< Ezayi 3 >
1 Wi. Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, pral koupe viv tout moun nan lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida. P'ap gen pen, p'ap gen dlo.
Paske gade byen, Senyè BONDYE dèzame yo va retire sou Jérusalem ak Juda ni sipò, ni mwayen materyo, tout sa ki pou founi pen e tout sa ki pou founi dlo;
2 P'ap gen vanyan gason ankò ni sòlda. P'ap gen jij ankò ni pwofèt. P'ap gen divinò ankò ni grandèt.
Nonm pwisan an, gèrye la, jij ak pwofèt la, divinò a ak ansyen an,
3 P'ap gen kaptenn, p'ap gen majistra ni moun ki pou bay konsèy. P'ap gen moun ki konn fè maji, ni moun ki konn moute batri.
Kapitèn dè senkant yo, nonm ki resevwa onè a, konseye a, atizan an, ak sila ki fò nan fè wanga a.
4 M'ap pran jenn timoun san esperyans m'a mete chèf pou gouvènen yo.
Konsa, Mwen va fè senp tigason yo vin chèf sou yo, e timoun san kontwòl yo va vin renye sou yo.
5 Tout moun pral chache pwofite yonn sou lòt, zanmi sou zanmi, vwazen sou vwazen. Jennmoun p'ap respekte granmoun. Vakabon ap pase moun debyen nan betiz.
Epi pèp la va oprime, youn pa yon lòt e chak pa vwazen li; jenn yo va fè rebèl kont granmoun yo e sila ki enferyè a kont sila ki gen onè a.
6 Yon lè menm, tout yon branch fanmi va chwazi yonn nan mitan yo. Y'a di l' konsa: Ou menm ki gen rad pou ou mete sou ou, n'ap mete ou chèf pou ou ka dirije nou nan move pa n'ap pase koulye a.
Lè yon nonm mete men l sou frè l lakay papa l, epi di: “Se ou ki gen manto a, se ou k ap chèf nou an, e tout miray kraze sa yo va anba pouvwa ou”,
7 Men, moun yo chwazi a va reponn: Non. Mwen pa dòktè, mwen pa ka fè anyen pou nou! Ni tou, mwen pa gen manje, m' pa gen rad lakay mwen. Pa mete m' chèf sou pèp la.
Nan jou sa a, li va diskite ak yo e li va di: “Se pa mwen menm k ap geri nou an; paske lakay mwen pa gen ni pen, ni manto; se pa mwen menm pou nou ta chwazi chèf sou pèp la.”
8 Wi, lavil Jerizalèm bannann! Peyi Jida a nan tou sa ki pa bon! Paske tou sa yo di, tou sa yo fè pa dakò ak sa Seyè a vle. Devan tout moun y'ap kenbe tèt ak Bondye ki gen tout pouvwa a.
Paske Jérusalem chape glise e Juda fin tonbe akoz pawòl ak zak yo kont SENYÈ a; pou yo fè rebèl kont prezans sen Li an.
9 Depi ou gade yo, ou wè ki moun yo ye. Tankou moun lavil Sodòm yo, yo fè peche yo aklè pou tout moun wè. Se poutèt sa malè ap tonbe sou yo. Se yo menm menm k'ap rale l' sou tèt yo.
Vizaj figi yo fè temwen kont yo, e yo montre tout moun peche yo tankou Sodome. Yo pa menm kache sa a. Malè a yo menm! Paske yo mennen mal la vin tonbe sou yo.
10 Se pou nou di: Ala bèl bagay pou moun ki mache dwat yo! Zafè yo mache byen tou. Y'a jwi pwofi travay yo.
Di a moun dwat yo sa prale byen pou yo, paske yo va manje fwi a zèv yo.
11 Men, pòv mechan yo, malè ap tonbe sou yo. Y'a fè yo peye pou sa yo fè a.
Malè a mechan an! Sa prale mal pou li. Paske sa li merite a, se sa k ap rive li.
12 Sa fè m' lapenn pou pèp mwen an! Se yon timoun k'ap prije yo, se fanm k'ap kòmande yo. Sa fè m' lapenn anpil wi pou nou, pèp mwen an! Chèf yo fè nou pèdi chemen nou. Yo mele nou. Nou pa konn ki wout pou nou pran.
