< Jeremi 2 >
1 Seyè a pale avè m', li di m' konsa:
Alò pawòl SENYÈ a te vin kote mwen epi te di:
2 -Ale non. Men mesaj ou pral bay nan zòrèy tout moun lavil Jerizalèm. Men sa Seyè a di: Mwen chonje jan ou te ye nan tan lontan, jan ou t'ap mouri pou mwen lè ou te jenn, jan ou te renmen m' lè nou te fèk marye. Ou te swiv mwen nan dezè a, kote anyen pa pouse.
“Ale e pwoklame nan zòrèy a Jérusalem pou di: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Mwen sonje de ou, jan ou te renmen M lè ou te jenn; lanmou ou lè ou te fiyanse avè M, jan ou te swiv Mwen nan dezè a, nan yon peyi ki pa t konn simen.
3 Lè sa a, moun Izrayèl yo te yon pèp ki t'ap viv apa pou mwen ase, tankou premye rekòt jaden yo mete apa pou mwen. Malè te tonbe sou tout moun ki te manyen yo paske se avè m' yo te annafè. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.
Israël te sen a SENYÈ, premye a rekòlt Li a. Tout moun ki te manje de li va vin koupab. Se mal ki va rive yo,’” deklare SENYÈ a.”
4 Nou menm, moun fanmi Jakòb yo, nou menm tout moun branch fanmi pèp Izrayèl la, koute mesaj Seyè a!
Tande pawòl SENYÈ a, O lakay Jacob ak tout fanmi lakay Israël yo.
5 Men sa Seyè a voye di nou: -Kisa mwen te fè zansèt nou yo ki mal kifè yo te vire do ban mwen? Yo pran mache dèyè yon bann zidòl ki pa vo anyen. Yo menm tou, yo vin pa vo anyen.
Konsa pale SENYÈ a: “Ki enjistis papa zansèt nou yo te jwenn nan Mwen, pou yo te ale lwen Mwen, pou yo te mache dèyè sa ki vid pou te vin vid yo menm?
6 Yo pa chonje reve mande kote Seyè a, li menm ki te fè nou moute soti nan peyi Lejip la, li menm ki te louvri chemen pou nou nan dezè a, nan yon peyi tè sèk, plen twou, yon peyi san dlo, plen danje, kote moun pa rete, kote moun pa menm pase.
Yo pa t mande: ‘Kote SENYÈ a ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, ki te mennen nou nan dezè a, pou travèse yon peyi dezè ak fòs yo, nan yon peyi ak sechrès e ak fon tenèb, yon peyi ke pèsòn pa t konn travèse e kote okenn moun pa t rete?’
7 Mwen fè nou antre nan yon peyi kote ki gen bèl jaden pou nou te ka manje tout bon rekòt ak tout lòt bon bagay li yo. Men, lè nou rive ladan l', nou pa respekte peyi a. Nou fè peyi mwen te ban nou an tounen yon peyi ki ban m' degoutans.
Mwen te mennen ou antre nan yon peyi fètil pou manje fwi li ak bon bagay li yo. Men nou te vini, e nou te souye peyi Mwen an ak eritaj Mwen an, nou te fè li vin abominab.
8 Prèt yo pa janm mande kote Seyè a? Yo menm mwen te fè konnen lòd mwen yo, yo pa konnen m' ankò. Chèf yo trayi m'. Pwofèt yo pale nan non Baal. Y'ap kouri dèyè zidòl ki pa ka fè anyen pou yo.
Prèt yo pa t di: ‘Kote SENYÈ a ye?’ Epi sila yo ki te responsab lalwa a pa t rekonèt Mwen. Chèf yo tou te fè transgresyon kont Mwen; pwofèt yo te pwofetize pou Baal, e te mache dèyè bagay ki pa t gen benefis.
9 Se konsa, mwen menm Seyè a, mwen pral plede ak nou ankò. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa. Mwen pral plede ak pitit pitit nou yo.
