< Jòb 16 >

1 Jòb pran lapawòl ankò, li di konsa:
Epi Job te reponn:
2 -Mwen bouke tande pawòl sa yo! Pase nou konsole moun, se plis lapenn n'ap ba yo.
Mwen tande anpil bagay parèy a sila yo; move konsolatè nou tout ye.
3 Kilè n'a sispann tout pale anpil sa a? Sa k'ap pouse nou konsa? Nou toujou pare pou reponn moun!
Èske pa gen limit sou pawòl kap pouse van a? Oswa se kilès k ap toumante ou ki fè ou reponn?
4 Si m' te nan plas nou, epi nou menm nan plas mwen, m' ta ka pale jan nou pale a tou, m' ta pase nou nan yon wonn tenten, m' ta vide bèl diskou sou nou.
Mwen osi ta kab pale tankou ou, si mwen te nan plas ou. Mwen ta kab konpoze pawòl yo kont ou e souke tèt mwen sou ou.
5 M' ta remoute kouraj nou ak konsèy, m' ta pale ak nou jouk nou ta soulaje.
Mwen ta kab ranfòse ou ak bouch mwen, e senpati a lèv mwen ta kab redwi doulè ou.
6 Men, lè mwen pale, doulè a la pi rèd pou mwen. Lè mwen pa pale, se pa sa k'ap fè l' ban m' yon ti louga.
Mem si mwen pale sa pa redwi doulè m; si mwen ralanti nan pale, se kisa ki kite mwen?
7 Koulye a, Bondye, se fini ou fini avè m'. Ou kite yo touye tout fanmi m'.
Men koulye a, Li fin fatige m nèt; Ou, Bondye, te gate tout zanmi m yo.
8 Ou mete men sou mwen, ou pa vle wè m' ankò. Mwen tounen zo ak po. Yo di se paske mwen antò ki fè sa rive m'.
Ou te fè m vin sèch nèt. Sa devni yon temwen kont mwen. Epi jan mwen vin mèg, leve kont mwen. Li fè temwayaj devan figi mwen.
9 Nan kòlè li, Bondye ap dechire m' moso pa moso. L'ap devore m' anba dan l'. L'ap louvri je l' sou mwen, li pa vle wè m'!
Kòlè Li fin chire mwen e chase m jis atè, Li te modi blese m ak dan L. Advèsè mwen an chase mwen ak menas Li.
10 Moun prèt pou manje m'. Yo kouri sou mwen, y'ap joure m', y'ap touye m' anba souflèt.
Yo te gade m, bouch yo louvri. Yo te souflete m sou machwè m ak mepriz; yo te oganize yo menm kont mwen.
11 Bondye lage m' nan men mechan yo. Li jete m' anba grif san manman yo.
Bondye te plase mwen nan men enkwayan yo, e te jete mwen nan men a mechan yo.
12 Mwen t'ap viv tou dousman, li bouskile m'. Li pran m' dèyè nwa kou, li kraze m', li fè m' tounen jwèt li.
Mwen te alèz, men Li te brize mwen, Li te sezi mwen nan kou e te souke mwen jiskaske m fè mòso; anplis li te fè m objè tiraj.
13 L'ap voye flèch li sou mwen kote m' vire. Li pèse tout kò m', li san pitye pou mwen, li mete san m' deyò.
Flèch Li yo antoure mwen. San pitye Li fann ren mwen ouvri nèt. Li vide fyèl mwen atè.
14 Kote m' vire li blese m', li vare sou mwen tankou yon sòlda nan lagè.
Li kase antre brèch pa brèch; Li kouri sou mwen kon yon jeyan.
15 Mwen fè rad sak mete sou mwen, mwen woule kò m' nan pousyè tèlman mwen te nan lapenn.
Mwen te koud twal sak sou kò m epi pouse kòn mwen antre nan pousyè.
16 Je m' vin wouj afòs mwen kriye. Tout anba je m' gonfle vin tou nwa.
Figi mwen vin wouj akoz kri mwen yo e pòpyè zye m vin fonse nwa,
17 Men, mwen konnen mwen pa fè ankenn moun mechanste. Mwen lapriyè Bondye ak tout kè m'.
Malgre nanpwen vyolans nan men m, e priyè mwen yo san tach.
18 Ou menm latè, pa kache mizè mwen. Pa kite yo fèmen bouch mwen lè m'ap rele nan pye Bondye!
O latè a, pa kouvri san kò mwen. Pa bay plas pou kriyè m yo pran repo.
19 Paske mwen konnen gen yon moun nan syèl la k'ap kanpe pou mwen, gen yon moun anwo a k'ap pran defans mwen.
Menm koulye a, gade byen, temwen m se nan syèl la. Avoka m ki pale pou mwen la, an anwo.
20 Zanmi m' yo ap pase m' nan betiz, men, m'ap kriye nan pye Bondye.
Se zanmi mwen yo k ap moke m. Zye m kriye a Bondye.
21 Mwen bezwen moun pou plede kòz mwen ak Bondye a, menm jan yon moun plede kòz zanmi l'.
O ke yon nonm ta kab plede avèk Bondye, kon yon moun plede ak vwazen li!
22 M' pa lontan mouri. Mwen pral pran chemen kote moun pa janm tounen an.
Paske lè kèk ane fin pase, m ap prale nan chemen ki pap retounen an.

< Jòb 16 >