< Jozye 19 >
1 Dezyèm pòsyon an te vin pou moun Simeyon yo, pou yo separe bay chak fanmi pa yo. Pòsyon tè yo a te nan mitan pòsyon tè yo te bay moun branch fanmi Jida yo.
Alò, dezyèm tiraj osò a te tonbe a Siméon, a tribi a fis a Siméon yo selon fanmi pa yo e eritaj pa yo te nan mitan eritaj a fis Juda yo.
2 Men lavil yo te ba yo pou yo separe pou yo: Bècheba, Cheba, Molada
Konsa, yo te gen kòm eritaj yo Beer-Schéba, Schéba ak Molada,
3 Asa-Chwal, Bala, Atsèm,
avèk Hatsar-Schual, Bala, Atsem,
5 Ziklag, Bèt Makabòt Asa-Sousa,
Tsiklag, Beth-Marcaboth, Hatsar-Susa,
6 Bèt Lebayòt ak Chawouyèm. Sa te fè antou trèz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
Beth-Lebaoth ak Scharuchen, trèz vil avèk bouk pa yo;
7 Yo te ba yo ankò Ayin, Rimon, Etè ak Achan, kat lòt lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
Aïn, Rimmon, Éther ak Aschan, kat vil avèk bouk pa yo;
8 Fòk nou konte tou tout ti bouk nan vwazinaj lavil sa yo rive jouk Baalat-Beyè ak Rama nan dezè a. Men pòsyon tè yo te bay branch fanmi Simeyon yo pou yo separe bay chak fanmi pa yo.
epi tout bouk ki antoure vil sa yo, jis rive nan Baalath-Beer, ki se Ramath a Negev la. Sa se te eritaj a tribi fis a Siméon yo selon fanmi pa yo.
9 Nan pòsyon tè moun Jida yo, yo te pran yon pòsyon bay moun Simeyon yo, paske pòsyon tè ki te pou moun Jida yo te twòp pou yo. Se konsa, moun branch fanmi Simeyon yo te jwenn yon pòsyon tè ki te nan mitan pòsyon tè moun Jida yo.
Eritaj a fis Siméon yo te sòti depi nan pòsyon fis Juda yo, paske pòsyon Juda a te twò gran pou yo. Konsa, fis a Siméon yo te resevwa eritaj nan mitan eritaj Juda a.
10 Twazyèm pòsyon tè a te vin pou moun branch fanmi Zabilon yo, pou yo separe bay chak fanmi pa yo. Pòsyon tè yo te resevwa a te rive jouk Sarid.
Alò, twazyèm tiraj osò a te monte pou fis Zabulon yo, selon fanmi pa yo. Epi teritwa eritaj pa yo a te rive jis Sarid.
11 Limit la moute bò lwès, li rive Mareala, li pase Dabechèt. Apre sa, li rive nan ravin ki pase anfas Jokneyam,
Lizyè pa yo a te rive nan lwès jis Mareala e te touche Dabbéscheth pou te rive nan ti rivyè ki devan Jokneam nan.
12 lòt bò lavil Sarid, nan direksyon solèy leve, jouk yo rive sou limit Kislòt-Tabò. Apre sa, li pran chemen Daberat, li moute Jafya.
Epi li te vire soti nan Sarid vè lès, vè solèy leve, jis rive nan fwontyè Kisloth-Thabor, kouri rive nan Dabrath e monte a Japhia.
13 Li soti Jafya nan menm direksyon solèy leve a, li rive sou Gat-Efè ak Itakasen. Li pase sou Rimon, li vire sou Nea.
Soti la, li te kouri vè lès, vè solèy leve, pou rive Guittha-Hépher, a Ittha-Katsin pou kontinye a Rimmon e lonje jis rive Néa.
14 Sou bò nò, limit la vire sou Anaton, l' al bout nan fon Jiftayèl.
Lizyè a te koube antoure li vè nò rive nan Hannathon e li te fè bout li nan vale Jiphthach-El.
15 Yo te ba yo lavil sa yo tou: Katat, Naala, Chimwon, Jideala ak Betleyèm. Sa te fè antou douz lavil ak tout ti bouk ki te sou lòd yo.
Konte ladann tou, se te Katthath, Nahaial, Schimron, Jideala, Bethléem. Douz vil avèk bouk pa yo.
16 Tout lavil sa yo ak tout ti bouk ki te sou lòd yo te nan pòsyon tè yo te bay moun branch fanmi Zabilon yo pou yo separe bay chak fanmi pa yo.
Sa se te eritaj a fis Zabulon yo, selon fanmi pa yo, vil sa yo avèk bouk pa yo.
17 Katriyèm pòsyon tè a te vin pou moun branch fanmi Isaka yo pou yo separe bay chak fanmi pa yo.
Katriyèm tiraj osò a te tonbe a Issacar; pou fis Issacar yo avèk fanmi pa yo.
