< Ebre 9 >
1 Premye kontra a te gen regleman pa l' pou jan yo dwe fè sèvis pou Bondye nan tanp ki sou latè a.
Endagaano ey’olubereberye, yalina amateeka agaalagirwa ag’okusinzanga Katonda, era waaliwo n’eweema entukuvu ey’oku nsi.
2 Premye bagay yo fè, yo moute yon gwo tant: se te kote yo te mete apa pou sèvis Bondye a. Se la yo te mete gwo lanp sèt branch lan, tab la ansanm ak pen yo ofri bay Bondye yo.
Mu weema eno mwalimu ebisenge bibiri. Mu kisenge ekisooka nga mwe muli ekikondo ekya zaabu eky’ettaala, n’emmeeza okwabeeranga emigaati emyawule, ekisenge kino kyayitibwanga Ekifo Ekitukuvu.
3 Dèyè dezyèm rido a, te gen yon lòt ti tant pi piti. Se te kote yo te mete apa nèt pou Bondye menm lan.
Era waaliwo olutimbe olwokubiri ng’emabega waalwo we wali ekifo ekiyitibwa Awatukuvu w’Awatukuvu.
4 Se la lotèl an lò a te ye ansanm ak Bwat kote yo te sere kontra a. Se sou lotèl la yo te konn boule lansan. Bwat la menm te kouvri nèt ak lò. Anndan l' yo te mete yon ti ja an lò tou ki te gen laman dezè a. Bò kote ti ja a, yo te mete baton Arawon an ki te fleri, ansanm ak de moso wòch plat kote yo te ekri pawòl kontra a.
Mu kifo ekyo mwalimu ekyoterezo ky’obubaane ekya zaabu, n’essanduuko ey’endagaano, eyabikkibwako zaabu ku buli ludda. Mu ssanduuko nga mulimu ekibya ekya zaabu ekyalimu emmaanu, n’omuggo gwa Alooni nga gutojjedde, n’ebipande eby’amayinja eby’Amateeka Ekkumi eby’endagaano.
5 Anwo bwat la, yo te mete estati de zanj yo te rele cheriben. Se te pou fè moun konnen Bondye la. Zèl zanj yo te louvri, yo te kouvri tout kote yo ofri bèt pou touye pou peche yo. Men, nou pa gen tan koulye a pou n' pale an detay sou bagay sa yo.
Ku kisaanikira ky’essanduuko nga kuliko bakerubbi ab’ekitiibwa nga basiikirizza entebe ey’okusaasira; ebintu ebyo tetuyinza kubyogerako kaakano kinnakimu.
6 Lè tout bagay fin nan plas yo konsa, prèt yo gen pou yo antre chak jou nan premye tant lan pou fè sèvis.
Ebintu byonna nga bimaze okutegekebwa bwe bityo, bakabona baayingiranga mu kisenge ekisooka buli lunaku ne bakola emirimu gyabwe egy’okuweereza.
7 Men, se granprèt la ase ki gen dwa antre nan dezyèm ti tant lan. Li fè l' yon sèl fwa chak lanne. Lè sa a, li pote san bèt yo te ofri bay Bondye a pou tèt pa l' ansanm ak pou peche pèp la fè san yo pa t' konnen.
Naye Kabona Asinga Obukulu yekka ye yayingiranga mu kisenge eky’omunda omulundi gumu buli mwaka. Yagendangayo n’omusaayi, gwe yawangayo ku lulwe n’olw’ebibi by’abantu bye baakolanga mu butanwa.
8 Avèk tout aranjman sa yo, Sentespri fè nou wè chemen ki pou mennen nou kote Bondye ye a poko louvri toutotan premye tant la kanpe toujou.
Mu bino byonna, Mwoyo Mutukuvu atutegeeza bulungi nti, Ekkubo erituuka mu bifo ebitukuvu lyali terinnamanyika, ng’eweema ey’Okukuŋŋaanirangamu ey’olubereberye ekyaliwo, n’enkola ey’edda ng’ekyaliwo.
9 Sa se yon siy pou te fè nou konprann davans sa k'ap pase koulye a. Sa vle di: pou moun k'ap fè sèvis sa yo, nanpwen kado yo ka fè Bondye, nanpwen ofrann bèt yo ka touye bay Bondye ki pou lave konsyans yo devan Bondye.
Amakulu geekyo mu kiseera kya leero, ge gano: ebirabo ne Ssaddaaka ebyaweebwangayo tebiyinza kutukuza mutima gw’oyo asinza.
