< Jòb 26 >

1 Jòb pran lapawòl ankò, li di l' konsa:
ヨブこたへて曰く
2 -Ou gen tan konn konsole moun ki nan lafliksyon! Ou gen tan konn lonje men bay moun ki san fòs!
なんぢ能力なき者を如何に助けしや 氣力なきものを如何に救ひしや
3 Ala bon konsèy ou bay moun ki san konprann lan! Ou gen tan gen anpil konesans nan ou!
智慧なき者を如何に誨へしや 穎悟の道を如何に多く示ししや
4 Men, pou ki moun tout bèl diskou sa yo? Ki moun ki mete pawòl sa yo nan bouch ou?
なんぢ誰にむかひて言語を出ししや なんぢより出しは誰が靈なるや
5 Bildad pran lapawòl ankò li di: -Nanm moun mouri k'ap viv nan fon lanmè a ap tranble anba tè a.
陰靈水またその中に居る者の下に慄ふ
6 Peyi kote mò yo ye a louvri aklè devan je Bondye. Pa gen anyen ki pou anpeche Bondye wè sa k'ap pase ladan l'. (Sheol h7585)
かれの御前には陰府も顯露なり 滅亡の坑も蔽ひ匿す所なし (Sheol h7585)
7 Se li menm ki louvri syèl ki sou bò nò a anlè, san anyen pou soutni l'. Li pandye tè a ankò san anyen pou kenbe l'.
彼は北の天を虚空に張り 地を物なき所に懸けたまふ
8 Se li menm ki plen nwaj yo dlo. Se li menm ki pa kite pèz dlo a pete nwaj yo.
水を濃雲の中に包みたまふてその下の雲裂ず
9 Se li menm ki kache lalin plenn lan dèyè yon nwaj.
御寳座の面を隱して雲をその上に展べ
10 Se li menm ki trase yon wonn sou lanmè a, li separe limyè ak fènwa.
水の面に界を設けて光と暗とに限を立たまふ
11 Lè li bay poto ki soutni syèl la yon prigad, yo sezi, yo pran tranble sitèlman yo pè.
かれ叱咤たまへば天の柱震ひかつ怖る
12 Avèk fòs ponyèt li, li fè lanmè a vin dou devan li. Avèk ladrès li, li kraze Raab, gwo bèt lèd la.
その權能をもて海を靜め その智慧をもてラハブを撃碎き
13 Avèk souf li, li fè syèl la vin klè. Avèk men li, li touye gwo koulèv ki t'ap kouri chape a.
その氣嘘をもて天を輝かせ 其手をもて逃る蛇を衝とほしたまふ
14 Sa se yon ti kal nan tou sa li fè. Se sa ase ki resi rive nan zòrèy nou! Men, ki moun ki ka konnen tou sa Bondye fè?
視よ是等はただその御工作の端なるのみ 我らが聞ところの者は如何にも微細なる耳語ならずや 然どその權能の雷轟に至りては誰かこれを曉らんや

< Jòb 26 >