“Pou sa, jiska prezan, Mwen va fè kont avèk nou”, deklare SENYÈ a: “Menm avèk pitit a pitit nou yo, Mwen va fè kont.
10 Ale bò solèy kouche, rive jouk sou zile Chip. Voye moun nan peyi Keda, bò solèy leve. N'a wè sa k'ap pase isit la pa janm rive lòt kote anvan sa.
Alò, travèse rive nan peyi kot yo nan Kittim pou wè; voye Kédar pou obsève e wè si janmen te gen yon bagay konsa!
11 Lòt nasyon yo pa janm chanje bondye yo, malgre se pa t' bondye tout bon yo te ye. Men, pèp mwen an te pito zidòl ki pa ka fè anyen pou yo pase mwen menm, Bondye ki te fè bèl bagay pou yo a.
Èske yon nasyon janm te chanje dye pa yo, malgre, se pa dye yo te ye? Men pèp Mwen an te fè echanj glwa pa yo pou sa ki san benefis.
12 Se pou syèl la pantan lè li tande sa! Se pou l' tranble. Se pou l' rete sezi! Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Menm syèl yo etonnen, jis yo vin fremi. Reste byen dezole, deklare SENYÈ a.
13 Paske pèp mwen an fè de kalite peche: Yo vire do ban mwen, mwen menm sous dlo fre a. Y' ale fè rezèvwa pou dlo. Rezèvwa yo tou fann, yo pa ka kenbe dlo.
Paske pèp Mwen an te komèt de kalite mal: Yo te abandone Mwen, fontèn dlo vivan yo, epi yo te fouye pou kont yo lòt sitèn; sitèn yo ki kraze ki pa ka kenbe dlo.
14 Se pa esklav moun pèp Izrayèl yo ye. Ni yo pa fèt nan esklavaj. Poukisa atò lènmi ap bwote yo ale konsa?
Èske Israël se yon esklav? Èske li se yon esklav ki te fèt lakay nou? Pou ki rezon li te devni yon kaptif?
15 Y'ap gwonde sou li tankou lyon, y'ap rele byen fò. Yo fè peyi a tounen yon savann. Yo mete dife nan tout lavil li yo. Pa rete yon moun ladan yo.
Jenn lyon yo gwonde sou li; ak gwo bri yo leve vwa yo. Yo te fin gate peyi li nèt. Vil li yo brile nèt. Pa gen moun ki pou rete ladann.
16 Ata moun Menmfis yo ak moun Tapanès yo ap kale tèt yo.
Anplis, mesye Memphis ak Tachpanès yo te brize kouwòn tèt ou a.
17 Se nou menm ki chache sa, paske nou vire do bay Seyè a, Bondye nou an, antan li t'ap moutre nou chemen pou nou pran an.
Èske Se pa ou menm ki fè sa lè ou kite SENYÈ Bondye ou a, pandan Li t ap mennen ou nan chemen an?
18 Koulye a, kisa nou kwè n'a jwenn lè nou pran chemen Lejip pou n al bwè dlo nan larivyè Nil? Kisa ou kwè n'a jwenn lè nou pran chemen Lasiri pou n al bwè dlo nan larivyè Lefrat?
Men koulye a, se kisa w ap fè nan wout pou rive Égypte la, lè w ale pou bwè dlo nan Rivyè Nil lan? Oswa se kisa w ap fè nan wout pou ale Assyrie a, pou bwè dlo nan flèv pa yo a?
19 Se mal nou fè a k'ap tounen yon fwèt pou nou! Se vire nou vire do ban mwen an k'ap kondannen nou! Se pou nou konnen jan sa pa dous, jan sa pa bon pou nou vire do ban mwen, Seyè a, Bondye nou an, pou nou sispann gen krentif pou mwen. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa.
Pwòp mechanste ou va korije ou, e enfidelite ou va repwoche ou. Pou sa, konnen e wè ke se mal e anmè ke ou te abandone SENYÈ a, Bondye ou a. Laperèz Mwen pa nan ou,” deklare Senyè BONDYE dèzame yo.