18 Pòsyon sa a te rive jouk lavil Jizreyèl. Men lòt lavil ki te ladan l': Kesoulòt, Choumèm,
Teritwa pa yo a te rive Jizreel, avèk Kesulloth ak Sunem,
19 Afarayim, Chiyon, Anakarat,
Hapharaïm, Schion, Anacharath,
Rabbith, Kischjon, Abets,
21 Remèt ak An-Gannim, An ada ak Bèt-Pasèz.
Rémeth, En-Gannim, En-Hadda, avèk Beth-Patsets:
22 Fwontyè a te rive lavil Tabò, lavil Charasima ak lavil Bèt-Chemèch. Epi l' al bout nan larivyè Jouden. Antou sa te fè sèz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
Lizyè a te rive nan Thabor, nan Schachatsima, nan Beth-Schémesch e te fè bout li nan Jourdain an. Sèz vil avèk bouk pa yo.
23 Tout lavil sa yo ak tout ti bouk ki te sou lòd yo te nan pòsyon tè yo te bay moun branch fanmi Isaka yo pou yo separe bay chak fanmi pa yo.
Sa se te eritaj a tribi a fis Issacar yo selon fanmi pa yo, vil yo avèk bouk pa yo.
24 Senkyèm pòsyon tè a soti pou branch fanmi Asè a pou yo separe bay chak fanmi pa yo.
Alò senkyèm tiraj osò a te tonbe a tribi a fis Aser yo selon fanmi pa yo.
25 Men lavil ki te nan pòsyon tè pa yo a: Elkat, Ali, Betèn, Akchaf,
Teritwa pa yo a se te Helkath, Hali, Béthen, Acschaph,
26 Alamelèk, Ameyad, Micheyal. Sou bò solèy kouche, li te rive mòn Kamèl ak ravin Libnat.
Allammélec, Amead avèk Mischeal; li te touche Carmel avèk Schichor-Libnath nan lwès.
27 Sou bò solèy leve, tè a rive jouk Bèt-Dagon, li rive sou limit tè moun Zabilon yo, li pran fon Jiftayèl la moute nan direksyon nò, li pase Bèt-Emèk ak Neyèl, li bout sou Kaboul bò nan nò nèt.
Li te vire vè lès a Beth-Dagon pou te rive a Zabulon, ak nan vale Jiphthach-El vè nò a Beth-Émek avèk Neïel e kontinye vè Cabul,
28 Konsa men lòt lavil ki te nan pòsyon tè sa a: Abdon, Reyòb, Amon ak Kana jouk gwo lavil Sidon an.
avèk Ébron, Rehob, Hammon, ak Cana, jis rive nan Gran Sidon.
29 Apre sa, limit la vire tounen nan direksyon Rama jouk li rive nan gwo fò lavil Tir la, li pouse pou Osa epi l' al bout nan lanmè Mediterane a. Nan menm pòsyon tè yo a, te vin gen tou Maralèb, Aksib,
Lizyè a te vin vire vè Rama ak vil fòtifye ki rele Tyr la; epi li vin vire nan Hosa e li te fè bout li nan lanmè vè zòn Aczib.
30 Ako, Afèk, Reyòb. Sa te fè antou vennde lavil ak tout ti bouk ki te sou lòd yo.
Osi, ladann se te Umma, Aphek, avèk Rehob. Venn-de vil avèk bouk pa yo.
31 Tout lavil sa yo ak tout ti bouk ki te sou lòd yo te nan pòsyon tè yo te bay moun branch fanmi Asè yo pou yo separe bay chak fanmi pa yo.
Sa se te eritaj a tribi fis Aser yo, selon fanmi pa yo, vil sa yo avèk bouk pa yo.
32 Se pou moun branch fanmi Neftali yo sizyèm pòsyon tè a vini pou yo te ka separe bay chak fanmi pa yo.
Sizyèm tiraj osò a te tonbe pou fis Nephtali yo, selon fanmi pa yo.
33 Limit la soti lavil Elèf, bò pye chenn Sanannim lan, li pase Adami-Nekèd, Jabneyèl jouk li rive Lakoum, pou l' al bout sou larivyè Jouden an.
Lizyè pa yo a te soti nan Héleph, soti nan chèn a Tsaannim nan, Adami-Nékeb ak Jabneel, jis rive nan Lakkum pou li fin fè bout li nan Jourdain an.
34 Sou bò solèy kouche, limit la vire sou Aznòt-Tabò. Lè l' soti la, l' al Oukòk, li pase sou limit tè moun Zabilon yo bò nan sid, sou baliz tè moun Asè yo sou bò lwès. Sou bò lès, li pase sou limit tè moun Jida yo kote li lonje larivyè Jouden an.