O pèp Mwen an! Moun ki oprime yo se timoun ak fanm ki gouvène sou yo. O pèp Mwen an! Sila k ap gide ou yo, egare ou, e konfonn direksyon chemen nou yo.
13 Seyè a kanpe pou l' denonse sa yo fè a. Li pare pou l' jije pèp li a.
Se SENYÈ a ki parèt kon advèsè yo e ki kanpe pou jije pèp la.
14 Seyè a rele chèf fanmi yo ak lòt chèf pèp li a nan tribinal. L'ap denonse yo. Li di konsa: Se nou menm ki fin piye jaden rezen yo. N'ap vòlò pòv malere yo pou nou plen kay nou.
SENYÈ a antre nan jijman ak ansyen ak prens a pèp Li a. “Se nou ki te devore chan rezen an; piyaj malere a fèt anndan lakay nou.
15 Nou pa gen dwa kraze pèp mwen an konsa. Nou pa gen dwa pwofite konsa sou pòv yo. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki pale.
Se kilès ki bannou dwa pou kraze pèp Mwen an, e foule figi malere yo?” SENYÈ dèzame yo pale.
16 Seyè a di: Gade jan medam lavil Jerizalèm yo ye non! Y'ap mache tankou yo pa kanmarad pesonn. Yo kage tèt yo dèyè, y'ap fè mesye yo je dou. Y'ap mache banda pou braslè nan pye yo ka sonnen.
Anplis SENYÈ a di: “Akoz fi a Sion yo ògeye, mache ak tèt anlè ak zye k ap sedwi, mache ak ti pa kout pou atire zye gason, e fè sone tout ti son braslè sou pye yo.
17 Men, mwen menm Bondye, m'ap pini yo. M'ap kale tèt yo tou blanch, m'ap kite yo san cheve.
Pou sa, SENYÈ a va aflije tèt fi a Sion yo ak kal, e SENYÈ a va fè tèt yo chòv.”
18 Jou sa a, Bondye va wete tout bijou yo gen sou yo: braslè yo mete nan pye yo, bando yo mare nan tèt yo, meday yo mare sou fwon yo,
Nan jou sa a, SENYÈ a va retire bèlte a braslè pye yo, bando sou tèt yo, dekorasyon kwasan yo,
19 zanno, braslè yo mete nan bra yo, ak vwal yo mete sou tèt yo,
zanno zòrèy yo, braslè yo, vwal yo,
20 mouchwa yo mare tèt yo, ti chenn yo mete nan pye yo, bèl senti yo, poban odè yo, bwòch yo,
dekorasyon tèt yo, chenn nan pye yo, bèl twal sentiwon yo ak bwat pafen yo, bwòch yo,
21 bag yo, zanno pou nen yo,
bag dwèt yo, zanno nen yo.
22 bèl rad swa yo, foula yo, chal yo, bous yo,
Vètman gwo fèt yo, gwo manto yo, bous lajan yo,
23 glas yo, rad twal fin yo, madras yo ak vwal dantèl yo mete sou tèt yo.
miwa men yo, ti sou-vètman yo, tiban yo, ak vwal yo.
24 Yo p'ap sèvi ak odè ankò, y'ap santi move. Yo p'ap sèvi ak bèl senti ankò. Y'a mare ren yo ak kòd. Yo p'ap gen cheve pou yo fè bèl kwafi, tèt yo va kale tou blanch. Yo p'ap gen bèl rad pou mete sou yo, y'a vlope kò yo nan sak. Yo p'ap fè figi yo bèl ankò. Y'ap tanpe yo nan figi ak fè wouj tankou esklav.
Epi li va fin rive ke olye sant pafen dous, ap gen move odè pouriti; olye se sentiwon, ap gen yon kòd; olye se cheve swa byen ranje, ap gen yon tèt chòv; olye se bèl vètman, ya mete twal sak; epi y ap pote etanp sou kò pou ranplase bote.
25 Tout mesye yo pral mouri nan lagè. Tout sòlda yo pral mouri nan batay.
Gason nou yo va tonbe devan nepe, ak moun pwisan nou yo nan batay.
26 Moun pral plenn nan pòtay lavil yo, y'ap nan lapenn. Lavil la ap tankou yon fanm ki chita atè, san rad sou li.
Epi pòtay vil la va kriye fò ak lamantasyon, doulè ak dezolasyon nèt. Li va chita atè.