20 Izrayèl, gen lontan depi ou pa rekonèt otorite m' ankò! W'ap manje kòd, w'ap di: Mwen p'ap sèvi Seyè a. Lèfini, sou tout ti mòn anba tout gwo pyebwa ou nan dezòd, w'ap fè sèvis pou lòt bondye.
Paske lontan sa, Mwen te kraze jouk ou a. Mwen te chire kòd mare ou yo. Men ou te di: “Mwen p ap sèvi!’ Paske sou chak kolin ki wo, e anba chak bwa vèt, ou te kouche tankou pwostitiye.
21 Mwen te plante ou tankou yon pye rezen kalite, ki soti nan bon semans. Men koulye a, gade jan ou chanje: Ou tounen yon vye pye rezen mawon. M' pa konnen kote ou soti.
Sepandan, Mwen te plante chan rezen pi chwazi pou ou, yon grenn ki fidèl nèt. Alò kòman konsa ou te vin detounen devan M pou tounen yon boujon ki dejenere nèt sou yon chan rezen etranje?
22 Ou te mèt lave kò ou ak gwo savon, ou te mèt fwote kò ou ak potas, m'ap toujou wè kras malpwòpte ou yo sou ou. Se mwen menm Seyè a, Bondye a, ki di sa.
Malgre se ak savon lesiv ou ta savonnen ak anpil savon, tach inikite ou rete devan M,” deklare Senyè BONDYE a.
23 Ki jan ou fè ka di ou nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen, ou pa janm kouri dèyè Baal yo? Gade tout vye makakri w'ap fè nan fon an! Rekonèt sa ou fè a non! Ou tankou yon jenn fenmèl chamo ki lage nan bwa, w'ap kouri adwat agoch.
“Kòman ou ka di: ‘Mwen pa sal, Mwen pa t kouri dèyè Baal yo?’ Gade chemen ou nan vale a! Konnen byen sa ou te fè a! Ou se yon jenn femèl chamo byen rapid, k ap fè chemen l kote li pito.
24 Ou tankou yon fenmèl bourik mawon nan savann. Lè li an chalè, l'ap pran sant van an. Lè li bezwen kwaze, ki moun ki ka kenbe l'? Mal yo pa bezwen bat kò yo pou yo jwenn li. Depi se mwa li, y'ap jwenn li.
Yon femèl bourik mawon ki abitye nan savann nan, k ap pran sant van pou lè l bezwen kwaze ak mal. Nan lè chalè li, se kilès ki ka detounen l? Tout moun k ap chache l p ap fatige kò yo; nan mwa li, yo va jwenn ak li.
25 Izrayèl, manyè sispann! W'ap plede fatige janm ou yo! Gòj ou ap fin chèch! Men w'ap di: Non! M' pa kab fè anyen pou sa! Mwen renmen bondye lòt nasyon yo. Fòk m' al dèyè yo.
Kenbe bon fè sou pye ou e mouye gòj ou pou ou pa swaf; men ou te di: ‘Sa p ap ka fèt, Non! Paske mwen te fè renmen ak etranje yo; se dèyè yo m ap prale.’
26 Menm jan yon vòlè wont lè yo bare l', se konsa moun pèp Izrayèl yo pral wont, ni wa yo, ni chèf yo, ni prèt yo, ni pwofèt yo!
Tankou vòlè vin wont lè l vin dekouvri, se konsa lakay Israël vin wont— wa yo, prens yo, ak prèt yo ak pwofèt yo!
27 Yo rele pyebwa yo papa! Yo rele wòch yo manman m' ki fè m'! Wi, yo pito vire ban m' do, pase pou yo tounen vin jwenn mwen. Men, depi yo nan traka, y'ap rele: -Seyè, leve non! Vin delivre nou!
kap di pyebwa a: ‘Se ou ki papa mwen’, epi a yon wòch: ‘Se ou ki fè mwen.’ Paske yo te vire do ban Mwen olye figi yo; men nan tan gwo pwoblèm yo, yo va di Mwen: ‘Leve pou sove nou.’
