< Aje 1 >

1 Nan dezyèm lanne rèy wa Dariyis nan peyi Pès la, premye jou nan sizyèm mwa a, Seyè a te bay pwofèt Aje yon mesaj pou Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, ki te gouvènè peyi Jida ansanm ak pou Jozye, pitit gason Jozadak la, ki te granprèt lè sa a. Men mesaj la:
En la sixième année du règne de Darius, le sixième mois, le premier jour du mois, la parole du Seigneur vint à Aggée, le prophète, disant: Parle à Zorobabel, fils de Salathiel, de la tribu de Juda, et à Jésus, fils de Josédec, le grand prêtre, et dis:
2 -Seyè ki gen tout pouvwa a pale. Men sa li di: Moun yo ap plede di se poko lè pou yo bati kay Seyè a!
Voici ce que dit le Seigneur Tout-Puissant. Ils disent que le temps n'est pas venu de réédifier la maison du Seigneur.
3 Se poutèt sa, men mesaj Seyè a te bay pwofèt Aje pou pèp la.
Or la parole du Seigneur est venue à Aggée, le prophète, disant:
4 Ki jan nou fè pa wont rete nan gwo kay nou byen alèz, epi nou kite kay Bondye a tou kraze?
Le temps est-il venu pour vous de demeurer en vos maisons lambrissées en voûte, quand Notre temple est désert?
5 Bon. Koulye a, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: Kalkile byen sou sa k'ap rive nou la a.
Et maintenant, voici ce que dit le Seigneur tout-puissant. Dirigez vos cœurs en vos voies.
6 Nou simen anpil grenn nan jaden nou, men nou rekòlte ti kras. Nou manje, men vant nou pa plen. Nou bwè diven, men kè nou pa kontan. Nou gen rad pou mete sou nou, men fredi ap kale nou toujou. Travayè yo touche lajan, men sa pa ka bouche yon twou dan.
Vous avez semé beaucoup, et peu recueilli; vous avez mangé, mais pas à satiété; vous avez bu, mais point jusqu'à l'ivresse; vous vous êtes vêtus, et vous n'avez pas été réchauffés; et celui qui a thésaurisé ses salaires, les a déposés dans un sac troué.
7 Wi! Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di nou: Kalkile byen sou sa k'ap rive nou la a!
Or voici ce que dit le Seigneur tout-puissant. Dirigez vos cœurs en vos voies;
8 Lèfini, ale nan mòn yo. Koupe bwa pote vini. Rebati kay mwen an. Sa va fè m' plezi, se va yon lwanj pou mwen. Se Seyè a ki di sa.
montez sur la montagne; abattez des arbres, et réédifiez le temple; et Je M'y complairai, et Je serai glorifié, dit le Seigneur.
9 Nou te kwè nou t'ap fè bèl rekòt. Men, rekòt la mèg. Nou ranmase l' mete nan depo, mwen fè l' gate. Poukisa mwen fè sa? Se Seyè ki gen tout pouvwa k'ap pale wi. Se paske nou kite tanp mwen an ap kraze epi tout moun ap prese bati kay pa yo.
Vous avez convoité beaucoup, et peu vous est venu; et ce peu vous l'avez emporté en vos maisons, et d'un souffle Je l'en ai fait sortir; c'est pourquoi voici ce que dit le Seigneur tout-puissant: En punition de ce que Ma demeure est déserte, et que chacun de vous court à sa demeure,
10 Se poutèt sa, lapli pa tonbe, anyen pa pouse.
le ciel vous refusera sa rosée, et la terre vous retirera ses fruits.
11 Mwen lage yon sèl chechrès nan peyi a, sou mòn yo, sou jaden ble yo, sou jaden rezen yo ak jaden oliv yo, sou tou sa k'ap pouse sou latè, sou moun, sou bèt, sou tout sa nou plante.
Et Je ferai passer un glaive sur la terre et sur les montagnes, sur le blé et sur le vin, sur l'huile et sur les fruits de la terre, sur les hommes, leur bétail et tous les travaux de leurs mains.
12 Lè sa a, Zowobabèl, pitit Chealtyèl la, Jozye, granprèt la, pitit Jozadak la, ansanm ak tout moun ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a, yo koute sa Seyè a, Bondye yo a, te di yo, dapre mesaj Seyè a te bay pwofèt Aje pou yo a. Yo te vin gen krentif pou Seyè a.
Et Zorobabel, fils de Salathiel, de la tribu de Juda, et Jésus, fils de Josédec, le grand prêtre, et tout le reste du peuple entendirent la voix du Seigneur leur Dieu, et les paroles d'Aggée, le prophète, telles que par lui le Seigneur, leur Dieu, les leur avait envoyées. Et le peuple révéra la face du Seigneur.
13 Epi, Aje, mesaje Seyè a, bay pèp la yon lòt mesaj Seyè a te ba li. Li di yo: -Seyè a fè nou konnen li la avèk nou.
Et Aggée, le messager du Seigneur, rapporta au peuple le message du Seigneur, disant: Je suis avec vous, dit le Seigneur.
14 Seyè a mete nan tèt tout moun lanvi pou yo travay nan tanp Bondye yo a, depi Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, gouvènè peyi Jida a, Jozye, granprèt la, pitit gason Jozadak la, jouk dènye moun ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a. Yo konmanse travay nan tanp Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye yo a,
Et le Seigneur suscita l'esprit de Zorobabel, fils de Salathiel, de la tribu de Juda, et l'esprit de Jésus, fils de Josédec, le grand prêtre, et l'esprit du reste du peuple; et ils entrèrent dans le temple du Seigneur, leur Dieu tout-puissant, et ils y firent des travaux.
15 jou ki te make vennkatriyèm jou nan sizyèm mwa nan dezyèm lanne rèy wa Dariyis la.
Le vingt-quatrième jour du sixième mois, la seconde année du règne de Darius;

< Aje 1 >