< Jenèz 37 >
1 Men Jakòb rete rete l' nan peyi Kanaran kote papa l' te pase tout lavi l'.
Alò, Jacob te viv nan peyi kote papa li te konn demere a, nan peyi Canaan an.
2 Men istwa fanmi Jakòb la. Jozèf te yon jenn gason disètan. Li t'ap gade mouton ak kabrit ansanm ak frè l' yo, pitit gason Bila ak Zilpa, fanm kay papa l' yo. Li te konn rapòte bay papa l' tout vye bagay yo t'ap fè.
Sa yo se achiv a jenerasyon Jacob yo. Joseph, lè l te gen laj dis-sèt ane, li t ap okipe bann mouton an avèk frè l yo, pandan li te toujou nan jennès li, ansanm avèk fis Bila yo, ak fis Zilpa yo, madanm a papa l yo. Epi Joseph te pote yon move rapò sou yo, bay papa li.
3 Izrayèl menm te renmen Jozèf plis pase tout lòt pitit li yo, paske li te fin granmoun lè Jozèf te fèt. Li fè yon bèl varèz long ak manch pou li.
Alò, Israël te renmen Joseph plis ke tout lòt fis li yo, akoz ke li te fèt nan vyeyès li; epi li te fè pou li yon vètman plen tout koulè.
4 Lè frè l' yo wè jan papa yo te renmen Jozèf plis pase yo, yo pran rayi l'. Yo pa t' louvri bouch avè l' san yo pa joure l'.
Frè li yo te wè ke papa yo te renmen li plis ke tout frè li yo. Konsa, yo te vin rayi li, e yo pa t kapab pale avèk li an amitye.
5 Yon jou, Jozèf fè yon rèv. Li rakonte l' bay frè li yo. Sa te fè yo rayi l' pi plis toujou.
Alò, Joseph te fè yon rèv, e lè l te repete l bay frè l yo, konsa, yo te vin rayi li plis.
6 Li di yo: -Mesye, tande yon rèv mwen fè.
Li te di yo: “Souple, koute rèv sa a ke m te fè a.
7 Mwen wè nou tout nou te nan jaden, chak moun t'ap mare yon pakèt zèb. Pakèt mwen an rete konsa li kanpe tout dwat pou kont li, epi tout pakèt pa nou yo fè wonn li, yo vin bese tèt devan pa m' lan tankou moun y'ap salwe.
Gade byen, nou t ap mare pakèt rekòlt yo nan chan an, e gade byen, pakèt pa nou yo te vin antoure pa m nan e yo te vin bese devan pakèt pa mwen yo.”
8 Frè l' yo di l': -Anhan! Ou vle di ou pral chèf nou, ou pral kòmande nou! Yo te vin rayi l' pi plis toujou poutèt rèv li te di yo li fè a.
Alò, frè li yo te di li: “Èske vrèman ou ap vin renye sou nou? Oswa èske ou ap vin gouvène sou nou?” Epi yo te vin rayi li plis pou rèv li yo, ak pawòl li yo.
9 Apre sa, Jozèf fè yon lòt rèv ankò. Li rakonte l' bay frè li yo. Li di yo: -Mwen fè yon lòt rèv. Mwen wè solèy la, lalen lan ansanm ak onz zetwal ki t'ap bese tèt devan mwen.
Alò li te vin fè yon rèv toujou, li te eksplike li bay frè li yo. Li te di: “Gade, mwen te fè yon lòt rèv; e gade byen, solèy la, lalin lan avèk onz zetwal yo t ap bese ba devan mwen.”
10 Li rakonte rèv la bay papa l' ansanm ak frè l' yo. Men papa a t'ap rale zòrèy li, li t'ap di l': -Ki kalite rèv w'ap fè konsa a? Koulye a, se pou mwen menm, manman ou ansanm ak onz frè ou yo, pou nou vin bese tèt devan ou?
Li te eksplike li bay papa li avèk frè li yo. Papa li te reprimande li e te di l: “Kisa sa ye, rèv sa ou te fè a? Èske mwen, manman ou avèk frè ou yo vrèman ap vin bese atè devan ou?”
11 Frè Jozèf yo t'ap fè jalouzi, men papa l' t'ap kalkile tout bagay sa yo nan tèt li.
Frè li yo te fè jalouzi akoz li, men papa li te kenbe pawòl sa yo nan tèt li.
