< Oze 12 >
1 Pèp Efrayim lan ap fè yon bann bagay ki p'ap rapòte yo anyen. Y'ap kouri siyen kontra ak moun k'ap fini ak yo. Tout lajounen y'ap plede bay manti sou manti. Se fè mechanste. Yo fè kontra avèk peyi Lasiri, y'ap fè kòmès lwil avèk peyi Lejip.
Éphraïm manje sou van, e kouri dèyè van lès la. Li kontinye ap ogmante nan manti ak vyolans. Anplis, li fè yon akò ak Assyrie e lwil vin pote an Égypte.
2 Seyè a gen yon kont pou l' regle ak moun Jida yo tou. Li pral pini moun Jakòb yo dapre ajisman yo. Li pral fè yo peye sa yo fè a.
Plis toujou, SENYÈ a gen yon kont ak Juda e Li va pini Jacob selon chemen li yo. Li va rekonpanse li selon zak li yo.
3 Depi nan vant manman l', Jakòb, zansèt yo, t'ap goumen ak Ezaou, frè jimo li a. Lè li vin gran li goumen ak Bondye.
Nan vant manman, li te kenbe frè l pa talon; epi lè l fin grandi, li te lite ak Bondye.
4 Li mare batay ak yon zanj Bondye, epi li genyen. Lè sa a, Jakòb kriye, li mande pou zanj lan beni l'. Li kontre ak Bondye Betèl, Bondye pale avè l'.
Wi, li te lite ak zanj lan, e li te enpoze l; li te kriye e li te chache favè li. Li te jwenn Li Béthel, e se la, Li te pale ak nou.
5 Se te Seyè ki gen tout pouvwa a. Seyè, se konsa yo rele li.
Menm SENYÈ a, Bondye dèzame yo, SENYÈ a se non Li!
6 Konsa, nou menm pitit pitit Jakòb yo, tounen vin jwenn Bondye nou. Pa janm sispann renmen l'. Fè sa ki dwat devan je li. Pran pasyans! Toujou konte sou Bondye.
Pou sa, retounen kote Bondye ou a, Swiv ladousè ak lajistis, e tann Bondye ou a tout tan.
7 Seyè a di ankò: -Moun Izrayèl yo tankou moun Kanaran yo. Y'ap sèvi avèk fo mamit. Yo renmen fè mache nwa.
Men yon machann, ak fo balans lan nan men l. Li renmen twonpe moun.
8 Y'ap plede di: Nou fin rich. Nou fè yon bèl kòb. Men, nou travay di tou. Pesonn pa ka di nou te fè ankenn bagay mal pou n' gen tout lajan sa a!
Éphraïm te di: “Anverite, mwen gen tan vin rich. Mwen te twouve richès mwen pou kont mwen; Nan tout zèv mwen yo, yo p ap dekouvri okenn inikite, ki ta peche.”
9 Men, mwen menm, se Seyè a, Bondye nou an mwen ye. Se mwen ki te mennen nou depi lè nou te moute kite peyi Lejip la. M'a pral fè nou rete anba tant twal ankò, jan nou te konn fè l' lè mwen te vin jwenn nou nan dezè a.
Men Mwen menm, SENYÈ Bondye ou, depi nan peyi Égypte la, va fè ou viv nan tant ankò, tankou nan jou fèt deziye yo.
10 Mwen te pale ak pwofèt yo. Se mwen ki fè yo fè anpil vizyon. Mwen fè yo bay pèp la anpil avètisman pou mwen.
Anplis, Mwen te pale ak pwofèt yo e mwen te miltipliye vizyon yo; epi selon ministè pwofèt yo, mwen te sèvi parabòl.
11 Pèp la ap adore zidòl lavil Galarad. Men, sa p'ap sèvi yo anyen. Y'ap ofri towo bèf lavil Gilgal. Men, lotèl yo ap tounen pil wòch nan jaden y'ap pare.
Èske gen inikite nan Galaad? Anverite, yo tout san valè. Nan Guilgal, yo fè sakrifis towo; wi lotèl pa yo tankou pil wòch nan mitan chan.
12 Jakòb, zansèt nou an, te blije al kache nan peyi Aram. Lè l' te la, li te travay pou moun pou l' te ka jwenn yon fanm pou l' marye. Wi, li te fè metye gadò mouton pou l' te ka jwenn yon fanm.
Alò, Jacob te sove ale nan peyi Aram, Israël te travay pou resevwa yon madanm. Pou yon madanm, li te fè gadyen mouton.
13 Seyè a voye yon pwofèt pou fè pèp Izrayèl la soti kite peyi Lejip. Li fè menm pwofèt la pran swen yo.
Epi pa yon pwofèt, SENYÈ a te mennen Israël sòti an Égypte. Pa yon pwofèt, li te vin prezève.
14 Men, pèp Efrayim lan te fè bagay ki te fè Seyè a fache anpil. Se poutèt sa, l'ap fè yo peye krim yo fè a. L'ap fè yo peye wont yo te fè l' wont la.
Éphraïm te pwovoke gwo kòlè amè. Akoz sa, Senyè li va kite san li koule sou li, e fè repwòch li tounen sou li.