Epi lizyè a te vire vè lwès nan Aznoth-Thabor pou te kontinye soti la a Hukkok; epi li te rive nan Zabulon vè sid, li te touche Aser sou lwès e Juda bò kote Jourdain an vè lès.
35 Men lavil ki te gen fò ak ranpa pou pwoteje yo: Se te Sidim, Sèr, Amat, Raka, Kinerèt,
Vil fòtifye yo se te Tsiddim, Tser, Hammath, Rakkath, Kinnéreth,
37 Kadès, Edreyi, An asò,
avèk Kédesch, Édréï, En-Hatsor,
38 Jireyon, Migdalèl, Orèm, Bèt anat, Bèt-Chemèch. Sa te fè antou disnèf lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
Jireon, Migdal-El, Horem, Beth-Anath, Beth-Schémesch. Dis-nèf vil avèk bouk pa yo.
39 Men tout lavil ansanm ak tout ti bouk sou lòd yo ki te nan pòsyon tè yo bay moun Neftali yo pou yo separe bay chak fanmi pa yo.
Sa se te eritaj a tribi a fis Nephtali yo, selon fanmi pa yo, vil yo avèk bouk pa yo.
40 Se pou moun branch fanmi Dann yo setyèm pòsyon tè a te vini pou yo te ka separe bay chak fanmi pa yo.
Setyèm tiraj osò a te tonbe a tribi fis a Dan yo selon fanmi pa yo.
41 Men lavil yo te jwenn nan pòsyon tè pa yo a: Se te Soreya, Echtawòl, Ichemèch,
Teritwa a eritaj pa yo a se te Tsorea, Eschthaol, Ir-Schémesch,
42 Chalabin, Ajalon, Jitla,
avèk Schaalabbin, Ajalon, Jithla,
epi Élon, Thiminatha, Ékron,
44 Eltekè, Gibeton, Baalat,
Eltheké, Guibbethon, Baalath,
45 Jewoud, Bene-Berak Gat-Rimon,
Jehud, Bené-Berak, Gath-Rimmon,
46 Me-jakon ak Rakon, ansanm avèk tout tè ki anfas lavil Jope.
Mé-Jarkon ak Rakkon, avèk teritwa ki anfas Japho a.
47 Men, moun branch fanmi Dann yo kite lòt moun pran peyi a nan men yo. Se konsa, yo moute al atake lavil Lechèm. Yo anvayi lavil la, yo touye tout moun ki te rete ladan l'. Yo pran lavil la pou yo, yo rete ladan l'. Epi yo chanje non l'. Yo pa rele l' Lechèm ankò. Yo ba li non zansèt yo, yo rele l' Dann.
Teritwa a fis a Dan yo te ale pi lwen pase yo; paske fis a Dan yo te monte pou te goumen avèk Léschem e te pran li. Epi yo te frape li avèk lam nepe, yo te posede li e te vin abite ladann; epi yo te rele Léschem Dan menm non a Dan, papa pa yo.
48 Men pòsyon tè ansanm ak tout lavil ak ti bouk ki te sou lòd yo, ki te vin pou moun branch fanmi Dann yo pou yo te separe bay chak fanmi pa yo.
Sa se te eritaj a tribi fis a Dan yo selon fanmi pa yo, vil sila yo avèk bouk pa yo.
49 Aprè moun pèp Izrayèl yo te fin separe rès peyi a bay chak branch fanmi pòsyon pa yo, yo bay Jozye, pitit gason Noun lan, yon pòsyon nan tè a ki pou rele l' pa l'.
Lè yo te fin divize teren an kòm eritaj selon lizyè li, fis a Israël yo te bay yon eritaj nan mitan yo a Josué, fis a Nun nan.
50 Jan Seyè a te ba yo lòd la, yo ba li lavil li te mande a: Timnat-Sera nan mòn Efrayim. Li rebati lavil la epi li rete ladan l'.
An akò avèk kòmand SENYÈ a, yo te ba li vil ke li te mande a, Thimnath-Sérach nan peyi ti mòn a Éphraïm nan. Konsa, li te bati vil la e li te abite ladann.
51 Men divès pòsyon tè Eleaza, prèt la, Jozye, pitit gason Noun lan, ak chèf fanmi yo te separe bay branch fanmi pèp Izrayèl la, devan Seyè a, nan papòt Tant Randevou a, apre yo te fin tire osò. Se konsa yo te fin separe peyi a nèt.
Sila yo se te eritaj ke Éléazar, prèt la, ak Josué, fis a Nun nan, ak chèf an tèt kay a tribi yo pou fis Israël yo te separe pa tiraj osò nan Silo devan SENYÈ a, nan pòtay tant asanble a. Konsa, yo te fin divize peyi a.