12 Frè Jozèf yo leve, y ale jouk Sichèm ak bann bèt papa yo pou fè yo manje.
Epi frè li yo te ale mennen bann mouton an Sichem.
13 Izrayèl rele Jozèf, li di l' konsa: -Frè ou yo mennen bèt yo jouk Sichèm al manje. Vini non, m'ap voye ou bò kote yo pou mwen. Jozèf reponn: -Men mwen wi, papa.
Israël te di Joseph: “Èske frè ou yo p ap okipe bann mouton an Sichem? Vini pou mwen ka voye ou bò kote yo.” Epi li te reponn: “Mwen va ale”.
14 Izrayèl di l' konsa: -Tanpri, ale we kouman frè ou yo ak bèt yo ye laba a. Apre sa, tounen vin pote nouvèl yo ban mwen. Konsa, se papa l' menm ki te fè l' pati kite Fon Ebwon an. Lè Jozèf rive Sichèm,
Alò, li te di li: “Ale koulye a pou okipe afè frè ou yo ak afè bann mouton an, e vin pote nouvèl ban mwen.” Epi li te ale nan vale Hébron an e li te rive Sichem.
15 li pèdi wout li nan savann lan, li kontre ak yon nonm ki mande l': -Kisa w'ap chache konsa?
Yon mesye te twouve li, e gade byen, li t ap mache toupatou nan chan an. Konsa, mesye a te mande li: “Kisa w ap chache?”
16 Jozèf reponn li: -M'ap chache frè m' yo. Tanpri, di m' ki kote yo mennen bèt yo al manje.
Li te di: “Mwen ap chache frè m yo. Souple, fè m konnen kote yo ap fè patiraj pou bann mouton an.”
17 Nonm lan di l': -Yo te isit la wi, men yo pati deja. Mwen tande yo t'ap di yo pral Dotan. Jozèf pati dèyè frè l' yo, li jwenn yo Dotan.
Alò, mesye a te di: “Yo te deplase isit la, paske mwen te tande yo di: ‘Annou ale Dothan.’” Epi Joseph te swiv frè li yo, e li te twouve yo Dothan.
18 Men, anvan Jozèf te rive, yo te gen tan wè l' byen lwen ap vini. Yo fè konplo pou yo touye l'.
Lè yo te wè li depi nan distans, e avan li te parèt kote yo, yo te fè konplo pou mete li a lanmò.
19 Yonn di lòt: -Men nonm ki renmen fè rèv la ap vini.
Yo te di youn ak lòt: “Men sila ki fè rèv la ap vini!
20 Annou wè. N'ap touye l', n'ap jete kadav la nan yonn nan pi yo. Epi n'a di se bèt nan bwa ki touye l'. Konsa n'a wè si sa l' te wè nan rèv li yo va rive vre.
Alò, koulye a, annou touye li e jete li nan youn nan fòs yo, e nou va di: ‘yon bèt sovaj te devore li.’ Koulye a annou wè kisa rèv li yo ap devni!”
21 Woubenn t'ap koute yo, li t'ap chache yon jan pou sove Jozèf anba men yo. Li di yo: -Piga nou touye l'.
Men Reuben te tande sa, li te retire li nan men yo, e li te di: “Annou pa pran lavi li.”
22 Pa fè san koule. Ann voye l' jete nan pi sa a ki nan dezè a. Men, pa leve men sou li. Li t'ap di yo sa paske li te fè lide sove l' anba men yo pou l' te voye l' tounen bay papa l'.
Reuben te di yo anplis de sa: “Pa vèse san. Jete li nan twou sila ki nan dezè a, men pa mete men sou li” —akoz lentansyon li te gen pou fè l chape nan men yo, pou l ta kapab remèt li bay papa l.
23 Lè Jozèf rive bò kote frè l' yo, yo wete bèl varèz long ak manch ki te sou li a.
Alò li te rive ke lè Joseph te rive kote frè li yo, yo te retire vètman an sou li, (sa ki te gen anpil koulè ladann nan);
24 Yo pran l', yo jete l' nan pi a. Pi a te vid, li pa t' gen dlo.
epi yo te pran li e yo te jete li nan fòs la. Alò fòs la te vid e li pa t gen dlo ladann.