10 Nan tout bagay sa yo, se yon keksyon de sa ki bon pou manje, de sa ki bon pou bwè, de tout kalite seremoni pou yo fè pou lave deyò kò moun. Prensip sa yo vo kichòy jouk lè Bondye vin chanje tout bagay.
Bikoma ku byakulya na byakunywa na ku bulombolombo obw’okunaaba, n’ebiragiro abantu bye baalina okukwata n’okugondera okutuusa ku biro eby’okuzza ebintu obuggya.
11 Men, Kris la vini deja tankou granprèt k'ap bay benediksyon ki gen pou vini yo. Tant kote l'ap fè sèvis li a pi gwo, pi bon lontan. Se pa moun ki te bati li. Tant sa a pa fè pati bagay ki sou latè.
Kristo yajja nga Kabona Asinga Obukulu ow’ebintu ebirungi ebyali bigenda okujja. Yayingira mu weema esinga obukulu n’okutuukirira, etaakolebwa na mikono gya bantu, etali ya mu nsi muno.
12 Kris la pase nan tant lan, li antre kote yo mete apa pou Bondye a, li ofri san an yon sèl fwa devan Bondye epi li fini. Lè sa a, se pa t' san bouk kabrit ni san ti towo bèf li te ofri. Se san pa l' menm li te ofri. Se sak fè li antre yon sèl fwa a devan Bondye, li tou peye pou l' te ka delivre nou pou tout tan. (aiōnios )
Teyayingira na musaayi gwa mbuzi wadde ogw’ente ennume, naye yayingira mu Watukuvu w’Awatukuvu omulundi gumu gwokka n’omusaayi gwe; bw’atyo ye yennyini n’atufunira obulokozi obutaggwaawo. (aiōnios )
13 Si yo ka pran san bouk kabrit ak san towo bèf ansanm ak san vyann ti gazèl bèf yo boule sou lotèl la pou voye sou moun ki mete tèt yo nan kondisyon yo pa ka sèvi Bondye dapre lalwa, pou mete yo nan kondisyon pou yo fè sèvis Bondye,
Obanga omusaayi gw’embuzi, n’ente ennume, n’evvu ly’ente enduusi, bimansirwa ku abo abalina ebibi, ne bibatukuza mu mubiri;
14 nou pa bezwen mande kisa san Kris la p'ap fè. Avèk pouvwa Sentespri ki la tout tan an, li menm li ofri tèt li bay Bondye tankou yon ofrann bèt ki bon nèt, san okenn defo. Se konsa, san l' ap lave konsyans nou, l'ap delivre nou anba esklavaj lalwa k'ap touye nou an pou nou ka sèvi Bondye vivan an. (aiōnios )
omusaayi gwa Kristo ataliiko kamogo, eyeewaayo ye yennyini eri Katonda olw’Omwoyo ataggwaawo, tegulisinga nnyo okutukuza emyoyo gyaffe okuva mu bikolwa ebifu tulyoke tuweereze Katonda omulamu? (aiōnios )
15 Se poutèt sa, Kris la se yon avoka ki tabli yon nouvo kontra ant Bondye ak lèzòm. Konsa, moun Bondye rele yo, yo ka resevwa eritaj ki la pou tout tan an, jan Bondye te pwomèt la. Tou sa, paske Kris la mouri. Avèk mouri li mouri a, li delivre tout moun anba chenn peche yo te fè sou premye kontra a. (aiōnios )
Noolwekyo Kristo ye mutabaganya mu ndagaano empya, okufa bwe kwabaawo olw’okununulibwa okuva mu byonoono eby’omu ndagaano eyasooka, abo abaayitibwa ab’obusika obutaggwaawo balyoke baweebwe ekisuubizo. (aiōnios )
16 Lè gen yon kontra osinon yon testaman, se pou yo bay prèv moun ki te fè l' la mouri byen mouri.
Kubanga ekiraamo kiteekebwa mu nkola ng’eyakikola amaze kufa.
17 Paske, yon testaman pa vo anyen toutotan moun ki fè l' la vivan toujou. Lè moun ki fè l' la mouri, se lè sa a testaman an bon.
Kubanga kikola ng’eyakikola afudde, kubanga tekiba na makulu eyakikola bw’aba ng’akyali mulamu.
