< Jòb 9 >

1 Lè sa a, Jòb pran lapawòl, li di konsa:
Konsa, Job te reponn. Li te di:
2 -Wi, mwen konnen se konsa sa ye. Men, ki jan pou yon moun ka gen rezon devan Bondye?
“Anverite, mwen konnen sa se vrè; alò, kijan yon nonm kapab genyen dwa devan Bondye?
3 Si li vle plede ak Bondye, Bondye ap mande l' venmil keksyon, li p'ap ka reponn yonn menm.
Si yon moun te vle diskite avèk Li, li pa t ap kab byen reponn li menm yon fwa nan mil.
4 Bondye sitèlman gen bon konprann, li sitèlman gen fòs, pa gen moun ki ka kenbe tèt avè l' pou yo pa peye sa.
Bondye saj nan kè e pwisan nan fòs; se kilès ki konn reziste ak Li san donmaj?
5 Li deplase mòn yo lè lide l' di l'. Lè li an kòlè, li voye yo jete byen lwen.
Se Li Menm ki deplase mòn yo, ki jan yo pa menm konnen, lè Li boulvèse yo nan fachez Li.
6 Bondye fè tè a tranble kote l' chita a. Li souke poto ki soutni l' yo.
Li souke latè sòti nan plas li, e fè pilye fondasyon li yo tranble.
7 Li annik bay yon lòd, epi solèy la pa leve. Li fè zetwal yo pa klere lannwit.
Li kòmande solèy la pou l pa klere e ki mete yon so sou zetwal yo.
8 Li te pou kont li lè li t'ap louvri syèl la anwo tè a. Li mache sou lanmè a jan li vle.
Se Li menm sèl ki rale lonje syèl yo e bese vag lanmè yo.
9 Se li ki fè zetwal yo: Gwo Kabwèt la, Oryon, Lapousiyè ak zetwal Sid yo.
Li sèl ki fè sou syèl la gwo Ourse la ak Orion an, avèk Pleiades yo, avèk chanm ki nan sid yo.
10 Se li menm ki fè yon bann bèl bagay nou pa ka fin konprann, yon dal mèvèy nou pa ka fin konte.
Li menm ki fè gwo bagay mèvèy yo, avèk zèv mèvèy san kontwòl yo.
11 Bondye te mèt ap pase toupre m', mwen pa ka wè l'. Li glise kò l', li ale.
Si Li ta vin pase bò kote mwen, mwen pa t ap wè L. Si Li ta depase m nan wout, mwen pa t ap apèsi L.
12 Li pran sa l' bezwen. Pa gen moun ki pou enpoze l' fè l'. Pa gen moun ki ka penmèt yo mande l': Sa w'ap fè la a?
Gade byen, Li rache retire, se kilès ki ka anpeche L? Kilès ki ka di L: ‘Kisa w ap fè la a’?
13 Bondye pa ka kenbe kòlè l' ankò! Li fè tout patizan Raab yo bese tèt devan li.
“Bondye p ap detounen kòlè Li. Anba Li, byen akwoupi, se asistan a Rahab yo.
14 Se mwen menm atò ki pou ta kenbe tèt avè l'? Se mwen menm atò ki pou ta plede avè l'?
Kijan mwen kab reponn Li, e chwazi pwòp pawòl mwen yo devan L?
15 Menm si m' te gen rezon, sa m' bezwen defann tèt mwen fè? Se li k'ap jije m', se padon ase pou m' mande l'.
Paske malgre mwen te gen rezon, mwen pa t kab reponn. Mwen ta oblije mande gras a Jij mwen an.
16 Menm si li ta reponn mwen lè m' rele l', mwen pa kwè li ta koute sa m'ap di l'.
Menmsi mwen te rele, e Li te reponn mwen, mwen pa t ap kab kwè ke Li ta koute vwa m.
17 Li rete konsa li kraze m' pou anyen. Li blese m' nan tout kò m', san m' pa fè anyen.
Paske Li fin brize m nèt ak yon tanpèt, e ogmante blese mwen yo san koz.
18 Li pa ban m' tan pou m' pran yon ti souf menm. Li voye malè sou mwen yonn apre lòt.
Li pa lèse m pran souf, men fè m debòde ak sa ki anmè.