25 Apre sa, yo chita pou yo manje. Pandan yo leve je yo, konsa yo wè yon kolonn moun Izmayèl ki t'ap vwayaje. Yo te soti Galarad. Chamo yo te chaje ak gonm bwa, lansan ak lami yo t'ap pote al vann nan peyi Lejip.
Alò, yo te chita pou manje yon manje. Epi pandan yo te leve zye yo, yo te gade, e vwala, yon ekip Izmayelit ki t ap sòti Galaad, avèk chamo ki t ap pote yon chaj gòm awomatik, bòm avèk mè pou rive an Égypte.
26 Jida di frè l' yo konsa: -Sa sa ap rapòte nou pou nou touye frè nou an epi apre sa pou nou kache sa?
Juda te di a frè li yo: “Ki avantaj sa ye si nou touye frè nou an, e kache san li?
27 Annou vann li ak moun Izmayèl yo. Konsa nou p'ap bezwen leve men nou sou li. Apre tou, se frè nou li ye, se menm san ak nou. Frè l' yo tonbe dakò.
Vini, annou vann li bay Izmayelit yo e annou pa mete men nou sou li, paske li se frè nou, pwòp chè nou.” Epi frè li yo te koute li.
28 Lè machann Madyan yo vin ap pase, yo rale Jozèf moute sot nan pi a. Yo vann li ak moun Izmayèl yo pou vin pyès lajan. Moun Izmayèl yo menm mennen l' nan peyi Lejip.
Alò, kèk nan machann Madyanit yo te pase, epi frè l yo te rale li soti nan fòs la e te vann li bay Izmayelit yo pou ven sik lajan. Konsa yo te mennen Joseph antre an Égypte.
29 Lè Woubenn tounen nan pi a, li pa jwenn Jozèf ladan l'. Sa te fè l' lapenn anpil. Li chire rad ki te sou li a.
Alò, Reuben te retounen nan fòs la, e gade byen, Joseph pa t la nan fòs la; epi li te chire rad li.
30 Li tounen al jwenn frè li yo, li di yo: -Ti gason an pa nan pi a non! Kisa m' pral fè koulye a?
Li te retounen vè frè li yo e te di: “Ti gason an pa la non; e pou mwen menm, kibò pou m ale?”
31 Yo touye yon bouk kabrit, yo pran bèl varèz Jozèf la, yo tranpe l' nan san an.
Konsa, yo te pran vètman Joseph la, yo te kòche yon mal kabrit, e yo te tranpe vètman an nan san an.
32 Yo voye varèz la bay papa yo ak komisyon sa a: -Men sa nou jwenn. Gade wè si se pa varèz pitit gason ou lan.
Yo te voye vètman anpil koulè a pote li bay papa yo e yo te di: “Nou te twouve sa a. Souple, gade l byen e wè si se vètman a fis ou a oswa non.”
33 Jakòb rekonèt rad la, li di: -Men wi, se varèz pitit gason m' lan. Se yon bèt nan bwa ki devore l'. Bèt la dechèpiye l' nèt.
Li te egzamine li e te di: “Se vètman fis mwen an. Yon bèt sovaj gen tan devore li. Joseph vrèman gen tan chire an mòso!”
34 Sa ou tande a, yon sèl lapenn pran Jakòb, li chire rad ki te sou li, li mare yon tanga sak nan ren li. Li pase kèk tan ap kriye pou pitit gason l' lan.
Alò, Jacob te chire rad li, li te mete twal sak nan ren li, e li te pase anpil jou ap lamante pou fis li a.
35 tout lòt gason l' yo ansanm ak pitit fi l' yo te vin ba l' kouraj, men li te refize tande sa yo t'ap di l'. Li t'ap plede repete: -M'ap kriye pou pitit gason m' lan jouk m al jwenn li lè m'a mouri. Se konsa li t'ap kriye pou pitit gason l' lan. (Sheol )
Alò, tout fis li yo, ak tout fi li yo te leve pou konsole li, men li te refize konsole. Epi li te di: “Vrèman mwen va desann kote fis mwen an, kote sejou mò yo ak lamante pou fis mwen an.” Epi papa li te kriye pou li. (Sheol )
36 Pandan tout tan sa a, moun Madyan yo te gen tan vann Jozèf nan peyi Lejip ak Potifa, yonn nan chèf lame farawon an. Se li menm ki te kòmandan gad palè yo.
Antretan, Madyanit yo te vann li an Égypte a Potiphar, ofisye Farawon an, chèf nan kò gad la.