valdītāju Dievu un mūsu Kungu Jēzu Kristu.
5 Atout nou deja konnen tout bagay sa yo byen pròp, mwen vle fè nou chonje ki jan, lè Bondye te fin delivre pèp Izrayèl la anba moun Lejip yo, li te detwi tout moun ki pa t' kwè yo.
Bet es jums, kas visu jau zināt, gribu atgādināt, ka Tas Kungs tos ļaudis no Ēģiptes zemes vienreiz pestījis, pēc tos neticīgos ir nomaitājis;
6 Chonje tou ki jan zanj ki pa t' rete nan pozisyon Bondye te ba yo a men ki te kite kote l' te mete yo a, Bondye kenbe yo nan mitan fènwa a, mare nan yon chenn ki p'ap janm kase. Se la y'ap tann gwo jou jijman an. (aïdios )
Un tos eņģeļus, kas savu augsto kārtu nav sargājuši, bet savu dzīvokli atstājuši, Viņš ar mūžīgām saitēm ir paturējis apakš tumsības uz tās lielās dienas sodu. (aïdios )
7 Menm jan an tou, chonje moun Sodòm ak Gomò ak tout ti bouk nan vwazinaj yo a. Yo te fè tankou zanj sa yo. Yo te lage kò yo nan tout kalite dezòd lachè, yo te menm rive nan fè gason ak gason, fi ak fi. Pou peni yo, yo lage yo nan dife k'ap boule tout tan an. Sa se yon egzanp ak yon avètisman pou tout moun. (aiōnios )
Tā kā Sodoma un Gomora un tās apkārtējās pilsētas, kas tāpat kā viņas maucībai bija padevušās un citai miesai gājušas pakaļ, ir noliktas par mūžīgu uguns priekšzīmi, sodību ciezdamas. (aiōnios )
8 Menm jan an tou, mesye sa yo, avèk tout vizyon y'ap plede fè yo, y'ap fè tout kalite vye bagay ak kò yo, y'ap meprize otorite Bondye, y'ap pale pouvwa ki nan syèl yo mal.
Tāpat arī šie sapņotāji apgāna miesu un nicina virsības un zaimo augstības.
9 Menm Akanj Michèl, lè li t'ap plede ak dyab la pou kadav Moyiz, li pa t' penmèt li jije dyab la yon jan pou l' te manke l' dega. Men, li annik di li: Mèt la va regle avè ou.
Bet Miķelis, tas lielais eņģelis, kad tas cīnījās ar velnu, un tam pretī runāja par Mozus miesām, neuzdrīkstējās zaimošanas tiesu pret to spriest, bet sacīja: lai Tas Kungs tevi soda.
10 Yo menm, okontrè, yo pale mal sou sa yo pa konprann. Bagay yo konnen se bagay ensten yo moutre yo tankou bèt ki san konprann. Se bagay sa yo menm k'ap pèdi yo.
Bet šie zaimo, ko tie neprot; bet ko tie pēc dabas prot, tā kā bezprātīgie zvēri, iekš tā tie iet postā.
11 Malè pou yo! Y'ap fè menm rout ak Kayen. Pou yo ka fè kòb, yo lage kò yo nan menm move chemen Balaram lan. y'a mouri tankou Kore ki te peri nan fè rebèl ak Bondye.
Ak vai, tiem, jo tie ir gājuši uz Kaina ceļu, un peļņas dēļ iegāzušies Bileāma alošanā un ir nomaitāti Koraha pretī runāšanā.
12 Moun sa yo, se gate yo vin gate manje n'ap fè pou frè yo. Yo san ront konsa. Yo vin manje, yo vin bwè kont kò yo san chonje moun; se pròp tèt yo ase yo konnen. Yo tankou nwaj van ap gaye nan syèl la san bay lapli. Yo tankou pyebwa ki pa janm donnen, menm nan sezon rekòt. Wi, yo tankou pyebwa yo derasinen epi ki fin mouri nèt.
Šie ir tie gānekļi pie jūsu mīlestības mielastiem, kopā plītēdami un bez bijāšanas barodamies, padebeši bez ūdens, vēju mētāti, kaili, neauglīgi, divkārt nomiruši, izsakņoti koki,
13 Yo tankou lanm lanmè lè lanmè a move. Y'ap pouse kim salte yo met deyò. Yo tankou zetwal ki pèdi rout yo. Bondye sere yon plas pou yo kote ki fè pi nwa a pou tout tan. (aiōn )
Bargi jūras viļņi, kas savu pašu kaunu putās izgāž; nomaldījušās zvaigznes, kam tā visdziļākā tumsība top uzglabāta mūžīgi. (aiōn )
14 Depi lontan, Enòk, ki te vin sèt jenerasyon apre Adan, te pale sou yo, lè l' te di: Koute. Men Bondye ap vini ak tout lame moun pa li yo.
