< Jonas 2 >

1 Antan li te nan vant pwason an, Jonas lapriyè Seyè a, Bondye li a, li di:
約納在魚腹裏,祈求上主,他的天主。
2 Nan mizè mwen te ye a, Seyè, mwen te rele nan pye ou, ou te reponn mwen. Byen fon nan peyi kote mò yo ye a, mwen te mande ou sekou, ou te tande vwa mwen. (Sheol h7585)
他說:「我在患難中,呼求上主,衪便應允了我,我從陰府的深處呼求,你便俯聽了我的呼聲。 (Sheol h7585)
3 Ou te voye m' jete byen fon, nan fon lanmè. Dlo te sènen m' toupatou. Tout kouran dlo ak tout lanm lanmè yo te pase sou mwen.
你將我拋入海心深處,大水包圍了我;你的波濤和巨浪漫過了我。
4 Mwen t'ap di nan kè m': Gen lè ou voye m' jete byen lwen ou. Mwen p'ap janm wè kay ki apa pou ou a ankò!
我曾說:我雖從你面前被拋棄,但我仍要瞻仰你的聖殿。
5 Dlo yo kouvri m', yo te prèt pou neye m'. Lanmè a te fin vale m', zèb lanmè te mare nan tout tèt mwen.
大水圍困我,危及卜性命;深淵包圍我,海草纏住我的頭。
6 Mwen desann, mwen desann, mwen rive jouk nan rasin mòn yo, nan peyi kote sa ki antre pa soti. Men, Seyè, Bondye mwen, ou rale m' soti nan twou a. Ou ban m' lavi ankò.
我下深直到礁底,大地的門閂永為我關閉。上主,卜天主! 你卻從坑裏救出了我的性命。
7 Lè m' santi mwen taprale vre, mwen vin chonje ou, Seyè! Mwen lapriyè nan pye ou. Kote ou chita nan tanp ki apa ou a, ou tande m'.
當我奄奄一息時,我記起了上主;我的祈禱達於你前,達於你的聖殿中。
8 Moun k'ap sèvi zidòl ki pa vo anyen yo, se moun ki vire do bay Bondye ki bay favè a.
敬奉虛無偶像的人,實在是捨棄了慈愛的根源。
9 Men, m'ap chante pou m' fè lwanj ou, m'a ofri bèt pou yo touye pou ou. M'a kenbe angajman mwen te pran an. Se Seyè a ki delivrans nou.
至於我,我要在頌謝的歌聲中,向你獻祭,償還我許的誓願。救恩屬於上主! 」
10 Lè sa a, Seyè a bay pwason an lòd pou li vonmi Jonas sou rivaj lanmè a.
當時,上主命令那魚,那魚便將約納吐在陸地上。

< Jonas 2 >