28 Men, nou menm moun Jida yo, kote bondye nou te fè pou nou yo? Lè nou nan traka, se yo ki pou leve vin delivre nou, si yo kapab! Moun Jida, nou gen yon bondye nan chak lavil nou yo!
Men kote dye ke ou te fè pou kont ou yo ye? Kite yo leve, si yo ka sove ou nan tan twoub ou yo; paske selon fòs kantite vil ou yo, kantite dye ou ye, O Juda.
29 Poukisa n'ap plede avè m' konsa? Nou tout nou kenbe tèt avè m'. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa!
Poukisa ou fè kont avè M? Nou tout te fè transgresyon kont Mwen,” deklare SENYÈ a.
30 Mwen te pini pitit nou yo, men sa pa t' sèvi anyen. Nou pa t' dakò pou m' te korije nou! Tankou lyon ki fin wè mò, nou rale nepe nou yo, nou touye pwofèt nou yo.
“Anven Mwen te frape fis ou yo; men yo pa t aksepte okenn chatiman. Nepe ou te fin devore pwofèt ou yo tankou lyon k ap detwi.
31 (Nou menm k'ap viv koulye a, koute byen sa Seyè a ap di a.) Pèp Izrayèl, èske mwen te tankou yon dezè pou nou, tankou yon kote ki fènwa anpil? Poukisa atò pou nou di: -Nou granmoun tèt nou, nou p'ap janm tounen vin jwenn ou ankò!
O jenerasyon, koute byen a pawòl SENYÈ a. Èske Mwen te yon dezè pou Israël, oswa yon peyi fènwa byen pwès? Poukisa pèp Mwen an di: ‘Nou lib pou nou gaye toupatou. Nou p ap vin kote Ou ankò?’
32 Eske yon jenn fi ka bliye bijou li yo? Eske yon lamarye ka bliye rad nòs li? Men, pèp mwen an bliye m', m' pa ka konte depi kilè.
Èske vyèj la ka bliye dekorasyon li yo, oswa fi maryaj la, vètman li an? Sepandan, pèp Mwen an fin bliye Mwen pandan jou ki pa ka menm konte.
33 Ou konnen byen sa pou ou fè lè w'ap kouri dèyè gason. Lè konsa, nanpwen krim ou p'ap fè.
A la byen ou prepare chemen ou pou chache lanmou! Konsa, menm fanm mechan yo, ou te enstwi nan chemen ou yo.
34 Rad ou yo tache ak san pòv ansanm ak san inonsan, moun ou pa t' bare ap fè anyen ki mal. Malgre tou sa,
Anplis, sou jip ou, yo twouve san lavi a malere ki inosan yo. Ou pa t jwenn yo t ap kase kay ou. Men se akoz tout bagay sa yo,
35 w'ap plede di ou pa antò. Seyè a pa fache avè ou ankò. Men, mwen menm Seyè a, mwen pral pini ou paske ou refize rekonèt ou te fè sa ou pa t' dwe fè.
Sepandan, ou te di: ‘Mwen inosan. Asireman, kòlè Li pa sou mwen.’ Gade byen, Mwen va antre nan jijman avèk ou, paske ou di: ‘Mwen pa t peche.’
36 Gade jan w'ap avili tèt ou, lè w'ap kouri dèyè bondye lòt nasyon yo! W'ap pran wont nan men peyi Lejip menm jan sa te rive ou avèk peyi Lasiri.
Poukisa ou mache toupatou konsa nan chanje wout ou? Anplis, Égypte va fè ou wont, menm jan ke Assyrie te fè ou wont lan.
37 W'a vire do ou kite peyi Lejip. Avèk men ou, w'a bouche figi ou tèlman w'a wont. Mwen menm, Seyè a, mwen voye moun ou fè konfyans yo jete. Yo p'ap ka fè anyen pou ou.
Soti kote sa a tou, ou va sòti ak men ou sou tèt; paske SENYÈ a te rejte sila ke ou te fè konfyans yo e ou p ap jwenn avantaj avèk yo.”