< Oze 14 >

1 Tounen vin jwenn Bondye nou non, nou menm pitit Izrayèl yo! Se peche nou yo ki te fè nou tonbe.
Retounen, O Israël, kote SENYÈ, Bondye ou a. Paske ou te glise tonbe akoz inikite ou.
2 Tounen vin jwenn Seyè a! Men sa pou nou di li: Padonnen tout peche nou yo. Asepte sa n'ap mande ou la a. Nou p'ap ofri ou towo bèf ankò, n'ap fè lwanj ou pito.
Pran avèk ou menm pawòl yo, pou retounen kote SENYÈ a. Di Li: “Retire tout inikite nou yo, e resevwa nou ak gras Ou, pou nou ka bay ofrann bèf yo kon ve a lèv nou.
3 Moun Lasiri yo p'ap janm ka sove nou. Nou p'ap mete konfyans nou ankò nan chwal pou fè lagè. Nou p'ap janm gade zidòl nou fè ak men nou pou nou di yo se yo ki bondye nou. Nou rekonèt, Seyè, se ou menm ki gen pitye pou timoun ki san papa.
Assyrie p ap sove nou. Nou p ap monte sou cheval; ni nou p ap di ankò a zèv men nou yo: “Ou se dye nou.” Paske nan Ou, òfelen an twouve mizerikòd.”
4 Seyè a di ankò: -M'ap rale pèp la tounen vin jwenn mwen ankò. M'ap renmen yo ak tout kè m'. Mwen p'ap ankòlè sou yo ankò.
“Mwen va geri enfidelite yo; Mwen va renmen yo an abondans, paske kòlè Mwen fin vire lwen yo.
5 M'ap tankou lawouze pou moun Izrayèl yo. Yo pral fleri tankou flè nan jaden. Yo pral pouse rasin tankou pyebwa nan peyi Liban.
Mwen va tankou Lawouze pou Israël; li va fleri kon flè lis, e li va anrasine tankou pye sèd a Liban yo.
6 Yo pral boujonnen sou tout kò yo. Y'ap bèl tankou pye oliv. Y'ap santi bon tankou pye sèd peyi Liban.
Boujon li yo va vin pete, e bèlte li va tankou pye doliv etranje a. Li va santi bon kon bèl odè Liban an.
7 Yo gen pou yo tounen vin rete anba zèl mwen pou m' pwoteje yo. Jaden ble yo pral donnen ankò. Yo pral fleri tankou pye rezen. Non yo ap nan tout bouch tankou bon mak diven yo fè nan peyi Liban.
Moun yo va rete nan lonbraj li. Yo va reprann fòs tankou sereyal ki jwenn lapli; yo va fleri tankou pye rezen. Y ap fè bon odè tankou diven Liban an.
8 Nou menm moun Izrayèl, konnen mwen pa gen anyen pou mwen wè ak zidòl. Mwen menm m'a reponn yo lè y'ap lapriyè. M'ap okipe yo tankou pye bwapen ki rete toujou vèt, m'ap ba yo lonbraj. Se mwen menm k'ap ba yo tout kalite benediksyon.
O Éphraïm! Kisa M gen pou fè ankò ak zidòl? Se Mwen menm ki okipe l; Mwen tankou yon pye siprè byen vèt; nan Mwen, tout fwi ou sòti.”
9 Se pou moun ki gen konprann chache konprann sa ki ekri la a. Se pou moun ki gen lespri chache konprann li. Paske chemen Bondye se chemen ki dwat. Moun k'ap viv dapre volonte Bondye ap mache ladan l' san anyen p'ap rive yo. Men, moun ki vire do yo bay Bondye ap bite sou wout la.
Nenpòt moun ki saj, kite li konprann bagay sa yo; Sila ki pridan an, kite li konnen yo. Paske, chemen a SENYÈ yo dwat, e moun ladwati a va mache ladan yo; men transgresè yo va glise tonbe nan yo.

< Oze 14 >