< Jòb 36 >
1 Eliyou pran pale ankò, li di konsa:
Alò, Élihu te kontinye. Li te di:
2 -Pran yon ti pasyans. Kite m' fè yon ti pale ankò, paske m' poko fin di sa m' gen pou m' di pou pran defans Bondye.
Tann mwen yon ti kras, e mwen va montre ou; jiska prezan, gen anpil bagay ankò pou di sou pati Bondye.
3 Mwen pral sèvi ak tou sa mwen konnen pou m' moutre ou se Bondye ki kreye m' lan ki gen rezon.
M ap prale chache lespri m soti byen lwen; mwen va fè prèv ladwati a Kreyatè mwen an.
4 Mwen p'ap bay manti nan sa m'ap di la a. Se yon nonm ki gen anpil konesans k'ap pale avè ou la a.
Paske anverite, pawòl mwen yo pa fo. Yon ki pafè nan konesans se avèk ou.
5 Bondye gen pouvwa. Li pa meprize pesonn. Pa gen anyen li pa konprann.
Gade byen, Bondye pwisan, men li pa meprize pèsòn; Li pwisan nan fòs konprann pa Li.
6 Li p'ap kite mechan yo viv lontan. Li toujou aji ak pòv yo san patipri.
Li pa konsève lavi a mechan yo, men Li bay jistis a aflije yo.
7 Li defann kòz moun ki mache dwat yo. Li mete yo chèf pou yo gouvènen tankou wa. Toutan tout moun ap pale byen pou yo.
Li pa retire zye Li sou moun ladwati yo; men avèk wa ki chita sou twòn yo, li bay yo chèz jis pou tout tan, e yo leve wo.
8 Men, si Bondye mete yo nan chenn, si lafliksyon makònen nan tout kò yo,
Si yo mare ak gwo fè, e mare nèt nan kòd aflije yo,
9 Bondye va louvri je yo pou yo ka wè tou sa y'ap fè a. Li moutre yo se lògèy k'ap fè yo fè peche.
konsa, Li fè yo konnen travay yo, ak transgresyon yo; ke yo te leve tèt yo wo ak orgèy.
10 Li pale nan zòrèy yo pou avèti yo. Li mande yo pou yo sispann fè sa ki mal.
Li ouvri zòrèy yo pou yo ka instwi, e pase lòd pou yo retounen, kite inikite a.
11 Si yo koute Bondye, si yo soumèt devan li, y'a viv rès lavi yo nan kè kontan ak nan plezi.
Si yo tande e sèvi Li, yo va fè dènye jou yo nan abondans, e ane pa yo va ranpli ak rejwisans.
12 Si se pa sa, y'ap rete konsa y'ap mouri. Y'ap desann kote mò yo ye a san yo pa konnen.
Men si yo pa tande, yo va peri pa nepe; yo va mouri san konesans.
13 Men, mechan yo ap fè tèt di. Yo fache pi rèd. Yo te mèt anba kou, yo p'ap mande sekou.
Men enkwayan yo ranmase lakòlè; yo refize kriye sekou lè L mare yo.
14 Yo jenn gason toujou, yo gen tan mouri. Yo t'ap mennen yon lavi dezòd.
Yo mouri nan jenès yo, e lavi yo vin pèdi pami pwostitiye tanp yo.
15 Men, Bondye pran soufrans lan, li sèvi avè l' pou li moutre lèzòm anpil bagay. Se lè yo anba tray, li louvri lespri yo.
Li delivre aflije yo nan afliksyon yo, e ouvri zòrèy yo nan tan opresyon yo.
16 Ou menm tou, Bondye vle wete ou nan gwo lapenn sa a, pou ou ka rive gen jwisans san moun pa chache ou kont. Te gen yon lè tab ou te chaje ak bon manje.
Wi, anverite Li t ap mennen ou lwen bouch gwo twoub la, pou ou jwenn yon plas ki laj, e san limit. Konsa, sa ki plase sou tab ou, ta plen ak grès.
17 Lè sa a, ou te fè menm lide ak mechan yo. Koulye a, yo pral pini ou jan ou merite l' la.
Men ou te ranpli ak jijman sou mechan yo; se jijman ak jistis ki te posede ou.
18 Veye zo ou! Pa kite richès vire tèt ou ankò! Pa kite yo achte ou ak lajan osinon ak gwo kado!
Pa kite riches ou mennen ou nan lakòlè, ni pa kite gwosè sa a kap vèse sou tab fè ou vire akote.
19 Se pou ou jije tout moun, rich kou pòv, gwonèg la tankou nèg fèb la.
Èske richès ou yo ta fè ou envite gwo twoub la? Oswa èske tout fòs pwisans ou ta ka anpeche l rive?
20 Pa kraze moun ki pa anyen pou ou pou mete fanmi ou nan plas yo.
Pa fè lanvi pou lannwit, moman an ke moun koupe retire nèt sou plas yo.
21 Atansyon pou ou pa fè sa ki mal. Se pou sa menm w'ap soufri konsa.
Fè atansyon; pa vire kote mal la, paske ou te chwazi sa a olye afliksyon an.
22 Gade jan Bondye gen anpil pouvwa. Pa gen pi gran mèt pase l'.
Gade byen, Bondye byen wo nan pouvwa Li. Ki pwofesè ki tankou Li?
23 Pesonn pa ka di Bondye sa pou l' fè. Pesonn pa ka di l' sa l' fè a mal.
Se kilès ki te dirije L pou pran chemen Li an? Epi kilès ki ka di L ‘Ou antò a?’
24 Se pou ou fè lwanj travay li pito, tankou tout moun toujou fè l' la.
Sonje ke ou dwe leve zèv Li yo wo, sa yo sou sila moun te konn chante yo.
25 Se bèl bagay pou tout moun wè. Yo rete byen lwen, y'ap gade.
Tout moun konn wè sa. Lòm gade l soti lwen.
26 Wi. Nou p'ap janm ka fin konprann jan Bondye gen pouvwa! Nou p'ap janm ka fin konnen depi kilè Bondye la.
Gade byen, Bondye leve wo, men nou pa konnen Li. Fòs kantite ane Li yo pa kab dekouvri menm.
27 Se li menm ki rale dlo sou latè, ki fè l' tounen vapè nan nwaj yo pou bay lapli.
Konsa, Li rale fè monte gout dlo yo. Yo fòme fè lapli ki sòti nan vapè,
28 Lèfini, li kite lapli soti nan syèl la tonbe sou tout moun sou latè.
ke nwaj yo fè vide desann. Yo vin lage sou lòm an fòs kantite.
29 Pesonn pa konnen ki jan nwaj yo fè deplase, ki jan loraj fè gwonde nan syèl kote Bondye rete a.
Èske pèsòn kab konprann jan nwaj yo vin gaye, ak tonnè k ap gwonde anwo plafon tant Li an?
30 Li kouvri syèl la ak nwaj yo. Li kouvri tout tèt mòn yo.
Gade byen, Li gaye limyè Li toupatou Li. Li kouvri fon lanmè yo.
31 Se konsa li bay pèp la manje. Li ba yo manje an kantite.
Paske se avèk sa a ke li jije pèp yo. Li bay yo manje an gran kantite.
32 Li kenbe zèklè yo nan pla men li. Li bay lòd pou loraj tonbe kote li menm li vize a.
Li kouvri men Li ak eklè la, e pase lòd pou l frape sou mak la.
33 Loraj la anonse move tan. Ata bèt yo santi move tan an ap vini.
Bri li deklare prezans Li; menm tout bèt yo konnen sa k ap vin rive a.