18 Se poutèt sa, menm pou premye kontra a se apre yo te fin fè san bèt yo te ofri yo koule li te bon.
Era n’endagaano ey’olubereberye teyakolebwa awatali musaayi.
19 Premye bagay Moyiz te fè, li te li tout kòmandman yo bay pèp la, jan sa ye nan lalwa a. Apre sa, li pran san ti towo bèf yo ak san bouk kabrit yo, li mele l' ak dlo, li pran yon branch izòp ak yon moso lenn wouj, li wouze Liv lalwa a ansanm ak tout pèp la avèk melanj la.
Kubanga Musa bwe yamala okuwa abantu bonna Amateeka, n’atwala omusaayi gwa zisseddume n’ogw’embuzi, n’amazzi, n’addira obutabi obw’akawoowo obwa ezobu, n’ebyoya by’endiga ebiriko omusaayi, n’amansira ku kitabo kyennyini era ne ku bantu.
20 Lè sa a, li di: Sa se san ki sèvi pou siyen kontra Bondye mande pou nou kenbe a.
N’ayogera nti, “Guno gwe musaayi gw’endagaano Katonda gye yabalagira okukwata.”
21 Moyiz voye san an sou tout tant lan, sou tout bagay ki sèvi nan tant lan.
Era bw’atyo n’amansira ne ku weema ey’Okukuŋŋaanirangamu, ne ku byonna ebyakozesebwanga mu kusinza.
22 Dapre lalwa, san an mete prèske tout bagay nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Si san pa koule, nanpwen padon pou peche yo.
Era mu mateeka buli kintu kitukuzibwa na musaayi, era awatali kuyiwa musaayi tewabaawo kusonyiyibwa.
23 Tout bagay sa yo se kopye Moyiz te kopye yo sou bagay tout bon ki nan syèl la. Si se pou yo te mete tout bagay sa yo ki yon senp pòtre bagay tout bon yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye konsa, bagay ki nan syèl la menm mande yon pi gwo kalite ofrann bèt toujou.
Ebifaananyi by’ebintu eby’omu ggulu kyebiva byetaaga okutukuzibwa ne ssaddaaka, naye ebintu eby’omu ggulu byennyini biteekwa kutukuzibwa na ssaddaaka ezisinga ezo.
24 Kris la pa t' antre nan yon kay moun te bati pou Bondye sou modèl kay Bondye a. Li antre nan syèl la menm, kote li kanpe koulye a devan Bondye pou nou.
Kubanga Kristo teyayingira mu kifo kya Watukuvu w’Awatukuvu ekyakolebwa n’emikono gy’abantu, naye yayingira mu ggulu mwennyini gy’ali kaakano mu maaso ga Katonda ku lwaffe.
25 Granprèt jwif yo antre chak lanne nan kote ki apa pou Bondye menm lan avèk san bèt yo touye bay Bondye. Men, Kris la menm pa antre plizyè fwa pou ofri tèt li.
Kristo teyayingira mu ggulu kwewangayo mirundi mingi, nga Kabona Asinga Obukulu bw’ayingira mu Watukuvu w’Awatukuvu buli mwaka n’omusaayi ogutali gugwe,
26 Si se pa t' sa, li ta blije soufri plizyè fwa tou depi lè Bondye te kreye tout bagay. Men, koulye a, lè tout bagay prèt pou fini, li parèt yon sèl fwa, li bay tèt li tankou bèt yo ofri pou wete tout peche, epi li fini. (aiōn )
kubanga kyali kimugwanira okubonaabonanga emirundi mingi okuva ku kutondebwa kw’ensi. Naye kaakano yajja omulundi gumu ku nkomerero y’omulembe, ne yeewaayo yennyini ng’ekiweebwayo. (aiōn )
27 Tout moun gen pou mouri yon sèl fwa, apre sa, Bondye gen pou jije yo.
Ng’abantu bwe baterekerwa okufa omulundi gumu n’oluvannyuma okulamulwa ne kutuuka,
28 Konsa tou, Kris la ofri tèt li pou li mouri yon sèl fwa pou wete peche anpil moun. Li gen pou l' tounen yon dezyèm fwa. Men, lè sa a, se p'ap pou wete peche nou, se va pou delivre tout moun k'ap tann li yo.
era ne Kristo bw’atyo yaweebwayo omulundi gumu ne yeetikka ebibi by’abantu bonna. Alirabika nate omulundi ogwokubiri, si kuddamu kwetikka bibi byaffe, wabula okuleeta obulokozi eri abo abamulindirira.