19 Mwen ta seye fè fòs avè l'? Fòs, se nan men l' sa ye. Mwen ta rele l' tribinal? Ki jij ki va voye manda ba li?
Men pou pouvwa, men gade, se Li menm ki gen fòs! Epi pou jistis, se kilès menm k ap voye pwosè vèbal bay Li menm?
20 M' te mèt gen rezon, pawòl nan bouch mwen ap kondannen m'. M' te mèt inonsan, tou sa m'ap di ap ban m' tò.
Malgre mwen dwat, bouch mwen ap kondane m; malgre mwen san tò, Li va deklare m koupab.
21 Eske m' inonsan? M' pa menm ka di sa. Lavi pa di m' anyen ankò!
Mwen inosan; mwen pa okipe mwen menm; mwen rayi lavi m.
22 Si gen yon bagay m' ka di: inonsan ou koupab, se menm bagay. Bondye ap toujou detwi nou.
“Tout se menm bagay. Akoz sa mwen di Li detwi inosan yo avèk koupab yo.’
23 Si yon malè konmanse ap simen lanmò, inonsan te mèt ap rele, Bondye ri sa.
Si frèt la vin touye sibitman, l ap moke dezolasyon inosan an.
24 Lè yon peyi tonbe anba men moun ki mechan, Bondye bouche je tout jij yo. Si se pa li ki fè sa, ki moun ki pou fè l'?
Ak lemonn nan ki sede nan men a mechan yo, Li fin kouvri figi a jij latè yo. Si se pa Li menm, eh byen se kilès?
25 Jou yo pase pou mwen pi vit pase dlo larivyè. Pa gen yonn ki ban m' kè kontan.
“Alò, jou m yo vin pi rapid pase yon nonm k ap fè kous; Yo kouri ale. Yo pa wè anyen ki bon.
26 Yo kouri tankou bwa fouye sou larivyè, tankou malfini k'ap plonje sou ti poul.
Yo glise pase tankou kannòt k ap pase nan wozo, tankou yon èg ki vole plonje sou viktim li.
27 Si mwen di: Bon. M' p'ap plenyen ankò. M'ap chanje figi m', m'ap fè yon ti ri,
Malgre mwen di ke m va bliye plent mwen, ke m va kite figi tris la pou fè kè kontan,
28 soufrans yo vin pi rèd sou mwen. Mwen pè, paske mwen konnen pou Bondye mwen pa inonsan.
mwen krent tout doulè mwen yo. Mwen konnen ke Ou p ap bliye fot mwen yo.
29 Si m' antò, sa m' bezwen bat kò m' pou gremesi fè?
Mwen gen tan fin jije koupab. Konsa, poukisa mwen ta dwe fè fòs anven?
30 Pa gen dlo ki ka lave m'. Pa gen savon ki ka blanchi m'.
Si m ta lave m nèt ak lanèj, e pwòpte men m ak savon lesiv ki fò,
31 Bondye voye m' jete nan yon pil fatra. Ata rad m' pa ka mete sou mwen.
malgre sa, Ou ta plonje mwen nan kanal la, e pwòp rad mwen yo ta vin rayi m.
32 Men, Bondye pa yon moun tankou m'. M' pa ka diskite avè l'. Nou pa ka al lajistis.
Paske Li pa yon nonm kon mwen, pou m ta reponn Li, pou nou ta kab rive nan tribinal ansanm.
33 Pa gen moun ki ka mete ola nan koze a. Pa gen moun ki ka jije m' ansanm avè l'.
Nanpwen moun ki pou fè antant antre nou, ki ta kab mete men l sou nou toulède.
34 Pa gen moun ki ka kenbe men l' pou li sispann fè m' pè.
Kite Li retire baton Li sou mwen, e pa kite laperèz Li plen m ak gwo latèrè.
35 Men, mwen pa pè l'. M'ap pale, paske se mwen ki konnen sa ki nan kè m'.
Konsa, mwen ta pale san fè laperèz devan L; men mwen pa kab konsa pou kont mwen.”

< Jòb 9 >