Bet par šiem arīdzan Enohs, tas septītais no Ādama, sludinājis sacīdams: redzi, Tas Kungs nāks ar Saviem daudz tūkstošiem svētiem,
15 L'ap jije tout moun; l'ap kondannen tout mechan yo pou tout move bagay yo te fè kont Bondye. Moun sa yo ki te san respè pou Bondye, l'ap kondannen yo pou tout move paròl yo te di sou li.
Tiesu turēt par visiem, visus bezdievīgos starp tiem pārmācīt par visiem viņu bezdievīgiem darbiem, ko tie bezdievīgie darījuši, un par visiem negantiem vārdiem, ko tie bezdievīgie grēcinieki pret Viņu runājuši.
16 Moun sa yo toujou ap bougonnen, y'ap plede plengnen sou sitiyasyon yo. Se enterè yo ase y'ap chache. Depi yo louvri bouch yo, se vante y'ap vante tèt yo. Y'ap flate tout moun pou yo tire avantaj sou yo.
Šie ir kurnētāji un skundētāji, staigādami pēc savām kārībām un viņu mute runā lepnus vārdus, un tie apbrīno cilvēku augstību pelņas dēļ.
17 Men, nou menm, zanmi m' yo, toujou chonje paròl apòt Segnè Jezikri yo te di nou davans lan.
Bet jūs, mīļie, pieminiet tos vārdus, kas jums ir papriekš sacīti no mūsu Kunga Jēzus Kristus apustuļiem.
18 Yo te di nou konsa: Lè dènye jou yo va rive, va gen anpil moun k'ap san respè pou bagay Bondye yo, moun k'ap pase nou anba betiz, moun k'ap viv dapre vye lide lanvi yo gengnen.
Ka tie jums ir sacījuši, ka pēdējos laikos būs smējēji, pēc savām bezdievīgām kārībām staigādami.
19 Se moun sa yo k'ap simen divizyon. Yo kite egzijans lachè dominen yo. Se pa Lespri Bondye a k'ap dirije lavi yo.
Šie ir tie, kas ceļ šķiras, miesīgi cilvēki, kam gara nav.
20 Men, nou menm, mezanmi, annou kontinye grandi toujou nan konfyans nou k'ap fè nou viv pou Bondye nèt ale. Avèk pouvwa Sentespri a, annou lapriyè san rete.
Bet jūs, mīļie, uztaisāties savā vissvētākā ticībā, iekš Tā Svētā Gara lūgdamies.
21 Rete fèm nan renmen nou gen pou Bondye a, pandan n'ap tann Segnè nou, Jezikri, k'ap vin ban nou lavi ki p'ap fini an paske li gen pitye pou nou. (aiōnios )
Turaties iekš Dieva mīlestības, gaidīdami mūsu Kunga Jēzus Kristus apžēlošanu uz mūžīgu dzīvošanu. (aiōnios )
22 Gen pitye pou frè yo ki nan doutans toujou.
Un citus pārmāciet, kas ir šaubīgi,
23 Lonje men delivre yo, rache yo soti nan mitan dife a. Se pou nou gen pitye pou lòt moun yo tou. Men, fè atansyon, paske se pou nou rayi ata rad ki sou yo nan move lavi y'ap mennen an.
Un citus izglābiet, tos no uguns izraudami, un par citiem apžēlojaties ar bijāšanu, ienīdēdami arīdzan tās no miesas apgānītās drēbes.
24 Koulye a tout lwanj, tout grandè, tout pouvwa ak tout otorite pou yon sèl Bondye a, pou Bondye ki ka kenbe nou pou nou pa tonbe, li menm ki kapab fè nou parèt san repròch ak kè kontan devan l' nan tout bèl pouvwa li.
Bet Tam, kas ir spēcīgs jūs pasargāt, ka neklūpat, un Savas godības priekšā bezvainīgus stādīt ar līksmību,
25 Li menm, sèl Bondye ki delivre nou gremesi Jezikri, Segnè nou an, wi, se pou li tout lwanj, tout grandè, tout pouvwa ak tout otorite, depi nan tan lontan, koulye a ak pou tout tan. Amèn. (aiōn )
Tam vienam gudram Dievam, mūsu Pestītājam, lai ir gods un augsta slava, spēks un vara, tagad un mūžīgi mūžam! Āmen. (aiōn )